Skip to main content

Dediksyon pou batiman komèsyal ki efikas nan jesyon enèji

Lwa sou Rediksyon Enpo pou Fanmi k ap Travay yo mete fen nan dediksyon pou byen batiman komèsyal ki efikas nan jesyon enèji, pou konstriksyon yo kòmanse apre 30 Jen 2026. Règ ki anba yo kontinye aplike pou byen konstriksyon yo kòmanse nan dat 30 Jen 2026 oswa anvan dat sa a.

Pwopriyetè batiman yo ki mete batiman komèsyal ki efikas nan jesyon enèji (EECBP) oswa batiman komèsyal ki modènize ki efikas nan jesyon enèji (EEBRP) ka gen posiblite pou reklame yon dediksyon enpo.

Yo pèmèt dediksyon an dapre Seksyon 179D Kòd Revni Entèn (IRC). 

Yon dediksyon ki pi gwo ka disponib pou plis ekonomi enèji lè konstriksyon an satisfè kondisyon konsènan salè nòmal ak aprantisaj yo.

Sou paj sa a

Kiyès ki kalifye

Pou byen konstriksyon yo kòmanse nan dat 30 Jen 2026 oswa anvan dat sa a, epi ki satisfè lòt kondisyon Seksyon 179D yo, dediksyon an disponib pou ane enpo ki kòmanse 1ye Janvye 2023 oswa apre dat sa a pou:

  • Pwopriyetè batiman komèsyal ki kalifye yo
  • Moun ki kreye EECBP/EEBRP ki enstale nan batiman antite espesifik ki egzante de enpo yo, ki gen ladan l sètèn antite gouvènman, gouvènman tribi Endyen yo, Sosyete Natifnatal Alaska yo ak lòt òganizasyon ki egzante de enpo yo posede

Anvan 2023, diksyon an te disponib anvan sa, sèlman pou pwopriyetè batiman komèsyal ki kalifye, ak moun ki kreye EECBP ki enstale nan batiman sètèn antite gouvènman yo posede yo.

Byen batiman ki kalifye 

Règ kalifikasyon ki annapre yo aplike:

Konstriksyon an dwe kòmanse nan dat 30 Jen 2026 oswa anvan dat sa a.

Yo dwe enstale EECBP sou oswa nan yon batiman ki sitiye Etazini ak nan kad yon Estanda Referans 90.1 Sosyete Ameriken pou Enjenyè Chofaj, Refrijerasyon, ak Èkondisyone (ASHRAE) espesifye ak Sosyete Enjenyè Illuminating Amerik di Nò a. Li dwe yon pwopriyete kote depresyasyon oswa amòtisaman an akseptab pou li, epi enstale kòm yon pati nan:

  • Sistèm Ekleraj Enteryè yo,
  • Sistèm pou chofaj, refwadisman ak vantilasyon yo, oswa
  • Anvlòp batiman an

Li dwe sètifye kòm ke yo te enstale l nan kad yon plan pou redwi totalite enèji anyèl ak pri kouran pou sistèm ki anwo yo de 25% oswa plis an konparezon ak yon batiman referans ki ranpli kondisyon minimòm Estanda Referans 90.1 la.

Yo dwe enstale EEBRP a sou oswa nan yon batiman ki kalifye kòm yon pati nan:

  • Sistèm Ekleraj Enteryè yo,
  • Sistèm pou chofaj, refwadisman ak vantilasyon yo, oswa
  • Anvlòp batiman an

Pou EEBRP yon batiman ki kalifye se yon batiman ki sitiye Etazini epi yo te mete l an sèvis okòmansman omwens 5 lane anvan etablisman yon plan modènizasyon ki kalifye pou batiman an. EEBRP a dwe yon pwopriyete kote depresyasyon oswa amòtisman an akseptab pou li, epi li dwe sètifye kòm li ranpli sèten kondisyon ekonomi enèjitik.

