Ki jan pou konnen se IRS

Konnen ki jan ak lè nou kontakte w pou w ka pwoteje tèt ou kont moun k ap pran pòz IRS.

Siy avètisman ki montre se yon magouy

Yon apèl nan telefòn, imel oswa mesaj tèks pa soti nan IRS si li:

  • Se inatandi
  • Fè presyon sou ou pou aji prese
  • Menase ou
  • Mande pou enfòmasyon pèsonèl oswa finansye
  • Egzije w fè peman imedyatman

Yon mesaj dirèk sou rezo sosyal pa janm soti nan IRS. Swiv sèlman kont rezo sosyal IRS ki verifye yo (an anglè).

Èske ou te resevwa yon kontak ki sanble sispèk? Rapòte li ba nou.


Ki jan nou kontakte ou

Lapòs Etazini

Nou nòmalman kontakte ou premye fwa pa lapòs Sèvis Postal Etazini (U.S. Postal Service).

Gen kèk lèt yo voye ki soti nan ajans koleksyon prive yo.

Pou verifye se vrèman nou, chèche avi ak lèt IRS yo

Imèl 

Nou voye imel sèlman si ou chwazi resevwa yo (opt in).   

Nou itilize adrès imel espesifik:

  • Kont IRS notifikasyon imel yo voye soti nan adrès imel ki fini pa irs.gov.
  • Bilten Nouvèl IRS imel yo voye soti nan adrès irs@service.govdelivery.com.

Konfidansyalite Imèl IRS (an anglè)  

Mesaj tèks 

Nou voye mesaj tèks sèlman lè ou chwazi resevwa yo (opt in)

Nou itilize kòd kout espesifik nan mesaj tèks IRS yo.

Telefòn 

IRS oswa ajans koleksyon prive yo (an angle) ka rele ou pou adrese kestyon ki gen rapò ak kont ou a. 

Nan kèk ka, nou itilize mesaj telefòn otomatik. Mesaj sa yo dirije w sou IRS.gov pou ou ka jere kont ou an sekirite, fè peman, oswa rezoud yon pwoblèm. Mesaj yo pa bay detay espesifik sou kont ou.

Faks 

Nou ka voye yon faks pou verifye oswa mande enfòmasyon sou travay ou.

Vizit an pèson

Vizit sa yo pa fèt souvan.


Si nou vizite w

Vizit san avètisman yo ra. Anjeneral, nou voye yon lèt ba ou anvan nou vini.

Se sèlman kat (4) kalite anplwaye IRS yo ki ka vizite lakay ou oswa biznis ou. Chak kalite anplwaye kontakte ou nan fason ki espesifik epi yo pote kat idantifikasyon ofisyèl (ID).

Ajan revni yo se anplwaye sivil ki fè egzamen (odit) (an anglè). Yo revize dosye finansye yo pou verifye enfòmasyon ou te rapòte yo. Yo ka rankontre ou nan yon biwo IRS oswa vizite lakay ou, biznis ou, oswa biwo kontab ou. Yon vizit ka mande pou ajan an fè yon vizit nan lokal biznis ou oswa rankontre avèk reprezantan delegasyon pouvwa otorize w la (an angle).

Anvan yon vizit

Ajan an kontakte ou pa lapòs. Apre sa, li ka rele ou pou diskite sou odit ou a.

Kontak ak twazyèm pati

Si ajan an bezwen enfòmasyon nan men yon lòt moun (yon twazyèm pati), li voye yon lèt ba li. Apre sa, ajan an ka rele moun sa a. Nan kèk ka, IRS ka bay yon manda administratif (summons) pa lapòs oswa an pèsòn.

Ofisye revni yo se anplwaye sivil. Yo ede rezoud kestyon ki gen rapò ak deklarasyon enpo ak enpo ou dwe peye kòm yon pati nan pwosesis koleksyon an (an anglè). Yo enfòme w sou dwa ou, responsablite ou, opsyon ou genyen, ak konsekans ki ka genyen.

