IRS: Zouti Anliy pou Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan disponib an Panyòl kounye a; lòt materyèl miltileng yo ap ede fanmi yo konnen si yo kalifye pou pèman avans yo

IR-2021-150, 12 Jen 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te lanse yon vèsyon zouti anliy li an tou nèf nan lang Panyòl, Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ki la pou ede fanmi yo konnen si yo kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun nan ak pèman avans espesyal chak mwa kredi a, ki dwe kòmanse 15 Jiyè.

Vèsyon Panyòl tounèf zouti a ki disponip sou IRS.gov sèlman, menm jan ak vèsyon Anglè parèy li, ka entèraji epi fasil pou itilize. Pandan y ap reponn yon seri kesyon konsènan yo menm ak manm fanmi yo, yon paran oswa yon lòt manm fanmi an kapab konnen byen rapid si li kalifye pou kredi a.

Malgre tout moun kapab itilize zouti sa a, li ka itil sitou pou fanmi ki pa fè deklarasyon enpo federal nòmalman epi ki poko fè ni yon deklarasyon enpo 2019, ni yon deklarasyon enpo 2020. Souvan, yo se moun ki resevwa yon ti piti oswa okenn revni, ansanm avèk sila yo ki sanzabri yo, fwaye ki gen ti revni yo, ak lòt gwoup defavorize yo. Lè yo itilize zouti sa, li ka ede yo deside si yo ta dwe pase nan etap annapre a ak itilize yon lòt zouti IRS pou yo enskri pou pèman Kredi Enpo pou Timoun yo, Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, oswa itilize sistèm Deklarasyon Gratis IRS la pou fè yon deklarasyon enpo regilye.

Pou ede moun yo konprann ak resevwa avantaj la IRS la devlope yon seri materyèl nan plizyè lang epi yon seri resous miltileng adisyonèl yo ap disponib nan semenn ak mwa k ap vini yo. Tout zouti ak materyèl, an anglè ak nan lòt lang, pibliye sou yon paj espesyal Kredi Enpo pou Timoun 2021 an sou IRS.gov/childtaxcredit2021.

Resous (an anglè) miltileng ki deja disponib yo gen ladan yo:

  • Yon gid etap pa etap sou kijan pou itilize Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an (Piblikasyon 5538) an Panyòl, Chinwa Senplifye, Koreyen, Vyetnamyen, Kreyòl Ayisyen ak Ris. 
  • Yon ti videyo debaz sou YouTube sou Kredi Enpo pou Timoun nan an Panyòl ak Chinwa, epi an anglè tou.
  • Afich elektwonik yo nan plizyè lang.
  • Enfòmasyon konsènan Deklarasyon Gratis nan sèt (7) lang.

Anplis Kredi Enpo pou Timoun nan, IRS genyen yon varyete zouti pou zafè enpo ak resous disponib nan plizyè lang (an anglè)

Kominote patnè yo kapab ede

IRS la ankouraje gwoup kominotè yo, espesyalman sila yo k ap sèvi moun ki pa pale Anglè yo, pou yo ede pataje enfòmasyon enpòtan sa yo konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan ansanm avèk tout lòt avantaj enpòtan yo. Sa gen ladan benevòl yo, asosyasyon yo, òganizasyon ledikasyon yo ak tout lòt moun ki gen lyen ak moun ki gen timoun yo. Pami lòt bagay yo, IRS la ap bay gwoup sa yo enfòmasyon yo ka pataje fasil atravè medya sosyal, mesaj imèl ak lòt mwayen.

Veye anak yo

IRS la ankouraje tout moun, espesyalman sila yo ki pale lòt lang ki pa anglè, pou yo veye anak ni sou pèman Kredi Enpo pou Timoun yo ni sou Pèman Enpak Ekonomik yo. Anakè yo sible moun ki pa pale anglè yo ak kominote defavorize yo espesyalman. IRS la mete aksan sou sèl mwayen pou jwenn nenpòt nan avantaj sa yo se swa lè ou fè yon deklarasyon enpo avèk IRS la oswa lè ou enskri anliy atravè zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an, sèlman sou IRS.gov. Nenpòt lòt opsyon se yon anak.

