IRS, patnè Somè Sekirite yo avèti kontribyab yo sou nouvo eskwokri; sèvis livrezon pa lapòs ki sispèk yo k ap eseye twonpe moun yo pou yo voye foto, enfòmasyon sou kont labank

IR-2023-123, 3 Jiyè 2023

WASHINGTON ― Sèvis Revni Entèn lan te avèti kontribyab yo jodi a pou yo rete vijilan pou yon nouvo mesaj eskwokri ki ap eseye twonpe moun nan fè yo kwè ke yo dwe yo yon ranbousman.

Nouvo estratèj la enplike nan yon lèt ki vini nan yon anvlòp katon ki sòti nan yon sèvis livrezon. Lèt ki fèmen a gen ladan antèt IRS la ak mesaj ke avi a se "anrapò ak ranbousman ou pa reklame."

Tankou anpil eskwokri, lèt la gen ladann enfòmasyon pou kontakte ak yon nimewo telefòn ki pa pou IRS la. Men, li ap chèche tou yon pakèt enfòmasyon pèsonèl enpòtan sou kontribyab yo - ki gen ladann foto byen detaye pèmi kondwi - ke vòlè idantite yo ka itilize pou eseye jwenn yon ranbousman enpo ak lòt enfòmasyon finansye enpòtan.

Komisyonè IRS Danny Werfel te di "Sa a se sèlman sa ki pi resan an nan lis tantativ vòlè idantite yo ki ap pase pou IRS la nan lespwa pou yo twonpe moun pou moun yo bay bonjan enfòmasyon pèsonèl pou yo vòlè idantite ak lajan, ansanm ak ranbousman enpo,". "Eskwokri sa yo ka vini atravè imèl, tèks oswa menm nan kourye espesyal. Moun yo ta dwe prete atansyon nan veye siy ki montre sa yo klèman kòm eskwokri IRS."

Somè Sekirite a - yon kowalisyon ant IRS la, administratè fiskal leta yo ak endistri fiskal nasyon an - kontinye avèti moun yo pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl yo pou pwoteje yo kont vòl idantite ki gen rapò ak enpo ansanm ak eskwokri tankou sa a.

Nan nouvo eskwokri sa a, gen anpil siy avètisman ki vizib nan anpil eskwokri ki menm jan an via imel oswa pa tèks. Yon karakteristik etranj nan eskwokri sa a, se ke li ap eseye pyeje moun pou yo voye enfòmasyon pèsonèl trè detaye pa imèl oswa pa telefòn nan espwa pou yo vòlè enfòmasyon enpòtan.

Lèt la di benefisyè yo, yo bezwen bay "Enfòmasyon sou Deklarasyon" pou ranbousman yo a. Sa gen ladan kèk demann ki mal fòmile tankou sa a:

"Yon Foto Klè Pèmi Kondwi ou ki Montre Klèman Tou le Kat (4) Ang yo, Ke ou Pran nan yon Kote ki gen Bon Ekleraj."

Lèt la kontinye pou plis enfòmasyon enpòtan tankou nimewo telefòn selilè, enfòmasyon sou routage labank, nimewo Sekirite Sosyal ak kalite kont labank, ki gen yon avètisman mal ekri ki swiv apre:

"Ou Ap Bezwen Jwenn Sa a pou Jwenn Ranbousman ou an Apre ou fin Deklare. Yo Dwe Remèt sa yo a yon Ajan Deklarasyon Ki Pral Ede Ou Soumèt Reklamasyon Pwopriyete ou ki pa Reklame a. Yon fwa ou Voye Tout Enfòmasyon yo, Tanpri Eseye Fè Tchèk nan Imèl ou pou Repons Ajan yo Mèsi"

Lèt sa a gen yon varyete siy avètisman, tankou ponktiyasyon ki dwòl ak yon melanj de polis ansanm ak erè.

Pa egzanp, lèt la di dat limit pou ranpli ranbousman enpo yo se 17 Oktòb; dat limit pou moun ki sou ekstansyon pou deklarasyon enpo 2022 yo se de preferans 16 Oktòb, epi sila yo ke yo dwe ranbousman ane pase yo gen tan ki depase sa. Epi IRS la jere ranbousman enpo, pa "pwopriyete ki pa reklame."

Rapèl enpòtan sou eskwokri

IRS la ak Patnè Somè Sekirite yo avèti moun sou eskwokri komen yo regilyèman, ki gen ladan lis Douzèn Delwayal IRS la (an anglè).

Kontribyab yo ak pwofesyonèl fiskal yo ta dwe vijilan pou fo kominikasyon k ap pase pou òganizasyon lejitim yo nan kominote fiskal la ak finansye a, tankou IRS la ak eta yo. Mesaj sa yo ka rive sou fòm yon tèks oswa imèl endezirab pou atire viktim ki pa mefyan yo nan bay enfòmasyon pèsonèl ak finansye enpòtan ki ka mennen a vòl idantite, ki gen ladan phishing ak smishing.

IRS la pa janm antre an kontak ak kontribyab yo pa imèl, tèks oswa medya sosyal konsènan yon bòdwo oswa ranbousman enpo.

Kòm yon rapèl: Pa janm klike sou okenn kominikasyon endezirab ki pretann yo se IRS la kòm li ka chaje lojisyèl malveyan pa anba. Li ka yon fason tou pou yon pirat malentansyone mete viris ki anpeche itilizatè lejitim lan jwenn aksè nan sistèm nan ak nan dosye yo.

Patikilye yo pa ta dwe janm reponn a èskrokri ki gen rapò ak enpo oswa smishing oswa klike sou lyen URL la. Olye de sa, yo ta dwe voye imèl la oswa yon kopi tèks la/SMS kòm yon atachman sou phishing@irs.gov. pou rapòte eskwokri a. Rapò a ta dwe gen ladan ID moun kap rele a (imèl oswa nimewo telefòn), dat, lè ak fizo orè, ak nimewo ki te resevwa mesaj la.

Kontribyab yo kapab rapòte eskwokri yo tou bay Enspektè Jeneral Trezò pou Administrasyon Fiskal (an anglè) oswa Sant Plent pou Krim sou Entènèt (an anglè). Paj Siyale Eskwokri ak Anak Anliy yo sou IRS.gov la bay tout detay yo. Kontwòl Sekirite pou Telefòn Entèlijan (an anglè) Komisyon Kominikasyon Federal lan se yon zouti itil kont menas sekirite mobil.

IRS la avèti kontribyab yo tou pou yo mefye yo de mesaj ki sanble de zanmi yo oswa fanmi yo men ki se petèt kont imel oswa tèks yo vòlè oswa konpwomèt pou yon moun yo konnen. Sa a rete yon fason popilè pou sible patikilye yo ak preparatè enpo pou yon varyete eskwokri. Patikilye yo ta dwe verifye idantite emetè a avèk yon lòt metòd kominikasyon; pa egzanp, lè rele yon nimewo yo konnen ki egzat, pa nimewo yo bay nan imèl la oswa tèks la.