IRS devwale nouvo pwosesis verifikasyon idantite anliy pou aksede zouti otoasistans yo

IR-2021-228, 17 Novanm, 2021

WASHINGTON — Administrasyon Fiskal Ameriken te anonse jodi a lansman yon verifikasyon idantite amelyore ak pwosesis koneksyon  ki fasilite  plis moun aksede nan sekirite epi itilize zouti anliy IRS yo ak aplikasyon li yo.

Kontribyab ki ap itilize nouvo pwosedi verifikasyon ki adapte ak aparyèy mobil yo kapab aksede sèvis anliy IRS yo  tankou:

Aplikasyon Siplemantè IRS yo ap fè yon  tranzisyon vè nouvo metòd la nan pwochen ane a.

"Verifikasyon idantite a esansyèl pou pwoteje kontribyab yo ak enfòmasyon yo genyen. IRS ap travay di pou li fè amelyorasyon nan sektè sa, epi nouvo pwosesis verifikasyon sa fèt menm pou rann aplikasyon anliy IRS yo  plis sekirize ke posib pou moun yo," daprè Komisè IRS la, Chuck Rettig. "Pou ede kontribyab yo ak kominote fiskal la, nou ap amelyore aksesibilite ansanm zouti anliy ki pèmèt fanmi yo jere Kredi Enpo pou Timoun yo, verifye sou kont IRS yo genyen yo epi pèfòme lòt travay ki konn fèt chak jou yo.”

Nouvo pwosesis la ka touche plis moun gras ak itilizasyon elaji dokiman idantite yo ak ogmantasyon asistans pou kontribyab ki ap fè fas ak yon pwoblèm lè yo ap tante verifye idantite yo anliy. Devlope nan kad Inisyativ nimerik aksè sekirize a (SADI), nouvo pwosesis la konfòm ak yon manda federal.

Pou founi sèvis verifikasyon, IRS ap itilize ID.me, yon founisè teknoloji ke moun ka fè konfyans. Nouvo pwosesis la se yon pa anplis IRS fè pou li asire ke yo bay enfòmasyon kontribyab sèlman ak moun ki gen yon dwa ak done yo devan lalwa.

IRS te entegre tou nouvo pwosesis kreyasyon kont sa nan kèk aplikasyon ke fiskalis yo itilize, sa ki gen ladan l sila yo ke yo itilize pou mande prokirasyon oubyen otorizasyon ransèyman enpo anliy pandan y ap itilize Kont Pwofesyonèl Taks (an anglè) or to soumèt Fòm 2848 ak 8821 anliy (an anglè). (Tax Pro Account oubyen oubyen soumèt Fòmil3 2848 ak 8821 anliy).

Aksede Zouti IRS yo

Lè w aksede zouti nou mete nan lis pi wo a, y ap mande kontribyab yo pou yo konekte atravè yon kont ID.me. Moun ki deja gen non itilizatè IRS yo gen posibilite pou kontinye itilize idantifyan yo te gen nan ansyen sistèm nan pou konekte jiska ete 2022, men yo envite yo kreye yon kont ID.me yon fwa ke sa posib. Tout moun ki deja gen yon kont ID.me nan P6tay Mizajou Kredi Enpo sou Timoun yo, oubyen nan yon lòt ajans gouvènmantal, kapab konekte ak idantifyan yo gen deja a.

Pou verifye idantite yo avèk ID.me, kontribyab la dwe  founi yon foto yon dokiman idantite, pa egzanp yon p3mi kondui), yon Idantie Eta oubyen yon pasp6. Y ap bezwen tou f3 yon s3lfi ak yon telefòn entèlijan oubyen yon òdinatè ki gen yon  webcam. Yon fwa idantite yo fin verifye, yo kapab aksede nan tout sekirite ansanm s3vis anliy IRS yo.

Kontribyab ki bezwen èd lè y ap verifye idantite yo oubyen soumèt biyè sipò kapab vizite  Sit Èd IRS ID.me an (an anglè).