IRS: Viktim tanpèt New York yo kalifye pou alèjman fiskal; Dat limit 18 avril, lòt dat yo pwolonje jiska 15 me

IR-2023-58, 24 Mas 2023

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn lan te fè konnen jodia, viktim tanpèt ak tanpèt nèj Ian yo ki nan New York, vin gen jiska 15 me 2023 pou yo fè divès deklarasyon enpo pou endividi ak pou biznis, epi reyalize pèman yo.

IRS la ap ofri alèjman pou tout zònAjans Federal pou Jesyon Ijans (FEMA) (an anglè) te deziyen apre siklòn ki te pase ant 23 ak 28 desanm 2022. Sa vle di patikilye yo ak fanmi ki abite oswa ki gen yon biznis nan konte Erie, Genesee, Niagara, St. Lawrence ak Suffolk kalifye pou alèjman fiskal. Lòt zòn yo ajoute pita nan zòn katastwòf la yo ap kalifye tou pou menm alèjman an. Lis lokalite ki kalifye nan moman an, toujou disponib sou paj alèjman fiskal nan sitiyasyon katastwòf la.

Alèjman fiskal la rekile yon valè dat limit pou deklarasyon ak pèman enpo ki te kòmanse apati de 23 desanm 2022. Sa ki fè, moun ak biznis ki afekte yo ap gen jiska 15 me 2023 pou yo reyalize deklarasyon enpo yo epi peye nenpòt ki enpo yo ta dwe pandan peryòd sa a.

Sa gen ladann deklarasyon enpo sou revni endividyèl 2022 ki dwe pou 18 avril, ansanm ak divès kalite deklarasyon enpo 2022 pou biznis ki te sipoze peye nòmalman 15 mas ak 18 avril. Pami lòt bagay, sa vle di kontribyab ki kalifye yo ap gen jiska 15 me tou pou fè kontribisyon 2022 yo a nan IRA yo ak kont epay sante yo.

Anplis de sa, kiltivatè ki chwazi pou yo sispann fè pèman enpo estime yo epi depoze deklarasyon yo nòmalman anvan 1ye mas pral gen kounye a jiska 15 me 2023, pou yo fè deklarasyon 2022 yo a epi peye tout enpo yo te dwe. Dat limit 15 me 2023 a aplike tou pou pèman enpo estime nòmalman ki te pou 17 janvye 2023 ak 18 avril 2023. Sa vle di patikilye kontribyab yo ka sote peman enpo estimae pou katriyèm trimès la, ki nòmalman te pou 17 janvye 2023, epi olye de sa, yo ka mete li ak deklarasyon 2022 yo ap depoze sou oswa anvan 15 me.

Dat limit 15 me a aplike tou pou pewòl chak trimès ak deklarasyon enpo endirèk, ki nòmalman te dwe peye 31 janvye, ak 30 avril 2023. Anplis de sa, penalite sou pewòl ak pèman enpo endirèk yo ki te dwe fèt nan oswa apre 23 desanm 2022 epi anvan 9 janvye 2023, ap gen rediksyon ki fèt sou yo si pèman enpo an te fèt avan 9 janvye 2023.

Paj Asistans nan Katastwòf ak Sekou an Ijans pou Endividi yo ak Antrepriz yo (an anglè) gen detay sou lòt deklarasyon enpo yo, pèman ak aksyon ki gen rapò ak enpo pou kapab kalifye pou benefisye tan adisyonèl la.

Kèk kontribyab ki afekte yo ka dekouvri ke yo bezwen plis tan pou yo deklare apre dat limit 15 me a. Si se konsa, IRS la ankouraje yo pou yo mande plis tan an, elektwonikman, anvan dat limit orijinal 18 avril la. De (2) mwayen fasil epi gratis pou fè sa se swa nan Deklarasyon Gratis IRS oswa Peman Dirèk IRS, tou de disponib sèlman sou IRS.gov. Vizite IRS.gov/extensions Pou plis detay.

Apre 18 avril epi anvan 15 me, kontribyab ki nan zòn katastwòf yo ka ranpli demann ekstansyon yo a sèlman sou papye.

IRS la bay nenpòt kontribyab ki gen adrès IRS li nan zòn katastwòf la, alèjman ki gen pou wè ak deklarasyon enpo ak penalite otomatikman. Se poutèt sa, kontribyab yo p ap bezwen kontakte ajans lan pou resevwa alèjman sa a. Sepandan, Si yon kontribyab ki te afekte resevwa yon avi pou deklarasyon oswa pèman anreta nan men IRS la, ki gen dat limit orijinal la oswa pwolonje a, kote dat pou fè pèman oswa depo tonbe nan dat pwolongasyon an, kontribyab la sipoze rele nan nimewo ki nan avi a pou mande pou yo redui penalite a.

Anplis de sa, IRS la ap travay ak tout ki kontribyab k ap viv andeyò zòn katastwòf la, men dokiman y ap gen bezwen pou respekte dat limit lan k ap rive pandan peryòd pwolongasyon an, lokalize nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye pou alèjman an men k ap viv andeyò zòn katastwòf la ap bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa gen landann travayè k ap bay kout men nan aktivite alèjman yo ki afilye ak yon gouvènman ofisysèl oswa yon òganizasyon filantwopik.

Patikilye ak biznis yo ki nan zòn katastwòf gouvènman federal deklare, ki pèdi byen ki pat gen asirans oswa ki pa ranbousab ki gen pou wè ak kataswòf la, gendwa chwazi reklame yo swa nan deklarasyon enpo pou ane yo fè pèt la, swa nan deklarasyon enpo ane anvan an. Asire w ou ekri nimewo deklarasyon FEMA - 4694-DR − nan tout deklarasyon kote ou ap reklame yon pèt. Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay.

Alèjman fiskal la fè pati de yon repons federal ki kowòdone pou fè fas ak domaj tanpèt sa yo lakoz, e li baze sou yon evalyasyon domaj onivo loka FEMA fè. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre katastwòf la, vizite DisasterAssistance.gov (an anglè).