Ou pa t resevwa oswa ou pèdi PIN pou Pwoteksyon Idantite w (IP PIN)?

Si yo te ba ou yon PIN pou Pwoteksyon Idantite (IP PIN) epi ou pèdi li oswa ou pa t resevwa yon avi CP01A (an anglè), w ap bezwen rekipere IP PIN ou sou entènèt oswa fè yo voye l ankò pa lapòs. 

Nou p ap voye IP PIN ou a (avi CP01A (an anglè)) si

  • Ou te enskri nan pwogram IP PIN sou entènèt apre 2019.
  • Nou pa gen yon adrès valab nan dosye nou pou ou.
  • Ou pa te ranpli yon deklarasyon nan twa dènye ane yo.

Remak: Si nenpòt nan atik ki anwo yo aplike pou ou, ou dwe konekte sou kont sou entènèt ou pou wè IP PIN ou oswa kontakte nou pou nou ka voye IP PIN ou ba ou pa lapòs.

Ranpli deklarasyon san IP PIN ou ap lakòz reta nan pwosesis la

Si ou ranpli deklarasyon ou san IP PIN ou

  • Deklarasyon elektwonik ou a ap rejte.
  • Deklarasyon sou papye ou a ap egzamine pou verifye idantite w, sa ki ka lakòz reta nan resevwa ranbousman w lan.

Yo te ba ou yon IP PIN si

  • Ou se yon viktim ki konfime nan vòl idantite ki gen rapò ak enpo.
  • Ou te chwazi enskri pou resevwa yon IP PIN.

Kòman  pou rekipere IP PIN ou sou entènèt

  • Ou ka itilize kont sou entènèt ou pou rekipere IP PIN aktyèl la. IP PIN ou disponib atravè paj “Profile” ou a. Si ou poko gen yon kont sou IRS.gov, y ap mande ou pou kreye yon kont epi valide idantite ou anvan ou ka wè IP PIN ou.

Remak: Yon IP PIN ki pou yon minè (ki poko gen 18 an) pa ka rekipere sou entènèt si li pèdi oswa si yo pa resevwa li; ou dwe rele nou pou fè yo voye IP PIN li ankò pa lapòs.

Kòman yo ka bay ou IP PIN ou an ankò

Etazini, moun k ap rele yo: 800-908-4490, Lendi-Vandredi, 7 a.m. rive 7 p.m. lè lokal (Alaska ak Awayi suiv Lè Pasifik).

Entènasyonal, moun k ap rele yo: 267-941-1000 (li pa gratis) Lendi jiska Vandredi ant 6 a.m. ak 11 p.m. ET.

Remak: Si ou ka verifye idantite ou avèk yon asistan nan telefòn, y ap voye IP PIN ou pa lapòs nan 21 jou nan adrès IRS genyen nan dosye a.

IP PIN ou a pa kapab vini ankò pa lapòs si 

  • Ou te enskri nan pwogram IP PIN lan pou premye fwa pandan ane kalandriye aktyèl la.
  • Yo mande l pandan peryòd antretyen fen ane IP PIN lan. Sa fèt anjeneral soti novanm rive mitan janvye chak ane, men sa ka varye.

Si yo pa ka voye IP PIN ou ankò pa lapòs epi ou pa ka kreye oswa jwenn aksè nan yon kont sou entènèt, voye yon deklarasyon enpo sou papye pa lapòs san IP PIN ou. N ap egzamine deklarasyon ou pou konfime ou te ranpli li, men sa ka retade ranbousman ou.

Pa ranpli Fòm 15227 si yo te deja ba ou yon IP PIN. Fòm sa a se sèlman pou nouvo demann pou antre nan pwogram IP PIN lan.