Si IRS ba w yon EIN men ou pat mande l, tcheke pou wè si yon moun te mande l pou ou pou yon rezon biznis lejitim. Sa a ta ka gen ladan:
- Konjwen oswa yon lòt manm fanmi
- Klib kominotè oswa asosyasyon
- Kontab
- Patnè biznis oswa asosye
- Bank oswa egzekitè yon fiduci
Men kèk egzanp objektif biznis lejitim pou jwenn yon EIN se:
- Peye pou swen sante lakay ou oswa lòt sèvis lakay ou
- Antre nan yon patenarya oswa kreye yon konpayi
- Prepare deklarasyon enpo yon asosyasyon kominotè
- Kreye yon fiduci oswa yon lòt antite fiskal atravè yon bank oswa egzekitè
Vòl idantite
Si w eskli itilizasyon lejitim epi w kwè ke yon moun te itilize idantite w fwodman pou l ka jwenn yon EIN, Si w detèmine ke yo te mal itilize idantite w pou jwenn yon EIN, renpli Fòm 14039-B, Afidavi pou Vòl Idantite Biznis (an anglè) PDF, oswa kontakte nou nan 800-908-4490.