Kisa pou w fè si ou dwe taks, men ou pa ka peye li - YouTube video text script

Si ou dwe taks, men ou pa ka peye tout nan dat limit IRS la, ou ta dwe ranpli deklarasyon taks federal ou an de tout fason

epi peye otank posib pou redwi kantite penalite ak enterè yo.

Yon ekstansyon tan pou ranpli se pa yon ekstansyon tan pou peye taks ou.

Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou peye taks ou vizite IRS.gov/payments.

Peye otan ou kapab nan dat orijinal la - anjeneral nan mwa davril.

Lè sa a, ou ka mete sou pye yon plan peman pou peye rès balans ou dwe ansanm ak enterè ak penalite.

Sonje, vizite IRS.gov/payments pou plis enfòmasyon.