IRS ap amelyore fason li kominike avèk ou atravè mesaj tèks. Nou voye mesaj tèks konsènan sèten sèvis IRS sèlman si ou chwazi patisipe (opt-in).
Kondisyon ak règ pou mesaj tèks yo (an anglè)
Kijan pou konnen si se nan IRS li soti
Nou sèlman voye mesaj tèks avèk pèmisyon ou.
Nou pa janm voye mesaj tèks pou mande:
- Enfòmasyon pèsonèl, finansye oswa sou kont enpo ou
- Nenpòt kalite peman
- Kòd PIN, modpas oswa nimewo kont
Nou itilize kòd kout espesifik nan mesaj tèks IRS yo. Li pi devan pou w wè kòd sa yo.
Kilè nou voye mesaj tèks yo
Si ou chwazi patisipe, nou voye mesaj tèks pou sèvis IRS sa yo:
Randevou Sant Asistans pou Kontribyab IRS (TAC)
Nou voye kèk rapèl pou randevou, konfimasyon oswa mizajou sou orè pa tèks lè ou dakò resevwa yo. Ou kapab resevwa tou mizajou pa tèks lè ou check-in pou vizit ou a ak lè se tou pa ou pou yo wè ou.
Yo voye mesaj sa yo atravè kòd kout 91040.
Jwenn yon Sant Asistans pou Kontribyab lokal
Bilten Nouvèl IRS yo
Si ou abòne, nou voye mesaj tèks ak imèl aktyalizasyon sou:
- Kominike pou Laprès IRS, Mizajou sou Lwa Enpo, ak Enfòmasyon Jeneral sou Enpo
- Pwofesyonèl Enpo, Patnè IRS ak Devlopè Lojisyèl yo
- Alèt Rapid pou sistèm IRS yo (AIR, IRIS, MeF)
- Pwofesyonèl Pewòl yo
- Biznis Nouvèl elektwonik yo (e-News)
- Plan Anplwaye yo
- Antite Gouvènman ak Egzansyon Enpo yo
- Ankèt Kriminèl IRS
- Denonsyasyon IRS
- Videyo Medya Sosyal (YouTube & X)
Yo voye mesaj sa yo atravè kòd kout 91040.
Abònman pou Bilten Nouvèl IRS yo (an anglè)
Rapèl mesaj tèks pou apèl retou IRS
Si ou chwazi resevwa yon apèl retou nan men yon ajan sèvis kliyan IRS, ou ka resevwa yon mesaj rapèl davans. Sèvis sa a disponib pou pifò sijè lè gen anpil apèl.
Mesaj sa yo voye atravè kòd kout 34381.
Si ou resevwa yon tèks sispèk
Pa reponn oswa klike sou okenn lyen. Rapòte mesaj tèks la ban nou (an anglè).
Kijan pou w sispann resevwa mesaj tèks IRS yo
Pou sispann resevwa mesaj tèks, reponn "STOP" sou telefòn ou. N ap voye yon mesaj pou konfime ou vle sispann. Ou ka enskri ankò nenpòt ki lè.
Si ou chanje nimewo telefòn ou
Ou pral bezwen re-abòne nan sèvis la.
Resous
Kijan pou konnen se IRS (an anglè)