Veye anak k ap itilize imèl, apèl telefòn oswa mesaj ki gen rapò ak pèman yo. Pa bliye IRS la pa janm voye kominikasyon elektwonik si se pa ou ki mande l, pou li mande nenpòt moun pou louvri atachman oswa vizite yon sit entènèt ki pa gouvènmantal.

Plis apwopo Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande okenn enfòmasyon pou idantifikasyon pèsonèl (PII - personal-identifiable information) pou okenn manm fanmi. Pou rezon sa, rezilta li yo pa desizyon ofisyèl IRS la. Malgre rezilta yo fyab, si kesyon yo byen reponn, yo ta dwe konsidere yo kòm yon kòmansman. Ni repons itilizatè a bay yo, ni rezilta yo, IRS la pa kenbe yo.

Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran

Si Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan montre yon fanmi kalifye pou kredi a, pwochen etap la se ap swa enskri ak IRS la, swa fè yon deklarasyon. Pou fanmi ki pa konn gen nesesite pou ranpli yon deklarasyon, Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran anliy lan se mwayen ki pi fasil pou enskri pou pèman avans yo.

Zouti sa a, yon aktyalizasyon zouti Non-Deklaran IRS ane pase a, se yon zouti ki la tou pou ede endividi kalifye ki pa fè deklarasyon enpo yo nòmalman, enskri pou twazyèm tou $1400 Peman Enpak Ekonomik yo (yo konnen tou sou non chèk relans). Anplis, li kapab ede yo reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an pou tout montan de (2) premye tou Pèman Enpak Ekonomik yo te ka rate yo.

Nan yon patenarya avèk Intuit epi atravè Alyans Deklarasyon Gratis la, zouti a pèmèt yo bay IRS la enfòmasyon debaz tankou non yo, adrès, ak nimewo sekirite sosyal yo, ansanm avèk enfòmasyon konsènan timoun kalifye yo ki genyen 17 lane ak mwens ak lòt depandan yo. Li pèmèt yo bay tou, enfòmasyon sou kont labank yo, pou IRS la kapab depoze pèman yo fasil epi rapid sou kont chèk oswa kont epay yo dirèk.

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an pa ta dwe itilize pa nenpòt moun ki te deja fè yon deklarasyon enpo sou revni federal 2019 oswa 2020.

Deklarasyon Gratis; yon pi bon opsyon pou kèk moun

Malgre Zouti Enskripsyon pou Non-deklaran an se mwayen ki pi fasil pou enskri pou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo, men li ka pa pi bon opsyon pou tout fanmi yo. Se paske anpil fanmi kalifye tou pou Kredi Enpo sou Revni an ak lòt avantaj pou moun ki gen ti revni ak revni modere yo. Yon pi bon opsyon pou yo, se itilize sistèm Deklarasyon Gratis la pou fè yon deklarasyon enpo regilye, li disponib sou IRS.gov sèlman.

Apwopo Avans Kredi Enpo pou Timoun nan

Kredi Enpo pou Timoun elaji epi ki fenk aksesib la te otorize pa Lwa Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan mwa Mas. Nòmalman, IRS la ap kalkile pèman an sou deklarasyon enpo 2020 fanmi an, ansanm avèk sila yo ki itilize Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Si deklarasyon sa pa disponib akoz li patko depoze oswa y ap trete li toujou, IRS la ap detèminen pito premye montan pèman yo pandan l ap itilize deklarasyon 2019 la oswa enfòmasyon ki rantre nan zouti Non-Deklaran yo ki te disponib nan 2020 an.

Valè pèman an ap jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen ant 6 ak 17 lane.

Pou li rasire li fanmi yo gen aksè fasil ak lajan yo, IRS la pral distribye pèman sa yo pa mwayen depo dirèk, depi yo te bay IRS la enfòmasyon bankè ki kòrèk. Osinon, moun yo ta dwe gade bwat lapòs yo nan zòn 15 Jiyè yo pou pèman pa lapòs yo. Dat pou pèman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo se 15 Jiyè, 13 Dawout, 15 Sektanm, 15 Oktòb, 15 Novanm ak 15 Desanm.

Pou pils enfòmasyon, vizite IRS.gov/childtaxcredit2021, oswa li FAQs (Kesyon yo Poze Souvan) sou Kredi Enpo pou Timoun an 2021 an ak Peman Avans Kredi Enpo pou Timoun yo (an anglè).