Montan dediksyon an pou 2023 ak apre

Pou byen yo mete an sèvis an 2023 ak an apre yo – depi konstriksyon an kòmanse nan dat 30 Jen 2026 oswa anvan dat sa a – dediksyon pou EECBP an egal ak pi piti a nan:

Depans pou byen yo enstale a

OSWA

Yo kalkile ekonomi maksimòm pou chak pye kare konsa (endèks chak ane pou enflasyon k ap kòmanse nan 2023):

  • $0.50 pa pye kare pou yon batiman ki gen 25% ekonomi nan jesyon enèji
  • Plis $0.02 pa pye kare pou chak pwen pousantaj ekonomi nan jesyon enèji ki depase 25%
  • Jiska yon maksimòm $1.00 pa pye kare pou yon batiman ki gen 50% ekonomi nan jesyon enèji
  • Montan pou pye kare sa yo ogmante anpil si kondisyon konsènan Salè Nòmal ak Aprantisaj (PWA) yo satisfè.

Depans yo te dedwi nan 3 ane ki sot pase yo (4 ane pou yon dediksyon yo atribiye) diminye dediksyon maksimòm nan anvan yo kalkile dediksyon ane ankou a.

Valè dola aplikab yo itilize pou detèmine alokasyon maksimòm dediksyon an pou pwopriyete yo mete an sèvis apati 1ye Janvye 2023 oswa apre, se fason sa a:

Ane enpoDediksyon bazReyinyon Dediksyon PWA$/sf pou chak pousan ogmantasyon
2023$0.54 a $1.07/sf$2.68 a $5.36/sf

$0.02 pa gen PWA,

$0.10 avèk PWA

2024$0.57 a $1.13/sf$2.83 a $5.65/sf

$0.02 pa gen PWA,

$0.11 avèk PWA

2025$0.58 a $1.16/sf$2.90 a $5.81/sf

$0.02 pa gen PWA,

$0.12 avèk PWA

2026$0.59 a $1.19/sf$2.97 a $5.94/sf$0.02 pa gen PWA,
$0.12 avèk PWA

Montan ki nan tablo ki anwo a soti nan direktiv ajisteman - enflasyon ki aplikab pou seksyon 179D jan paj entènèt sa yo site yo:

Salè nòmal ak bonis pou aprantisaj

Apati 2023, se yo ki peye salè lokal minimòm yo epi kondisyon aprantisaj yo ranpli, gen yon dediksyon maksimòm ki ogmante ki aplike. Valè dola aplikab yo itilize pou detèmine alokasyon maksimòm dediksyon an ogmante pou rive apeprè 5 fwa montan debaz la (yo ajiste l chak ane selon enflasyon).

Chache konnen plis detay nan TD 9998 (an anglè).

Montan dediksyon an pou 2022 ak anvan

Pou byen yo te mete an sèvis anvan 1ye Janvye 2023, dediksyon an limite a $1.80 pa pye kare (revalorize pou enflasyon apre 2020) pou batiman ki gen 50% ekonomi nan jesyon enèji. Yon dediksyon pasyèl disponib sou kèk byen.

Tout depans yo dedwi nan ane anvan yo, dedwi nan limit lan anvan yo kalkile dediksyon pou ane aktyèl la.

Chache detay sou kondisyon pou byen yo mete an sèvis anvan 1ye janvye 2023:

Nòm ASHRAE yo

Dapre Lwa Rediksyon Enflasyon an, yo dwe mezire ekonomi enèjitik yo parapò a nòm ASHRAE ki pi resan an ke Sekretè Trezò a konfime pa pi ta pase dat ki se 4 ane anvan dat yo mete byen an an sèvis. 

 Pou byen yo mete an sèvis apre 31 Desanm 2026 epi konstriksyon yo te kòmanse apre 31 Desanm 2022, Nòm ASHRAE 90.1-2019 la aplike.

Pou byen konstriksyon yo te kòmanse anvan 1ye Janvye 2023, oswa yo mete an sèvis anvan 1ye Janvye 2027, Nòm ASHRAE 90.1-2007 la aplike.

Pou detay yo, gade Sikilè 2024-24 (an anglè).

Ki gen rapò