Peye enpo sou biznis nan kont labank ou avèk Peye Dirèk.
- Gratis ak sekirite
- Pa gen siyen obligatwa
- Chanje oswa anile nan lespas 2 jou peman pwograme
Peye enpo sou biznis
Peye balans dwe, depo enpo federal yo ak lòt enpo sou revni federal yo.
Gade yon peman
Tcheke, chanje oswa anile yon peman. Ou ka wè sèlman yon sèl peman alafwa.
Mete nimewo konfimasyon ou ak EIN pare.
Chèche yon peman enpo biznis (an anglè)
Gade istwa peman ak balans nan kont enpo sou biznis ou.
Disponibilite sistèm nan
Peye Dirèk disponib pou biznis yo chak jou soti 12 a.m. rive 11:45 p.m. ET.
Enfòmasyon sou peman ou
Sove nimewo konfimasyon ou
Ou pral bezwen li pou gade, chanje oswa anile peman ou.
Ou ka chwazi tou pou resevwa yon imèl konfimasyon nan Peye Dirèk.
Ou jwenn yon nimewo konfimasyon pou chak peman ou fè nan Peye Dirèk.
Chanje oswa anile peman ou
Ou ka chanje oswa anile yon peman nan lespas 2 jou nan dat peman pwograme.
Limit yo
IRS Peye Dirèk pa aksepte plis pase 5 peman nan 24 èdtan.
Yon peman pa ka depase $10 milyon dola. Pou fè yon peman ki pi wo, sèvi ak Electwonik Sistèm Peman Enpo Federal la (EFTPS) oswa viman bank-menm jou (an anglè).