IRS anonse fanmi yo 88% timoun nan Etazini pral resevwa otomatikman chak mwa, peman Kredi Fiskal pou Timoun ki ranbousab

IR-2021-113, May 17, 2021

WASHINGTON – Sèvis Revni Entèn nan ak Depatman Trezò nan Etazini te anonse jodia, premye peman mansyèl Kredi Fiskal pou Timoun ki elaji e ki fenk aksesib ki soti nan Plan Sovtaj Ameriken an ap fèt 15 Jiyè. Apeprè 39 milyon fwaye – ki kouvri 88% timoun nan Etazini – ta dwe kòmanse benefisye peman mansyèl yo san nesesite pou yo antreprann okenn aksyon.

IRS ak Trezò te anonse tou, peman ogmante CTC yo ap fèt 15 nan chak mwa sof si 15 lan tonbe nan yon wikenn oswa konje. Fanmi ki resevwa kredi a pa mwayen depo dirèk ka planifye bidjè yo sou resepsyon alokasyon yo. Fanmi ki kalifye yo ap resevwa jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen 6 lane ak plis.

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Fiskal pou Timoun maksimòm an 2021 jiska $3600 pou timoun 6 lane yo epi jiska $3000 pou timoun nan laj ant 6 k 17 lane. Plan Sovtaj Ameriken an ta dwe pèmèt plis pase senk milyon timoun soti nan povrete ane sa a, lè sa rive fèt, se vi plis pase mwatye timoun ki nan povrete k ap chanje.

Fwaye yo ki kouvri plis pase 65 milyon timoun, ap resevwa peman mansyèl CTC yo pa depo dirèk, chèk, oswa kat debi, epi IRS ak Trezò angaje yo pou yo itilize omaksimòm depo dirèk pou yo asire yo livrezon yo rapid epi sekirize. Pandan majorite kontribyab p ap gen nesesite pou antreprann okenn aksyon pou yo resevwa peman yo a, IRS ak Trezò ap kontinye fè efò ansanm ak òganizasyon patnè yo pou sansibilize fanmi yo sou kalifikasyon yo, pandan mwa k ap vini yo.

Anons jodia reprezante nouvèl kolaborasyon ant IRS ak Biwo Sèvis Fiskal la- epi ant Trezò a ak Ekip Mizannèv Plan Sovtaj Ameriken Mezon Blanch lan- pou asire Ameriken ki nan bezwen yo jwenn èd rapid pandan y ap rekipere yo de pandemi COVID-19 la. Depi 12 Mas, IRS te distribye tou, apeprè 165 milyon Peman Enpak Ekonomik ak yon valè apeprè $388 bilyon antanke yon pati nan Plan Sovtaj Ameriken an.

Enfòmasyon adisyonèl pou kontribyab yo sou kijan pou yo jwenn Kredi Fiskal pou Timoun nan ap disponib byento sou IRS.gov/childtaxcredit2021 (an anglè).