Deklarasyon gratis IRS la kapab pèmèt sezon deklarasyon taks la pi fasil sitou pou moun k ap reyalize deklarasyon taks yo pou lapremyè fwa

Konsèy Fiskal COVID 2022-28, 22 fevriye 2022

Gen anpil moun ki pral reyalize deklarasyon taks federal yo pou lapremyè fwa ane sa a. Tankou moun ki pa gen abitid fè deklarasyon yo men konnya k ap oblije fè sa yon fason pou yo kapab reklame yon kredi rekiperasyon oswa rekonsilye avans peman kredi taks pou timoun yo. Pou kontribyab sa yo, pi bon jan solisyon an gendwa se Deklarasyon Gratis IRS la.

Pou kontribyab ki elijib epi ki vle prepare deklarasyon taks yo pou kont yo, Deklarasyon gratis IRS la bay aksè a founisè lojisyèl elektwonik preparasyon taks yo. Pwogram sa a bay preparasyon taks gratis, deklarasyon taks elektwonik gratis ak depo dirèk gratis, sa ki se fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman. Deklarasyon gratis IRS yo asesib dirèkteman sou telefòn entèlijan Kontribyab yo, yo ap itilize avèk aplikasyon IRS2Go.

Limit revni brit ajiste deklarasyon gratis IRS pou 2021 an se $73,000 pou fanmi yo oswa moun ki pou kont yo. Ane sa a, gen uit (8) pwodwi deklarasyon gratis IRS ki an anglè ak de (2) an espanyòl. Chak founisè fikse kondisyon kalifikasyon adisyonèl pa yo, sa baze jeneralman sou laj, eta rezidans lan ak revni.

Kontribyab yo k ap itilize deklarasyon gratis IRS yo pou lapremyè fwa ap bezwen kèk enfòmasyon anvan menm yo kòmanse:

  • Nimewo sekirite sosyal yo.
  • Enfòmasyon sou salè ak revni yo. Jeneralman, y ap jwenn enfòmasyon sa yo sa nan fòm Fòm W-2 ak Fòm 1099 ki nan men anplwayè yo.
  • Byen verifye si pa gen lòt kontribyab ki reklame yo antanke depandan nan deklarasyon taks yo. Pa egzanp, kontribyab ki gen paran yo reklame yo kòm yon depandan ka toujou ranpli yon deklarasyon taks separe, men yo pa kapab reklame tèt yo kòm yon depandan.
  • Dokimantasyon pou tout kredi taks ak dediksyon. Kenbe nan tèt ou puiske dediksyon estanda aktyèl yo ki pi wo a, dediksyon detaye yo gendwa pa nesesè.
  • Revni brit ajiste ane avan an oswa kòd PIN ou chwazi pou pwòp tèt ou. Y ap bezwen enfòmasyon sa yo pou kapab valide epi siyen deklarasyon taks la. Sa obligatwa pou tout deklarasyon taks elektwonik yo e nou konsidere li konsidere antanke yon pati nan siyati elektwonik itilizatè a. Kontribyab yo k ap reyalize deklarasyon taks yo pou lapremyè fwa pi ki gen plis pase 16 an kapab tou senpleman make "0" pou revni ane anvan yo nan sa ki gen pou wè ak sinyati a. Pou kontribyab ki te reyalize deklarasyon nan ane anvan yo, deklarasyon taks ane anvan an ap montre yo revni brit ajiste yo.
  • Kont labank ak nimewo wout pou depo dirèk nenpòt ranbousman nan kont yo. Sa a se fason ki pi rapid ak pi sekirize pou yo resevwa lajan yo.

Kontribyab yo ki gen obligasyon pou rekonsilye avans pèman kredi taks pou timoun yo oswa ki kalifye pou yon kredi rekiperasyon ap bezwen kèk nan lèt yo te resevwa nan men IRS yo. Kontribyab yo ap bezwen konnen montan total twazyèm tranch peman enpak ekonomik yo, tankou nenpòt peman adisyonèl "plus-up" yo te resevwa yon fason pou kapab detèmine si yo kalifye pou reklame yon kredi rekiperasyon. Y ap bezwen montan total avans peman kredi taks pou timoun yo te resevwa tou pou yo kapab reklame montan konplè kredi yo.

Pou jwenn montan total avans pèman kredi taks pou timoun yo ak twazyèm tranch pèman enpak ekonomik yo te resevwa yo, kontribyab yo ka tcheke:

  • Kont yo sou entènèt : Kontribyab yo ka kreye oswa konekte nan kont IRS yo sou entènèt pou kapab wè montan total peman sa yo. Pou moun ki marye epi ki reyalize deklarasyon konjwen yo, yo chak la ap bezwen konekte nan pwòp kont pa yo sou entènèt oswa revize pwòp lèt pa yo, yon fason pou kapab jwenn pòsyon pa yo nan montan total koup la resevwa a.
  • Lèt IRS yo : Nan fen mwa desanm 2021 an ak kòmansman mwa janvye 2022 a, IRS te kòmanse voye lèt sa yo bay kontribyab sa konsène yo, nan adrès ki nan dosye yo a.
    • Lèt 6419, avans kredi taks pou timoun 2021 an (an anglè), te ale jwenn moun ki te resevwa avans peman kredi taks pou timoun yo. Lèt la genyen montan total peman kontribyab la ap gen pou mete kòmsadwa nan deklarasyon taks li pou kapab evite erè oswa reta nan pwosesis la
    • Lèt 6475, twazyèm pèman enpak ekonomik la te ale jwenn moun ki te resevwa yon twazyèm peman enpak ekonomik an 2021, sa ki gen ladan peman inisyal ak peman adisyonèl "plus-up" yo. Lèt sa a ap ede yo detèmine si yo elijib pou fè reklamasyon kredi rekiperasyon 2021 an pou kapab benefisye yon twazyèm peman rekiperasyon ki manke. Si ta gen ki manke, yo dwe fè yon deklarasyon taks 2021 pou reklame kredi sa a.

Abòne ak Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)