Peryòd pwodiksyon deklarasyon revni ane 2022 a kòmanse 24 janvye; IRS dekri kalandriye ranbousman yo ak sa nou ka atann nou davans

IR-2022-08, 10 janvye , 2022

WACHINTONN —Sèvis Revni Entèn nan anonse ke sezon taks nasyon an ap kòmanse lendi 24 janvye 2022 a, lè ajans fiskal la ap kòmanse aksepte epi trete deklarasyon revni ane 2021 an.

Dat kòmansman 24 janvye pou moun ki ap fè deklarasyon endividyèl yo pèmèt IRS jwenn  tan pou l  pèfòme pwogram ak tès ki esansyèl pou asire bon fonksyònman sistèm IRS la. Pwogram ki ajou ede asire ke moun ki elijib yo kapab reklame montan kòrèk Kredi Enpo pou Timoun nan apre yo fin konpare kredi davans 2021 yo a epi mande tout fon de relans ki rete antanke yon kredi ranbousman rekouvreman lè yo pwodui deklarasyon revni 2021 yo.

“Planifye pou pwosesis sezon depo nasyon an  se yon antrepriz konsiderab, epi ekip IRS la ap travay san kanpe pandan dènye mwa sa yo pou prepare,” daprè Komisè IRS la Chuck Rettig. “Pandemi a kontinye ap defye nou, men IRS raple moun yo ke genyen anpil pa yo ka fè pou ede asire ke deklarasyon enpo yo ak ranbousman yo pa fè fas ak reta nan tretman yo. Fè yon depo pa vwa elektwonik ak depo dirèk epi evite yon deklarasyon enpo sou papye  pran yon lòt nivo ane sa. Epi nou mande yon atansyon patikilye pou sila yo ki resevwa yon pèman enpak enimik oswa yon Kredi Enpo pou Timoun antisipe ane k so t pase a. Moun yo dwe asire yo ke yo repòte montan kòrèk nan deklarasyon enpo yo pou evite tout reta.”

IRS ankouraje tout moun pou yo jwenn tout enfòmasyon yo bezwen nan men yo pou yo kapab aisre yo depoze deklarsyon ki konplè epi kòrèk. Lè w gen deklarasyon ki kòrèk li pèmèt ou evite tout reta nan tretman, reta ranbousman oubyen ansanm Pèman Enpak Ekonomik yo (Pèman relans Plan Sovtaj Ameriken) an 2021; y ap gen bezwen montan pèman sa yo lè y ap prepare deklarasyon enpo yo. IRS la ap voye pa lapòs yon seri lèt espesyal pou benefisyè yo, epi yo ka verifye ansanm montan yo resevwa sou IRS.gov la tou.

Menm jan ak ane pase a, pral gen moun ki ap depoze deklarasyon enpo ki, menm si yo pa egzije yo fè sa, bezwen depoze yon deklarasyon pou ane 2021 an pou reklame yon Kredi Ranbousman Rekouvreman pou resevwa kredi enpo apati pèman relans yo oswa rapwoche pèman antisipe Kredi pou Timoun nan. Moun ki pa nòmalman depoze yo kapab resevwa lòt kredi.

18 avril kòm dat limit pou fè depo enpo pou majorite moun

Dat limit depo pou soumèt deklarasyon enpo 2021 yo oswa yon pwolongasyon pou depoze epi peye  taks yo dwe  se lendi, 18 avril, 2022, pou pi fò kontribyab yo. Selon lalwa, Wachintonn, D.C., jou ferye fè enpak sou dat limit enpo yo menm jan jou ferye nan nivo federal yo. Dat limit la se 18 vril, olye de 15 avril, akoz jounen nasyonal Jounen Emansipasyon nan Distrik Columbia pou tout moun eksepte pou kontribyab yo ki ap viv Maine oswa Massachusetts. Kontribyab Maine ak Massachusetts gen jiska 19 avril, 2022, pou  depoze deklarasyon yo akoz jounen Nasyonal Patriyòt la nan eta sila yo. Kontribyab ki mande pwolongasyon yo ap gen jiska lendi 12 oktòb pou yo ka fè depo.

W ap tann tretman deklarasyon avan yo? Moun kapab toujou fè depo ansanm deklarasyon 2021 yo

Rettig note ke anplwaye IRS yo kontinye travay di nan yon seri zòn kritik ke pandemi an afekte, sa gen ladan tretman deklarasyon enpo ane pase yo ak nivo rekò apèl yo resevwa.

