Kòman pou evite fwod ak anak apre yon katastwòf

Konsèy sou Taks IRS 2021-142, 27 Septanm 2021

Kriminèl yo ak moun k ap fè fwod yo souvan wè katastwòf yo tankou yon opòtinite pou pwofite de viktim yo nan moman yo plis vilnerab, ansanm avèk kontribyab jenere ki vle ede nan efò pou pote sekou yo tou.

Nòmalman, anak nan moman katastwòf sa yo kòmanse ak kontak ou pa t ap tann. Anakè a kontakte viktim yo a pa mwayen telefòn, medya sosyal, imèl oswa an pèson. Kontribyab yo tou, yo ka ap chèche yon charite anliy epi yo dirije yo sou sitwèb oswa yon paj medya sosyal ki ap afilye ak charite a vrèman.

Men kèk konsèy pou ede kontribyab yo rekonèt yon anak epi evite vin yon viktim:

  • Gen vòlè ki pretann yo nan yon charite. Yo fè sa pou yo jwenn lajan oswa enfòmasyon prive nan men kontribyab yo vize yo.
     
  • Fo sitwèb yo itilize non òganizasyon charite ki lejitim. Yo fè anak sa pou twonpe moun yo pou fè yo voye lajan oswa pou yo bay enfòmasyon finansyè pèsonèl yo.
     
  • Anakè yo menm di y ap travay pou ― oswa sou non ― IRS la. Vòlè yo di yo kapab ede viktim yo fè deklarasyon pèt aksidantèl ak jwenn ranbousman enpo.
     
  • Viktim katastwòf yo kapab rele liy asistans nan katastwòf IRS la gratis nan 866-562-5227. Asistan telefòn yo ap reponn kesyon sou alèjman fiskal yo oswa pwoblèm fiskal ki gen rapò ak katastwòf yo.
     
  • Kontribyab ki vle fè don kapab jwenn enfòmasyon k ap itil yo sou IRS.gov. Rechèch Òganizasyon ki Ekzante de Taks la (an anglè) ede itilizatè yo jwenn oswa verifye charite ki kalifye yo. Don ki fèt pou charite sa yo ka gen dediksyon enpo sou yo.
     
  • Kontribyab yo ta dwe toujou kontribye avèk chèk oswa kat kredi pou yo ka anrejistre don ki gen dediksyon enpo y ap fè, si yo chwazi bay lajan. Kontribyab endividyèl yo kapab dedui jiska $300 epi koup marye yo kapab dedui jiska $600 nan kontribisyon charite kalifye yo pou ane fiskal 2021 an menm si yo pa detaye.
     
  • Donatè yo pa dwe bay moun ki mande kontribisyon yo enfòmasyon finansyè pèsonèl yo. Sa gen ladan enfòmasyon tankou nimewo Sekirite Sosyal yo oswa kat kredi ak nimewo kont labank yo ak modpas yo.

Plis Enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)