Zouti anliy IRS yo ede fanmi yo detèmine si yo kalifye pou kredi enpo pou timoun nan

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-100, 13 Jiyè 2021

IRS la ankouraje fanmi yo itilize yon zouti anliy espesyal, ki disponib sou IRS.gov sèlman, pou ede yo detèmine si yo kalifye pou kredi enpo pou timoun nan ak pèman avans espesyal chak mwa a k ap kòmanse 15 jiyè.

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan ka entèraji epi li fasil pou itilize. Pandan y ap reponn yon seri kesyon konsènan yo menm ak manm fanmi yo, yon paran oswa yon lòt manm fanmi an kapab konnen byen rapid si li kalifye pou kredi a. Zouti sa a disponib na Panyòl.

Zouti sa a ka itil sitou pou fanmi ki pa fè deklarasyon enpo federal nòmalman epi ki poko fè yon deklarasyon enpo 2019 oswa 2020. Souvan, sa yo se moun ki resevwa yon ti piti oswa okenn revni, ansanm avèk sila yo ki sanzabri yo, fwaye ki gen ti revni yo, ak lòt gwoup defavorize yo. Zouti sa a kapab ede yo deside si yo ta dwe pase nan etap ki annapre a epi enskri pou pèman avans kredi enpo pou timoun yo.

Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan pa mande okenn enfòmasyon pou idantifikasyon pèsonèl (personal-identifiable information) pou okenn manm fanmi. Pou rezon sa a, rezilta li yo pa yon desizyon IRS ki ofisyèl. Rezilta yo fyab, malgre moun yo ta dwe konsidere rezilta yo preliminè, menmsi tout repons yo kòrèk. IRS la pa kenbe repons itilizatè a bay yo, oswa rezilta zouti a.

Pou ede moun yo konprann ak resevwa avantaj sa a, IRS la kreye yon paj Avans Kredi Enpo pou Timoun 2021 espesyal sou IRS.gov. Paj sa a bay tout dènye enfòmasyon konsènan kredi a ak pèman avans yo. Pami lòt bagay, paj la deja genyen yon lyen ki ouvri Zouti Enskripsyon Non-Deklaran an, ak Asistan Kalifikasyon pou Kredi Enpo pou Timoun nan, ansanm avèk Pòtal Ajou Kredi Enpo pou Timoun nan.

Si yo kalifye, Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an disponib pou sila yo ki pa konn ranpli deklarasyon enpo yo.

Zouti Enskripsyon Non-Deklaran anliy lan ede fanmi kalifye yo ki pa konn fè deklarasyon enpo yo enskri pou pèman avans kredi enpo pou timoun ki fèt chak mwa a. IRS la ofri yon mwayen gratis epi fasil pou moun kalifye yo, nòmalman ki pa genyen pou yo deklare enpo yo, bay IRS la enfòmasyon debaz ki nesesè - non, adrès, ak nimewo Sekirite Sosyal yo – pou kalkile epi livre pèman avans kredi enpo pou timoun yo.

Zouti sa a ede tou, endividi kalifye ki pa fè deklarasyon enpo yo nòmalman, enskri pou twazyèm tou $1400 Peman Enpak Ekonomik yo, yo konnen tou sou non chèk relans, epi reklame kredi ranbousman rekiperasyon an pou tout montan de (2) premye tou Peman Enpak Ekonomik yo te ka rate yo.

Majorite lòt fanmi yo p ap bezwen antreprann okenn aksyon.

Fanmi kalifye yo ki te deja deklare oswa planifye pou fè deklarasyon enpo sou revni 2019 oswa 2020 yo oswa ki te itilize zouti Non-Deklaran an nan 2020 an pou enskri pou Pèman Enpak Ekonomik yo, pa ta dwe itilize Zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Depi IRS la fin trete deklarasyon enpo 2019 oswa 2020 yo a, y ap itilize enfòmasyon yo pou detèminen kalifikasyon epi distribye pèman avans yo. Fanmi sa yo pa bezwen fè anyen ankò pou yo jwenn pèman yo.

Men kiyès ki pa ta dwe itilize zouti sa a.

Fanmi ki vle reklame lòt avantaj fiskal yo, tankou kredi enpo sou revni an, pa ta dwe itilize zouti Enskripsyon pou Non-Deklaran an. Yo ta dwe fè yon deklarasyon enpo regilye. Pou yo menm, mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou fè yon deklarasyon se sistèm Deklarasyon Gratis la, ki disponib sou IRS.gov sèlman.

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)