Manm Fòs Lame Etazini yo gen avantaj ak sitiyasyon fiskal espesyal. Konprann kòman sa afekte oumenm ak taks ou yo.

Ale sou paj endividi yo pou w jwenn enfòmasyon jeneral sou kòman pou w deklare ak peye taks ou, ansanm avèk anpil sèvis gratis.

Verifye si ou kalifye pou avantaj fiskal militè yo (an anglè)

Ansyen ak Nouvo Militè yo

Sèvis Konba

Si ou sèvi nan yonn nan zòn konba IRS rekonèt yo, ou ka anmezi pou retire revni konba yo nan taksasyon (an anglè). Ou ka vle tou pou ou wè si règleman espesyal EITC yo (an anglè) aplike, sa ki ka bay yon pi gwo ranbousman.

Veteran Andikape yo

Si ou se yon veteran ki andikape, peman pou envalidite ou an gendwa kalifye pou kèk esklizyon enpo (an anglè). Ou gendwa ellijib tou pou reklame yon ranbousman taks si ou te resevwa:

Si ou te deklare deja, ou ka benefisye de deklarasyon amande pou veteran andikape ki blese nan konba yo (an anglè).

Wèbinè sa a disponib pou w gade:

Wèbinè sa a esplike resous ki gen rapò ak enpo pou antreprenè konjwen militè yo. Anplwaye ak asosye IRS yo pale sou enpo ti biznis ak sant enpo pou travayè endepandan yo, sant enpo pou ekonomi Gig la, Volontè Asistans Enpo sou Revni (VITA), peman ak plis ankò.