Nimewo Idantifikasyon Anplwayè

Yon lòt non pou Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) se Nimewo Idantifikasyon pou Taks; yo itilize sa pou yo idantifye yon antite ki se yon biznis. Jeneralman, yon biznis dwe gen yon EIN. Gen plizyè fason ou kapab aplike pou mande yon EIN; aktyèlman ou kapab aplike sou entènèt. Sa se yon sèvis gratis ke Internal Revenue Service (Sèvis Revni Entèn) ofri; ou kapab resevwa EIN ou imedyatman. Ou dwe pran ransèyman nan men eta (state) (an anglè) kote ou rezide a pou konnen byen si ou bezwen yon nimewo eta (state) oswa yon branch eta (state).

Fè Demann yon EIN Sout Entènèt

Pran enfòmasyon konsènan demand EIN ki fèt sou entènèt epi nan mòd entèvyou ke nou ofri a. Ou pa bezwen depoze okenn Fòm SS-4! Nou poze ou kesyon yo epi ou ba nou repons yo. Aplikasyon an gen ladan li deseri sije asistans entegre, mo kle ki transfòme an lyen entènèt, epi ak definisyon; kidonk ou pa bezwen okenn lòt enstriksyon apa. Aprè yo fin fè tout validasyon yo, ou ap resevwa EIN ou a imedyatman aprè ou fini. Aprè sa a ou kapab telechaje, sovgade, epi enprime avi konfimasyon ou resevwa a. Sa rapid, gratis, epi fasil pou moun itilize!

Tout demand EIN (kit se pa lapòs, faks, oswa elektwonik) oblije deklare non ak Nimewo Idantifikasyon Kontribyab (SSN, ITIN, oswa EIN) responsab toutbon an, patenè jeneral la, sedan an, pwopriyetè a, oswa fidisyan an. Moun sa a oswa antite sa a, ke IRS ap rele "pati responsab" la, li kontwole, jere, oswa dirije antite ki ap fè demand lan ak distribisyon fon ak byen antite a posede. Sof nan sitiyasyon kote moun ki ap fè demand lan se yon antite gouvènmantal, pati reponsab la se yon moun (sa vle di yon pèsòn natirèl) li dwe ye, li pa ka yon antite.

Ou ap Fè Demann pou Estati ki Egzan nan Taks?

Li pi bon pou fè sèten ke òganizasyon w lan fòme nan fason legal avan ou fè demand yon EIN. Preske tout òganizasyon soumèt anba revokasyon otomatik estati ki egzan nan taks yo si yo pa rive depoze yon deklarasyon revni oswa avi obligatwa pandan twa zan konsekitif. Lè ou ap fè demand yon EIN, nou prezime ke ou fòme nan fason legal epi nou kòmanse konte jou pou peryòd twa zan sa a menm la a.

Lè Pwopriyetè oswa Estrikti Biznis la Chanje

Jeneralman, yon biznis dwe gen yon nouvo EIN lè pwopriyetè li oswa estrikti li chanje. Ale gade nan paj "Eske Ou Bezwen Yon Nouvo EIN? (an anglè)" a pou ka detèmine si ka sa a aplikab pou biznis pa w la.

Verifye EIN Ou

Si ou vle verifye EIN ou, gade nan paj ki titre Ou Pèdi oswa Egare Nimewo EIN Ou? (an anglè) a pou ka jwenn enstriksyon sou sa.

Limitasyon Pa Jou Konsènan Nimewo Idantifikasyon Anplwayè

Apati 21 Me 2012, pou li ka asire tretman san patipri e ekitab pou tout kontribyab, Internal Revenue Service (Sèvis Revni Entèn) ap limite distribisyon Nimewo Idantifikasyon Anplwayè (EIN) a yon sèl nimewo pa pati responsab (an anglè) pa jou. Limitasyon sa a aplikab pou tout demand EIN kit se sou entènèt oswa pa faks oswa pa lapòs. Nou prezante eskiz nou pou tout enkonvenyans sa ka lakoz.