Dirty Dozen: IRS avèti kontribyab yo pou yo rete lwen magouyè 'ki pretann yo vle ede' ki ofri yo ouvri yon kont sou entènèt

IR-2024-87, 1ye avril 2024

WASHINGTON — Sèvis Internal Revenue jodi a ap kontinye seri atik sou twonpri Dirty Dozen li a (an anglè) ki avèti kontribyab yo pou yo veye magouyè k ap eseye vann oswa ofri èd pou kreye yon kont entènèt sou IRS.gov.

Objektif kriminèl sa yo se jwenn enfòmasyon enpo ak finansye pèsonèl yo ka itilize pou komèt vòl idantite.

Kont Entènèt IRS la se yon zouti ki bay aksè pratik nan enfòmasyon enpo yon moun. Enfòmasyon sa yo gen anpil valè tou pou vòlè idantite ki sèvi ak li pou soumèt fòm enpo sou non yon viktim pou jwenn gwo ranbousman. Fwòd kont sou entènèt tyès pati sa yo se twazyèm jou nan kanpay twonpri enpo anyèl Dirty Dozen IRS la.

Komisyonè IRS Danny Werfel te di: “Pandan IRS ak patnè Somè Sekirite a ap ranfòse defans entèn nou yo, magouyè yo fè efò pou yo vini ak nouvo fason pou yo eseye vòlè enfòmasyon ki gen anpil valè nan men kontribyab yo. Yon kont sou entènèt nan IRS.gov ka ede kontribyab yo wè detay enpòtan sou sitiyasyon enpo yo. Men, magouyè yo reyalize enfòmasyon sansib yo gen valè pou yo, kidonk yo konsantre kounye a sou twonpe moun yo nan fè yo konprann yo bezwen èd pou kreye yon kont."

"Sa a se jis yon trik entèlijan yo fè pou jwenn enfòmasyon enpo ki gen anpil valè e ki sansib, magouyè yo pral itilize pou yo eseye vòlè ranbousman," Werfel te ajoute. "Sa se yon lòt rapèl moun yo ta dwe mefye yo de èd yo pa t atann ki rive inatandi e ki swadizan soti nan IRS ak lòt enstitisyon finansye. Kontribyab yo ta dwe evite pataje done pèsonèl sansib nan telefòn, imel oswa rezo sosyal pou pwoteje tèt yo epi evite pran nan fwòd sa yo.”

Sa make twazyèm jou nan seri espesyal Dirty Dozen lan. Kòmanse an 2002, kanpay anyèl lis Dirty Dozen IRS bay la gen 12 magouy ak konplo ki mete kontribyab, biznis ak kominote pwofesyonèl enpo a nan risk pou yo pèdi lajan, enfòmasyon pèsonèl, done ak plis ankò. Byenke Dirty Dozen nan pa yon dokiman legal oswa yon lis fòmèl nan priyorite ranfòsman ajans lan, efò edikasyon an fèt pou sansibilize ak pwoteje kontribyab yo, ak pwofesyonèl enpo yo kont eskwokri enpo ak konplo.

Antanke manm Somè Sekirite a (an anglè), IRS te travay avèk ajans enpo leta yo ak endistri enpo nan peyi a pandan nèf ane pou aplike ansanm yon varyete mezi sekirite entèn pou pwoteje kontribyab yo. Efò kolaborasyon patnè Somè a te konsantre tou sou edike kontribyab yo sou fwòd ak konplo fwòd pandan tout ane a, sa ki ka lakòz vòl idantite ki gen rapò ak enpo. Pa mwayen inisyativ tankou Dirty Dozen ak pwogram Sekirite Somè, IRS fè efò pou pwoteje kontribyab yo, biznis yo ak sistèm enpo a kont kriminèl sou entènèt (cyber) ak aktivite konplo k ap chèche jwenn enfòmasyon ak lajan, sa ki gen ladan l twonpri Kont sou Entènèt sa a.

Kont IRS sou entènèt: Evite èd nan men yon magouyè tyès pati

Yon Kont Entènèt IRS pèmèt kontribyab yo jwenn enfòmasyon sou kont enpo yo. Yo ka konekte epi jwenn dènye enfòmasyon sou istwa peman yo, balans aktyèl yo, gade kopi kèk avi IRS ak plis ankò. Se yon zouti ki itil e ki fasil pou itilize ke magouyè yo vize.

Magouy èd tyès pati a kòmanse ak eskwo ki poze kòm yon tyès pati "ki pretann yo vle ede" ki ofri pou ede kreye yon Kont sou entènèt IRS pou kontribyab nan IRS.gov. Tyès pati yo fè efò sa yo pou vòlè enfòmasyon pèsonèl yon kontribyab. Malgre magouyè yo ka fè li sanble yon travay konplike ki bezwen asistans yo, kontribyab yo kapab e yo ta dwe etabli pwòp Kont sou Entènèt yo pa mwayen IRS.gov.

Souvan magouyè sa yo mande enfòmasyon pèsonèl kontribyab la tankou adrès, nimewo Sekirite Sosyal oswa Nimewo Idantifikasyon Endividyèl pou Kontribyab (ITIN) ak kat idantifikasyon ki gen foto. Yo ka vann enfòmasyon sa yo oswa itilize detay sansib yo pou ranpli fòm enpo fwòd, jwenn prè ak ouvri kont kredi.

IRS ankouraje moun yo pou yo veye kont aktivite fwòd sa yo. Sèl kote moun ta dwe ale pou kreye yon Kont Entènèt IRS se sou IRS.gov. Moun pa ta dwe sèvi ak asistans yon tyès pati, anplis de pwosesis otantifikasyon IRS apwouve atravè IRS.gov la, pou kreye pwòp Kont Entènèt IRS yo.

Rapòte fwòd

Kòm yon pati nan efò konsyantizasyon Dirty Dozen lan, IRS ankouraje moun yo pou yo rapòte sila yo ki ankouraje move plan enpo ak metòd abizan, ansanm ak preparatè deklarasyon enpo ki fè espre yo prepare deklarasyon ki pa kòrèk.

Pou rapòte yon yon konplo enpo abizan oswa yon preparatè deklarasyon enpo ki malonèt, ou dwe itilize fòmilè sou entènèt Fòm 14242 – Rapòte Pwomosyon Abizif oswa Preparatè Enpo Sispèk yo (an anglè), oswa poste oubye fakse yon Fòm 14242 (an anglè)PDF ki ranpli, avèk dokiman kòm sipò bay IRS Lead Development Center in the Office of Promoter Investigations.

Adrès postal:

Internal Revenue Service Lead Development Center
Stop
MS5040
24000 Avila Road
Laguna Niguel, California
92677-3405
Fax: 877-477-9135

Altènativman, kontribyab yo ak pwofesyonèl enpo yo ka voye enfòmasyon sa yo bay Biwo IRS Whistleblower Office (an anglè) la kote yo ka elijib pou yon prim monetè. Pou jwenn plis enfòmasyon, gade Plan Konplo Enpo Abizif ak Preparatè Deklarasyon Enpo Abizif yo (an anglè).