Ranpli Deklarasyon Enpo ki Anreta

Ranpli tout deklarasyon enpo ki poko fèt yo, kit ou ka peye tout lajan ki dwe a kit ou pa kapab. Depoze deklarasyon ki an reta yo menm jan w t ap fè sa pou pou yon deklarasyon ki fèt alè. 

Si w te resevwa yon avi (an anglè), asire w ou voye deklarasyon ki anreta a kote ki endike nan avi w te resevwa a.

Poukisa W ta Dwe Ranpli Deklarasyon W ki Anreta Kounye a

Evite enterè ak penalite

Depoze deklarasyon ki anreta a epi peye kounye a pou limite enterè ak penalite y ap chaje yo.

Reklame yon Ranbousman

Ou riske pèdi ranbousman w si w pa ranpli deklarasyon w. Si w gen pou w jwenn yon ranbousman akoz prelèvman oswa enpo estime w te peye, ou dwe ranpli deklarasyon w lan pou w reklame li nan limit 3 zan apre dat delè a. Menm règ la aplike pou yon dwa pou reklame kredi enpo tankou Kredi sou Revni w Touche.

Nou kenbe ranbousman enpo sou revni nan ka kote dosye nou yo montre youn oswa plizyè deklarasyon enpo sou revni poko deklare. Nou kenbe yo jiskaske nou jwenn yon deklarasyon ki potko fèt oswa nou resevwa yon rezon akseptab ki fè yo pa ranpli deklarasyon an.

Pwoteje Benefis Sekirite Sosyal

Si w se yon travayè endepandan epi w pa ranpli deklarasyon enpo sou revni federal ou a, yo pap rapòte okenn revni travay endepandan ou te touche bay Administrasyon Sekirite Sosyal la, epi w pap resevwa kredi pou benefis retrèt oswa andikap Sekirite Sosyal.

Evite Pwoblèm pou Jwenn Prè

Apwobasyon prè yo ka retade si w pa ranpli deklarasyon w. Yo dwe bay kopi deklarasyon enpo ki depoze yo bay enstitisyon finansye yo, antite ki bay ipotèk/koutye, elatriye, chak fwa w vle achte oswa refinanse yon kay, jwenn yon prè pou yon biznis, oswa aplike pou èd federal pou edikasyon siperyè.

Si w Dwe Plis Pase w Ka Peye

Si w pa kapab peye sa w dwe a, ou ka mande yon delè 60-120 jou pou peye kont ou a an antye pa mwayen aplikasyon Akò Peman Anliy lan oswa lè w rele 800-829-1040; yo pap fè w peye okenn frè itilizatè pou sa. Si w bezwen plis tan pou peye, ou ka mande yon akò vèsman oswa ou ka kalifye pou yon pwopozisyon konpwomi.

E Si W Chwazi Pa Ranpli

Deklarasyon Ranplasan 

Si w pa ranpli, nou ka ranpli yon deklarasyon ranplasan pou ou. Deklarasyon sa a ka pa ba w kredi pou dediksyon ak egzanpsyon ou ta ka gen dwa resevwa. N ap voye yon Avi Defisyans CP3219N (an anglè) ba ou (lèt 90 jou) k ap pwopoze yon evalyasyon fiskal. W ap gen 90 jou pou w depoze deklarasyon enpo ki pa ranpli a oswa pou w depoze yon petisyon nan Tribinal enpo a. Si w pa fè anyen, n ap kontinye ak evalyasyon nou pwopoze a. Si w te resevwa avi CP3219N (an anglè) nan, ou pa ka mande yon ekstansyon pou w ranpli. 

Si nenpòt nan revni ki nan lis la pa kòrèk, ou ka fè bagay sa yo:

  • Kontakte nou nan 866-681-4271 pou fè nou konnen.
  • Kontakte moun ki peye (sous) revni a pou mande yon Fòm W-2 oswa 1099 korije.
  • Tache fòm korije yo lè w voye yon deklarasyon enpo konplè ban nou.

Si IRS ranpli yon deklarasyon ranplasan, li toujou nan enterè w pou ranpli pwòp deklarasyon enpo w pou pwofite nenpòt egzanpsyon, kredi ak dediksyon ou gen dwa resevwa. Anjeneral, IRS pral ajiste kont ou pou reflete chif ki kòrèk yo.

Aksyon Koleksyon ak Ranfòsman

Deklarasyon nou prepare pou ou a (evalyasyon nou pwopoze a) ap mennen nan yon bòdwo enpo, ki, si yo pa peye l, pral deklanche pwosesis koleksyon an. Sa ka gen ladan l aksyon tankou yon prelèvman sou salè w oswa kont labank oswa depoze yon avi sou privilèj enpo federal.

Si w pa deklare plizyè fwa, ou ka sibi lòt konsekans legal, tankou penalite adisyonèl ak/oswa pouswit kriminèl.

Èd pou Depoze Deklarasyon ki Anreta

Pou jwenn èd pou ranpli, rele 800-829-1040 oswa 800-829-4059 pou TTY/TDD

Si w bezwen enfòmasyon salè ak revni pou ede w prepare yon deklarasyon ki anreta, ranpli Fòm 4506-T, Request for Transcript of Tax Return (an anglè), epi tcheke kare liy 8 la. Ou ka kontakte patwon w oswa moun ki peye revni w lan tou.

Si w bezwen enfòmasyon ki soti nan yon deklarasyon enpo pou yon ane ki pase deja, itilize sèvis Jwenn Dosye Fiskal ou  a pou mande yon deklarasyon oswa transkripsyon kont ou.

Jwenn sou entènèt fòm ak enstriksyon enpo  (an anglè) pou w ranpli deklarasyon w ki anreta, oswa kòmande yo lè w rele 800-TAX-FORM (800-829-3676) oswa 800-829-4059 pou TTY/TDD

Si w gen difikilte pou w prepare deklarasyon w lan, ou ka elijib pou jwenn asistans nan pwogram Volontè Asistans Enpo sou Revni (VITA) oswa pwogram Konsèy Enpo pou Moun Aje (TCE). Gade Preparasyon Deklarasyon Enpo Gratis pou Kontribyab Kalifye pou plis enfòmasyon.

Deja Depoze Deklarasyon W Ki Anreta

Si w te resevwa yon avi, ou ta dwe voye ban nou yon kopi deklarasyon ki anreta a nan adrès ki endike a.

Li pran apeprè 6 semèn pou nou trete yon deklarasyon enpo ki byen ranpli.