“Nan plizyè zòn, nou pa an mezi pou n te delivre kantite sèvis ak kontwòl ke kontribyab nou yo ak sistèm taks nou yo merite epi bezwen yo. Se yon sitiyasyon ki fristran pou kontribyab nou yo, pou anplwaye IRS yo ak pou mwen,”  Rettig deklare. “Anplwaye IRS yo vle fè plis, epi n ap kontinye pou ane 2022 a fè tout sa ki posib  ak resous nou genyen disponib yo. Epi n ap kontinye chèche fason pou n amelyore. Nou vle delivre maksimòm posib pandan sante ak sekirite anplwaye n yo ak kontribyab nou yo. Resous adisyonèl yo esansyèl pou ede anplwaye nou yo fè plis ane 2022 a - epi menm pi lwen.”

IRS kontinye redui envantè deklarasyon enpo endividyèl ane avan an ki pa t ko trete yon fason ki konplè. Depi 3 desanm 2021, IRS trete 169 milyon deklarasyon enpo. Tout deklarasyon ranbousman endividyèl sou papye oubyen elektwonik endividyèl ane 2020 an trete si deklarasyon an pa gen okenn erè oubyen pa t mande egzamen apwofondi.

Kontribyab yo jeneral p ap bezwen pou yo tann pou deklarasyon 2020 yo trete konplètman pou yo kapab depoze deklarasyon depo 2021 yo a lè yo pare.

Enfòmasyon kle pou ede kontribyab yo

IRS ankouraje moun yo itilize resous anliy yo avan yo rele. Sezon depo pase a, kòm rezilta epòk KOVId, chanjman taks ak defi pandemi ki pi laj, sistèm telefòn IRS la te resevwa plis pase 145 milyon apèl sòti 1ye janvye rive 17 me, plis pase kat fwa plis apèl pase yo te konn resevwa nan yon ane òdinè. Mete sou IRS.gov la, IRS gen yon varyete lòt opsyon gratis ki dsponib pou ede kontribyab yo, sòti depi nan asistans gratis  nivo èd pou  benevòl nan sa ki gen pou wè ak enpo ak konsèy fiskal pou moun ki aje yo atravè tout peyi a jouk rive nan disponibilite pwogram  Deklarasyon Gratis IRS la.

“Volim telefòn kontinye rete nan nivo rekò.“ Rettig deklare. “Nou priye tout moun pou verifye IRS.gov epi etabli yon kont anliy pou ede yo aksede ak enfòmasyon yo pi rapid. Nou envesti nan devlope nouvo kapasite anliy pou rann sa yon jan ki rapid epi fasil pou kontribyab yo jwenn enfòmasyon yo bezwen yo.”

Mwayèn ranbousman taks ane pase a te plis pase $2,800. Yo atann plis pase 160 milyon deklarasyon enpo endividyèl pou ane fiskal 2021 an ap depoze, ak majorite ladan yo ki ap vini avan dat limit enpo tradisyonèl avril la.

An jeneral, IRS antisipe ke pi fò kontribyab ap resevwa  ranbousman yo nan 21 jou apati moman yo te depoze pa vwa elektwonik la si yo chwazi depo dirèk epi pa gen okenn pwoblèm nan deklarasyon enpo yo a. IRS mande kontribyab li yo ak fiskalis yo pou fè depo pa vwa elektwonik. Pou evite reta nan tretman , moun yo dwe evite depoze deklarasyon sou papye kèlkeswa kote l ye a.

Selon lalwa, IRS pa ka livre yon ranbousman ki ap enplike Kredi Enpo sou Revni Salaryal ak Kredi Enpo pou Timoun anplis lan avan mitan mwa fevriye, menm si moun ki elijib yo kapab depoze deklarasyon yo apati 24 janvye. Lalwa founi tan adisyonèl sa pou ede IRS anpeche livrezon ranbousman fwodile yo. 

Kèk deklarasyon, ke yo te depoze sou papye oswa pa vwa elektwonik, kapab bezwen egzamen manyèl, sa ki mete tretman an an reta, si sistèm nou an detekte yon erè posib oubyen yon enfòmasyon ki manke, oubyen yo sispèk yon vòl idantite oubyen fwod. Kèk nan sitiyasyon sa yo egzije pou nou antre an korespondans ak kontribyab yo, menm kèk pa egzije sa. Travay sa pa egzije yon anplwaye IRS ba l yon  tretman espesyal kidonk, nan egzanp sa yo, li ka pran IRS la plis pase 21 jou nòmal pou li livre kèlkeswa fon ki an kesyon an. Nan ka sa yo kote IRS an mezi korije deklarasyon an san li pa antre an korespondans, IRS ap voye yon eksplikasyon pou kontribyab la.