Anvan yon vizit

Ofisye a voye Lèt 725-B (an anglè) ba ou oswa rele ou pou fikse yon randevou pou yon vizit. Pou konfime randevou ou, rele nimewo telefòn ki sou lèt ou a. Yo voye plizyè avi ak lèt ba ou. Yo pral vizite ou si plizyè tantativ pou kontakte ou rete san repons.

Pandan yon vizit

Si ou dwe enpo, ou ka peye ofisye a an lajan kach, pa chèk, ak lajan sètifye, oswa ak yon manda postal (money order) ki fèt sou non "United States Treasury." Ou kapab peye tou sou entènèt.

Biznis yo

Lè ou pran reta pou peye enpo sou travay (employment tax), nou voye yon avi sou Depo Enpo Federal (FTD) ba ou. 

Ofisye a:

  • Rele ou anvan li voye yon avi sou balans ou dwe a
  • Voye Lèt 5857, FTD Kontak Telefòn pou Alèt, ki endike lè yo pral rele ou. Pou konfime oswa chanje randevou a, rele nimewo telefòn ki sou lèt la.
  • Òganize lòt swivi, si sa nesesè

IRS Kriminèl Envestigasyon (IRS-CI) yo se ajan federal ki fè respekte lalwa ki prete sèman. Yo gen otorizasyon pou mennen ankèt sou krim enpo ak lòt krim finansye ki gen rapò, tankou blanchiman lajan. Se yo menm sèlman ki se anplwaye IRS ki pote zam.

Yo kapab:

  • Vizite ou oswa rele ou san avètisman kòm yon pati nan yon ankèt kriminèl
  • Rele ou oswa voye imèl ba ou pou poze kesyon ki gen rapò ak yon ankèt kriminèl

Yo pa:

  • Travay sou dosye enpo sivil yo
  • Egzije ou fè yon peman

Si yon ajan espesyal IRS-CI vini lakay ou

Ou ka verifye idantite li avèk Zouti Verifikasyon Anplwaye IRS-CI la (an anglè). 

Nòt: Zouti sa a pa disponib pandan tout aksyon aplikasyon lalwa yo akòz konsiderasyon operasyonèl ak sekirite.

Sa a aplike sèlman pou etablisman ki nan endistri ki gen gwo regilasyon (tankou rafineri, tèminal, grosis, détaillants, ak itilizatè final yo) kote yo pwodui oswa estoke gaz taksab.

Enspektè gaz IRS yo

  • Vizite san avètisman pou fè yon entèvyou ak yon vizit nan lokal la
  • Rasanble enfòmasyon ou yo
  • Bay enfòmasyon sou fason pou respekte epi kontinye respekte lwa enpo sou gaz yo

Idantifikasyon nou pote

Ofisye revni yo, ajan revni yo, ak enspektè gaz yo pote yon kat idantifikasyon IRS bay (yon pocket commission) ansanm ak yon kat HSPD-12. Toude kat yo gen nimewo seri anplwaye a ak foto li. Ou ka mande pou wè toude.

  • Ou ka mande ajan revni yo ak enspektè gaz yo pou montre yon lòt pyès idantite tou.
  • Enspektè gaz yo mete inifòm epi yo kondi machin gouvènman an.

Ajan espesyal ankèt kriminèl yo prezante kalifikasyon ofisyèl yo kòm ajan ki fè respekte lalwa lè y ap mennen ankèt.

Si w pa santi w an sekirite, rele 911.

Si moun nan pa montre w pyès idantite sa yo oswa si w pa sèten yo otantik, rele nimewo ki sou kat ajan revni oswa ajan IRS la te ba ou a.

Ki gen rapò

Rekonèt magouy ak fwod ki gen rapò ak enpo

Rapòte yon magouy oswa yon fwod enpo

Rapòte fo imèl ak fo mesaj IRS 

Si ou te viktim yon magouy