IRS ap raple kontribyab yo avantaj Sekirite Sosyal yo ka gen taks

Konsèy Fiskal IRS 2022-22, 9 fevriye 2022

Yon nouvèl sezon fiskal kòmanse. IRS ap raple kontribyab k ap resevwa avantaj Sekirite Sosyal yo ke  yo ka genyen pou yo peye taks sou revni federal sou yon pòsyon nan avantaj sa yo.

Avantaj Sekirite Sosyal yo gen ladan yo retrèt mansyèl, avantaj sivivan ak avantaj andikap yo. Yo pa gen ladan pèman siplemantè sou revni sekirite yo, ki pa gen taks sou yo.

Pòsyon avantaj ki gen taks yo depann de revni kontribyab la ak kondisyon fiskal li.

Pou detèmine si avantaj yo gen taks sou yo, kontribyab yo ta dwe pran mwatye lajan Sekirite Sosyal yo kolekte pandan ane a epi mete li sou lòt revni yo genyen. Lòt revni yo se: pansyon, salè, enterè, dividand ak gen kapital yo.

  • Si yo selibatè epi total sa vin depase $25,000, ebyen yon pati nan avantaj Sekirite Sosyal yo a ka gen taks sou li.
  • Si yo marye epi y ap fè deklarasyon konjwen, yo ta dwe pran mwatye Sekirite Sosyal yo a, plis mwatye Sekirite Sosyal mari oswa madanm yo a, epi mete li sou tout revni yo konbine ansanm. Si total sa depase $32,000, ebyen yon pati nan Sekirite Sosyal yo a ka gen taks sou li.

Senkant pousan nan avantaj yon kontribyab ka gen taks sou li si yo:

  • Ap deklare antanke selibatè, chèf fwaye, vèf osa vèv kalifye aèk ant $25,000 ak $32,000 revni.
  • Marye epi y ap fè deklarasyon separe epi yo pa t ap viv ansanm avèk mari oswa madanm yo pandan tout ane 2020 an avèk ant $25,000 ak $34,000 revni.
  • Se moun marye k ap fè deklarasyon konjwen avèk ant $32,000 ak $44,000 revni.

Jiska 85% nan avantaj yon kontribyab ka gen taks sou li si yo:

  • Y ap deklare antanke selibatè, chèf fwaye, vèf oswa vèv kalifye avèk plis pase $34,000 revni.
  • Se moun marye k ap fè deklarasyon konjwen avèk plis pase $44,000 revni.
  • Se moun marye k ap fè deklarasyon separe epi yo pa t ap viv ansanm avèk mari oswa madanm yo pandan tout ane 2021 an avèk plis pase $34,000 revni.
  • Se marye k ap fè deklarasyon epi yo t ap viv avèk konjwen yo pandan yon moman nan 2021 an.

Plis enfòmasyon: