Douzèn Delwayal: IRS la ankouraje tout moun ki gen difikilte pou yo peye taks yo pou yo evite tout moun k ap di yo ka regle dèt fiskal yo pou kèk santim dola, yo konnen sou non izin Pwopozisyon Konpwomi

IR-2022-119, 7 Jen 2022

WASHINGTON — Antanke 6zyèm eleman sou lis avètisman kont anak "Douzèn Delwayal" 2022 a, Sèvis Revni Entèn nan jodiya te avèti kontribyab yo sou fakti taks yo genyen yo pou yo kontakte IRS dirèkteman epi pou yo pa ale nan sosyete fiskal san prensip ki itilize piblisite lokal epi k ap bay manti pou di yo ka rezoud pwoblèm taks ki pa peye pou kèk santim dola.

Chuck Rettig, Komisè IRS la te pale pou l di: "Pa gen moun ki ka jwenn yon pi bon afè pou kontribyab yo, pase sa yo kapab jwenn dabitid pou tèt yo pandan y ap travay dirèkteman avèk IRS la pou yo rezoud pwoblèm taks yo". "Kontribyab yo kapab verifye anliy pou pi yon pi bon afè, osinon rele yon liy lakòlèk espesyalize kote y ap kapab jwenn sèvis rapid pandan y ap itilize konvèsasyon ekri epi pale ak wobo yo oswa chwazi pale avèk yon asistan nan telefòn an dirèk."

Izin Pwopozisyon Konpwomi (OIC) yo ap fè deklarasyon ki biza dabitid nan piblisite lokal yo konsènan kòman yo kapab regle dèt fiskal yon moun pou kèk santim dola. Dabitid, an reyalite kontribyab la peye izin Pwopozisyon Konpwomi an yon frè pou li jwenn menm afè li te kapab jwenn poukont li dirèkteman avèk IRS la.

IRS la konpile lis Douzèn Delwayal anyèl la pou plis pase 20 lane kòm yon mwayen pou alète kontribyab yo ak kominote pwofesyonèl taks la sou anak yo ak eskwokri yo. Lis la pa yon dokiman legal oswa yon lis literal priyorite aplikasyon ajans lan. Li fèt pou li reveye konsyans yo sou yon varyete piblik ki ka pa toujou konsyan de evolisyon ki enplike administrasyon fiskal yo.

Izin Pwopozisyon Konpwomi yo se yon pwoblèm pandan tout ane a men yo gen tandans parèt plis apre sezon deklarasyon an fini epi kontribyab yo ap eseye rezoud pwoblèm taks yo petèt apre yo fin resevwa yon avi sou balans yo dwe nan bwat postal yo.

Pou sila yo ki santi yo bezwen èd, genyen anpil pwofesyonèl taks ki gen repitasyon ki disponib, e genyen zouti enpòtan ki kapab ede moun yo jwenn bon pwofesyonèl pou nesesite yo genyen yo. IRS.gov se yon bon kote pou kòmanse ranseye w sou sa pou w fè.

Izin Pwopozisyon Konpwomi yo vire pwogram IRS li pou li fè l vin yon bagay li pa ye – pandan l ap mennen moun yo yon kote yo p ap gen okenn chans ranpli kondisyon yo nan mande gwo frè, souvan plizyè milye dola.

Yon "pwopozisyon," oswa OIC, se yon akò ant yon kontribyab avèk IRS la ki rezoud pwoblèm dèt fiskal kontribyab la. IRS la gen pouvwa pou li regle, oswa "fè konpwomi" nan dèt enpo federal yo pandan li ka aksepte mwens pase pèman total la nan kèk sikonstans. Sepandan, kèk pwomotè, nan yon mannyè ki pa bon, ap konseye kontribyab yo pou yo soumèt yon demann OIC bay IRS la, menmsi pwomotè yo konnen moun nan p ap kalifye. Sa koute kontribyab onèt yo lajan ak tan.

Anvan kontribyab yo kòmanse envesti tan yo pou ranpli dokiman pou soumèt yon pwopozisyon, y ap bezwen verifye Zouti Pre-Kalifikasyon pou Pwopozisyon Konpwomi (an anglè) IRS la pou yo asire yo si yo kalifye pou yo soumèt youn. (Remak: menm si endividi yo ak biznis yo kapab soumèt yon pwopozisyon, zouti a se pou endividi yo sèlman li disponib aktyèlman.)

IRS la te kreye tou yon lis videyo OIC k ap gide kontribyab yo atravè yon seri etap ak fòm pou ede yo kalkile yon pwopozisyon apwopriye k ap baze sou aktif yo, revni yo, depans yo ak rantre potansyèl y ap genyen alavni. Jwenn videyo itil, fasil pou li sa yo sou irsvideos.gov/oic.

IRS la ap raple kontribyab yo dapre politik Rediksyon Sanksyon pou Pemye Fwa a, kontribyab yo kapab ale dirèk nan IRS la pou yon alèjman administratif nan yon sanksyon ki t ap ogmante dèt fiskal yo otreman.

Izin OIC yo se yon ekzanp preparatè taks san prensip. Kontribyab yo ta dwe mefye yo de preparatè "fantom" san prensip yo ak pwomès agresiv ke y ap bay yon pi gwo ranbousman.

Preparatè fantom: Malgre majorite moun k ap prepare enpo yo gen etik epi diy pou fè konfyans, kontribyab yo pa dwe fye yon moun ki prepare enpo ki p ap siyen deklarasyon enpo yo fin prepare yo, yo souvan rele yo preparatè zonbi. Pou deklarasyon ki fèt sou entènèt yo, "zonbi" an ap prepare deklarasyon an, men l ap refize bay siyati nimerik li antanke yon preparatè yo peye.

Dapre lalwa, nenpòt moun yo peye pou prepare, oswa asiste nan preparasyon deklarasyon taks federal yo, dwe genyen yon Nimewo Idantifikasyon Kontribyab Preparatè (PTIN) valid. Moun k ap prepare taks yo peye yo dwe siyen epi mete PTIN yo nan deklarasyon an.

Ranbousman egzajere: Lè yo pa siyen yon deklarasyon, se yon move siy ki montre preparatè yo peye a, ap chèche fè yon pwofi rapid pandan l ap pwomèt yon gwo ranbousman oswa mande frè ki varye ak dimansyon ranbousman.

Epitou moun ki prepare deklarasyon taks ki malonèt yo ka:

  • Mande pou peye an likid sèlman epi yo p ap bay yon resi.
  • Envante revni pou kalifye kliyan pou kredi taks yo.
  • Reklame fo dediksyon pou ogmante dimansyon ranbousman an.
  • Ranbousman dirèk nan kont labank yo, se pa nan kont kontribyab la.

Pran san nou pou nou chwazi. Paj Chwazi yon Pwofesyonèl Taks sou IRS.gov la genyen enfòmasyon konsènan konpetans ak kalifikasyon moun k ap prepare taks la. Repètwa Moun k ap Prepare Deklarasyon Taks Federal IRS yo (an anglè) ansanm ak Konpetans ak Meyè Kalifikasyon yo kapab ede idantifye anpil preparatè selon konpetans oswa kalifikasyon.

Kontribyab yo dwe sonje se yo ki responsab sa ki nan deklarasyon taks yo menmsi se yon lòt moun ki prepare li.