Fè depo pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk

Pou ranbousman yo fèt pi rapid, IRS mande kontribyab yo pou depoze pa vwa elektwonik epi ransèyman sou depo dirèk imedyatman yo gen tout sa yo bezwen pou fè depo yon deklarasyon ki kòrèk. Si deklarasyon an gen erè oubyen li pa konplè, li ka mande egzamen apwofondi ki kapab retade ranbousman an. Jwenn tout enfòmasyon disponib lè w ap prepare deklarasyon enpo 2021 an ka redui erè epi evite erè nan pwosesis tretman an.

Majorite kontribyab patikilye yo fè depo Fòmilè 1040 IRS oubyen Fòmilè 1040-SR yon fwa yo resevwa Fòmilè W-2 yo ak lòt enfòmasyon sou rantre ke anplwayè yo founi, emetè tankou ajans yo ak peyè yo. IRS la entegre yon seri chanjman resan nan lwa fiskal yo nan yon ansanm fòm ak enstriksyon epi pataje mizajou yo ak patnè li yo ki devlope lojisyèl ke anpil patikilye ak fiskalis itilize pou prepare epi depoze deklarasyon yo. Fòmilè 1040 ak 1040-SR yo ak enstriksyon ki asosye yo disponib kounya sou IRS.gov. Pou dènye Fòmilè IRS ki sòti yo ak enstriksyon yo, vizite sit entènèt IRS la sou IRS.gov/forms (an anglè).

Fichye gratis disponib 14 janvye

Fichye gratis IRS la ap louvri 14 janvye lè founisè ki ap patisipe yo pral aksepte deklarasyon konplè yo ak epi konsève yo jiskaske yo ka depoze yo pa vwa elektwonik ak IRS. Y ap aksepte epi prepare anpil sosyete komèsyal ki fè lojisyèl pou preparasyon deklarasyon revni ak fiskalis avan 24 janvye pou soumèt deklarasyon yo lè sistèm IRS yo louvri.

IRS ankouraje moun yo ak tout kouraj li pou yo fè depo yo pa vwa elektwonik pou yo ka diminye erè yo epi jwenn ranbousman pi rapid - epi jwenn tou tout enfòmasyon yo bezwen pou depoze yon deklarasyon ki kòrèk nan objektif pou evite reta. Pwogram Deklarasyon Gratis IRS la pèmèt kontribyab ki te fè $73,000 oubyen mwens an 2021 yo pou depoze enpo yo pa vwa elektwonik gratis lè y ap itilize yon lojisyèl sosyete komèsyal pwodiksyon deklarasyon revni yo founi. Plis enfòmasyon ap disponib sou Fichye gratis pi ta nan semèn nan.

Anplis de Fichye gratis IRS la, Èd Fiskal Volontè ak Konsèy Fiskal pou Moun ki Aje yo  IRS yo pwograme preparasyon deklarasyon de baz gratis pou patikilye ki kalifye yo.

Watch for IRS letters about advance Child Tax Credit payments and third Economic Impact Payments Siveye lèt IRS ki konsène pèman Kredi Enpo pou Timoun ak Twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo

IRS kòmanse voye Lèt 6419, Kredi Enpo antisipe pou Timoun ane 2021 an, nan fen mwa desanm 2021 epi kontinye fè sa nan mwa janvye a. Lèt yo gen ladan yo enfòmasyon enpòtan ki ka ede w asire deklarasyon an kòrèk. Moun ki resevwa pèman CTC antisipe yo kapab verifye montan pèman yo te resevwa lè yo itilize Pòtay Mizajou CTC a  ki disponib sou IRS.gov.

Kontribyab elijib ki resevwa pèman Kredi Enpo antisipe pou Timoun yo dwe depoze yon deklarasyon enpo pou ane 2021 an pou yo ka resevwa dezyèm mwatye kredi a. Kontribyab ki kalifye ki pa t resevwa Kredi Enpo antisipe pou Timoun yo kapab reklame kredi konplè lè yo depoze yon deklarasyon enpo.

IRS ap kòmanse livre Lèt 6475, Twazyèm Pèman Enpak Ekonomik Ou, pou patikilye ki te resevwa yon twazyèm pèman an 2021 nan fen mwa janvye a. Pandan pi fò moun ki elijib te deja resevwa pèman de relans yo, lèt sa ap ede detèmine patikilye yo si yo elijib pou revandike  Kredi Ranbousman Rekiperasyon pou pèman de relans ki manke yo. Si nesesè, yo dwe depoze yon deklarasyon enpo 2021 pou reklame rès montan relans yo. Moun yo ka itilize kont anliy IRS lan tou pou yo kapab gade ansanm montan Pèman Enpak Ekonomik yo.

