Chèche konnen kijan pou enskri kòm yon Ofisyèl Deziyen oubyen otorize yon Itilizatè Deziyen nan yon Kont Enpo Biznis.
Nivo aksè a depann de wòl moun nan ak kalite antite a:
Ofisyèl Deziyen
Yon Ofisyèl Deziyen kapab:
- Jwenn aksè a tout detay kont lan
- Aji nan non antite ki nan kont lan
- Ajoute epi jere aksè pou Itilizatè Deziyen yo
- Retire yon lòt Ofisyèl Deziyen nan kont lan
Sosyete S ak Sosyete C
Yon Ofisyèl Deziyen dwe gen tout bagay sa yo:
- Yon ofisye (prezidan, vis prezidan, PDG, Direktè Finansye, Direktè Operasyon, sekretè, trezorye) oswa yon manm jesyon antite a
- Yon anplwaye aktyèl ki te resevwa yon W-2 pou dènye ane deklarasyon enpo a
- Otorize pou angaje biznis la oswa antite a legalman
Patenarya
Yon Ofisyèl Deziyen dwe youn nan moun sa yo:
- Yon patnè jeneral
- Yon patnè direktè nan LLC a
Antite gouvènman an
Yon Ofisyèl Deziyen dwe youn nan sa yo:
- Yon ofisyèl eli
- Direktè Taksasyon an
- Yon ofisyèl nonmen
Òganizasyon ki egzante de enpo
Yon Ofisyèl Deziyen dwe youn nan moun sa yo:
- Yon ofisye nan òganizasyon an (prezidan, vis prezidan, trezorye, sekretè, Direktè Jeneral (CEO), Direktè Finansye (CFO), Direktè Operasyon (COO))
- Yon prezidan Konsèy Administrasyon
- Yon fidisyè (trustee) yon fidisi (trust)
Gouvènman Tribi Endyen an
Yon Ofisyèl Deziyen dwe youn nan moun sa yo:
- Prezidan, Vis Prezidan, Trezorye oswa Sekretè
- Direktè Jeneral, Direktè Finansye oswa Direktè Operasyon
- Chèf Tribi
- Prezidan
- Gouvènè
Yon kont ka gen plis pase yon Ofisyèl Deziyen. Sa ka asire kontinwite si yon Ofisyèl Deziyen mouri oswa separe ak biznis la. Chak Ofisyèl Deziyen dwe enskri separeman.
- Prepare enfòmasyon sa yo nan biznis la:
- Nimewo idantifikasyon anplwayè (EIN)
- Dènye deklarasyon enpo sou revni ki te ranpli a
- Adrès fizik oswa adrès postal ki soti nan dènye dosye IRS yo
- Omwen youn oubyen yon konbinezon dokiman pou sipòte otorite pou angaje antite a legalman.
- Konekte (an anglè) sou Kont Enpo Biznis ou an. Si ou pa gen yon kont IRS, kenbe pyès idantite w ak foto w pare.
- Swiv etap sa yo pou enskri kòm yon Ofisyèl Deziyen.
- Lè ou resevwa kòd PIN lan nan lapòs, konekte pou aktive wòl Ofisyèl Deziyen ou an.
Yon Ofisye Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl ka otorize yon Itilizatè Deziyen. Swiv etap sa yo:
- Konekte (an angle) sou Kont Enpo Biznis la.
- Ale nan Pwofil epi chwazi Jere Aksè.
- Chwazi Ajoute Itilizatè, answit antre non Itilizatè Deziyen an ak nimewo sekirite sosyal li oubyen ITIN li.
- Chwazi fòm enpo (an angle), peryòd enpo ak pèmisyon Itilizatè Deziyen an ka jwenn aksè.
- Revize, siyen elektwonikman epi soumèt.
Itilizatè Deziyen an dwe konekte sou Kont Enpo Biznis la epi siyen elektwonikman pou aksepte aksè a.
Ofisyèl Deziyen an dwe revalide wòl li chak ane pou l ka kenbe aksè a Kont Enpo Biznis la. Pou tout antite eksepte patenarya yo, peryòd revalidasyon an se 6 semèn apati 15 jen. Tout Ofisyèl Deziyen pou patenarya yo dwe revalide pandan peryòd revalidasyon 6 semèn apati 15 oktòb. Ofisyèl Deziyen an ap resevwa yon notifikasyon nan kont enpo biznis la pandan peryòd sa a.
Si yo pa revalide, Ofisyèl Deziyen an ap bezwen mande aksè nan kont lan ankò.
Itilizatè Deziyen
Yon Itilizatè Deziyen dwe gen otorizasyon nan men yon Ofisyèl Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl.
Yon Itilizatè Deziyen kapab:
- Gen aksè a peryòd enpo espesifik ke Ofisyèl Deziyen an otorize.
- Gade ak/oswa fè peman ki gen rapò ak fòm enpo (an angle) ki otorize pa Ofisyèl Deziyen an.
Yo pa kapab:
- Jere aksè
- Aksepte oswa rejte demann otorizasyon yo
Yon Itilizatè Deziyen dwe alafwa:
- Yon moun ki gen yon nimewo Sekirite Sosyal (SSN) oswa yon nimewo idantifikasyon kontribyab endividyèl (ITIN).
- Otorize pa yon Ofisyèl Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl
Yo pa bezwen yon patnè, aksyonè oswa ofisye nan biznis la oswa antite a.
Yon Itilizatè Deziyen dwe revalide pa yon Ofisye Deziyen oswa yon pwopriyetè sèl chak janvye ak jen pou l ka kenbe wòl li.