Peye enpo yo pa transfè bankè menm-jou a

Nou ka aksepte peman pa transfè bankè menm-jou li te soumèt la. Kontakte enstitisyon finansye ou pou konnen disponiblite, frè, ak lè limit yo.

Kijan pou peye pa transfè bankè Ozetazini

Ranpli Fèy Travay Kontribyab Menm-jou a (an angle) PDF epi bay li nan enstitisyon finansye w la. 

Pou peye pou plis pase yon fòm enpo oswa peryòd enpo, ranpli yon fèy travay separe pou chak peman.

Enstitisyon finansye ou ka jwenn èd pou fòma ak pwosesis nan Manyèl Enstitisyon Finansye a (an anglè) PDF.

Kijan pou peye pa transfè bankè deyò peyi Etazini

Jwenn etap yo ak kòd kalite enpo yo pou fè peman elektwonik aletranje (an anglè)

Lòt opsyon peman elektwonik

Fè peman elektwonikman ak kont labank, kat debi oswa kredi, oswa bous dijital.