Tou de lèt yo gen ladan yo enfòmasyon ki enpòtan ki ka ede moun depoze yon deklarasyon enpo 2021 ki kòrèk. Si deklarasyon an gen erè oubyen li pa konplè, li ka egzije egzamen ki apwofondi pandan IRS ap korije erè a. Itilize enfòmasyon sila lè w ap prepare yon deklarasyon enpo pa vwa elektwonik kapab redui erè yo epi evite reta nan tretman yo.

Fason ki pi fasil pou patikilye ki elijib yo jwenn ranbousman enpo 2021 yo ki ap enkli Kredi Enpo pou Timoun otorize yo ak Kredi Ranbousman Rekouvreman yo a se depoze pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk.

Konsèy pou rann fè depo pi fasil

Pou evite tretman an reta ak ranbousman rapid, IRS mande moun yo pou suiv etap sa yo:

Òganize epi rasanble dosye fiskal 2021 yo tankou nimewo Sekirite Sosyal,  Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Patikilye yo, Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Adopsyon  yo, epi  Nimewo Idantifikasyon Pèsonèl pou Pwoteksyon (an anglè) ane sa  ki valid pou ane sivil 2022 a.

Verifye IRS.gov pou tout dènye enfòmasyon taks, sa ki ladan l, dènye enfòmasyon sou apwoche pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun oubyen reklame yon Kredi Ranbousman Rekouvreman pou pèman de relans ki manke yo. Ou pa bezwen rele.

Check IRS.gov for the latest tax information, including the latest on reconciling advance payments of the Child Tax Credit or claiming a Recovery Rebate Credit for missing stimulus payments. There is no need to call.

Konfigire oubyen antre nan tout sekirite sou IRS.gov/account pou w aksede ransèyman pèsonèl sou kont enpo, sa ki gen ladan l balans, pèman yo, ak dosye fiskal sa ki enkli revni brit ajiste.

pèman enpo estimatif definitif pou ane 2021 an pa pi ta ke madi, 18 janvye 2022 a, pou w ka ede evite fakti peryòd enpo ak yon seri penalite evantyèl.

Patikilye yo ka itilize yon kont labank, kat debi prepeye oubyen aplikasyon mobil pou itilize depo dirèk epi y ap bezwen pou yo founi acheminman ak nimewo kont yo. Aprann kòman pou w louvri yon kont sou yon bank asire nan FDIC (an anglè) oubyen atravè  Zouti Lokalizatè Koperativ Kredi Nasyonal (an anglè) a.

Depoze yon deklarasyon konplè epi kòrèk pa vwa elektwonik lè w prè epi chwazi depo dirèk pou ranbousman ki pi rapid la.

Dat kle sezon depo yo

Gen plizyè dat enpòtan kontribyab yo dwe kenbe nan tèt yo pou sezon depo ane sa:

  • 14 janvye: Fichye gratis IRS la ap louvri. Kontribyab yo ka kòmanse depoze deklarasyon atravè asosye Fiche Gratis IRS yo; y ap transmèt deklarasyon enpo IRS yo apati 24 janvye. Konpayi lojisyèl enpo ap aksepte depo enpo yo davans.

 

  • 18 janvye : Dat limit ane fiskal 2021 katriyèm trimès  pèman estimatif enpo.

 

 

  • 24 janvye : IRS kòmanse sezon taks ane 2022 a. Yo kòmanse aksepte deklarasyon enpo patikilye yo epi tretman tretman yo kòmanse.
     
  • 28 janvye : Jounen Kredi Enpo sou Revni ki Rantre pou sansibilize moun sou divès kredi enpo valab ki disponib pou anpil moun - sa ki gen ladan l opsyon pou itilize revni ane avan an pou kalifye.

 

  • 18 avril : Dat limit pou depoze deklarsyon enpo 2021 oubyen mande pwolongasyon ak peye enpo ki dwe akoz jounen Nasyonal Emansipasyon nan Wachintonn, D,C., menm pou sila yo ki ap viv an deyò zòn sila.
     
  • 19 avril : Dat limit pou depoze deklarsyon enpo 2021 oubyen mande pwolongasyon  ak peye taks ki dwe pou moun ki ap viv nan MA oubyen ME akoz jounen Nasyonal Patriyòt yo.

 

  • 17 oktòb : Dat limit pou depoze pou sila yo ki ap mande yon pwolongasyon sou deklarasyon enpo 2021 yo a.

 

 

Planifikasyon antisipe

Li pa janm twò bonè pou w prepare w pou pwochen sezon pwodiksyon deklarasyon revni yo. Pou plis konsèy ak resous, ale sou paj  Mete w Prè sou IRS.gov.