IRS ankouraje gwoup yo pou yo pataje enfòmasyon pou ede sila yo ki san adrès pèmanan yo benefisye avantaj tankou Peman Enpak Ekonomik yo, avans Kredi Enpo pou Timoun ki gen pou fèt

IR-2021-116, May 19, 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn jodia te kontinye ak yon efò li ap fè pou ede sila yo ki sanzabri yo pandan li ap raple moun yo ki pa genyen yon adrès pèmanan oswa yon kont labank, yo kapab toujou kalifye pou peman relans yo ak lòt kredi yo, tankou avans Kredi Enpo pou Timoun nan. 

Ajans lan ap chèche èd tou nan men gwoup ki ap ede moun ki vilnerab oswa defavorize yo, ki ka genyen difikilte pou yo benefisye peman relans lan otomatikman. Fè yon deklarasyon enpo 2020, menm si moun yo pa oblije fè sa (an anglè), te kapab mete lajan nan pòch yo.

Pandan twazyèm tou Peman Enpak Ekonomik yo kontinye ap fèt otomatik pou majorite moun kalifye yo, IRS la pa kapab fè yon peman pou Ameriken kalifye yo lè enfòmasyon yo pa disponib nan sistèm fiskal ajans lan.

Pou ede moun sanzabri yo, pòv nan milye riral yo ak lòt gwoup defavorize depi lontan yo, IRS la ankouraje gwoup kominotè yo, anplwayè yo ak lòt yo, pou pataje enfòmasyon konsènan Peman Enpak Ekonomik yo, avans Kredi Enpo pou Timoun ki gen pou fèt la ak lòt detay sou taks yo, pou ede plis moun kalifye fè yon deklarasyon enpo pou yo ka benefisye tout bagay yo kalifye pou yo.

Avans Kredi Enpo pou Timoun: Peman yo ap kòmanse byento

IRS ak Etazini Depatman Trezò te anonse bonè nan semenn sa, premye peman mansyèl nouvo Kredi Enpo pou Timoun ki elaji a (CTC, Child Tax Credit) nan Plan Sovtaj Ameriken an, ap fèt 15 Jiyè. Apeprè 39 milyon fwaye—ki kouvri 88% timoun Ozetazini—prevwa pou kòmanse resevwa peman mansyèl yo san yo p ap genyen pou yo antreprann okenn aksyon.

IRS ak Trezò te anonse tou, peman CTC ogmante yo ap fèt 15 chak mwa sof si 15 lan tonbe nan yon wikenn oswa yon konje. Fanmi ki resevwa kredi a pa mwayen depo dirèk ka planifye bidjè yo sou resepsyon alokasyon an. Fanmi kalifye yo ap resevwa yon peman jiska $300 chak mwa pou chak timoun ki gen mwens pase 6 lane epi jiska $250 chak mwa pou chak timoun ki gen 6 lane ak plis.

Plan Sovtaj Ameriken an te ogmante Kredi Enpo pou Timoun maksimòm nan nan lane 2021 an a $3 600 pou timoun ki gen mwens pase 6 lane yo epi a $3 000 pou chak timoun pou timoun ki genyen ant 6 ak 17 lane yo. Plan Sovtaj Ameriken an ta dwe pèmèt plis pase senk milyon timoun soti nan pòvrete ane sa a, si sa fèt, se plis pase mwatye timoun ki ap soti nan pòvrete.

Fwaye yo ki kouvri plis pase 65 milyon timoun ap resevwa peman CTC mansyèl la pa mwayen depo dirèk, papye chèk, oswa kat debi,epi IRS ak Trezò angaje yo pou yo maksimize itilizasyon depo dirèk la pou asire yon livrezon rapid epi sekirize. Pandan majorite kontribyab yo p ap genyen pou yo antreprann okenn aksyon pou resevwa peman yo a, Trezò ansanm ak IRS ap kontinye miltipliye efò yo ansanm ak òganizasyon patnè yo nan mwa ki ap vini yo pou reveye konsyans plis fanmi sou kalifikasyon yo.

Kòman pou ede

IRS la ankouraje gwoup kominotè yo, anplwayè yo ak lòt yo pou pataje enfòmasyon konsènan Kredi Enpo pou Timoun nan, Peman Enpak Ekonomik yo, ak lòt pwogram kle yo, pou ede plis moun kalifye fè yon deklarasyon enpo pou yo ka benefisye tout bagay yo kalifye pou yo. IRS.gov genyen yon varyete enfòmasyon ak zouti pou ede moun yo.

Peman Enpak Ekonomik yo, yo konnen tou sou non peman relans, diferan parapò ak majorite lòt avantaj fiskal yo; moun yo kalifye pou peman yo menm si yo genyen yon ti revni oswa pa genyen ditou epi menm si yo pa abitye fè yon deklarasyon enpo. Sa se yon verite toutotan yo genyen yon nimewo Sekirite Sosyal ak si pa gen yon moun ki ap sipòte yo ki kapab deklare yo kòm depandan. Pou tout moun ki te manke de (2) premye tou peman yo, li pa twò ta.

Sepandan, fè yon deklarasyon enpo 2020 se sèl mwayen, si yo kalifye, pou yo jwenn lajan premye oswa dezyèm peman an kounya. Moun yo ap bezwen reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an. Majorite moun ki pa konn deklare yo kapab itilize Deklarasyon Gratis IRS pou yo bay enfòmasyon debaz yo. Yo ap menm jwenn yon seksyon espesyal sou IRS.gov la ki ap kapab ede: Reklamasyon Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an si ou pa gen obligasyon pou fè yon deklarasyon enpo (an anglè).

Lè endividi a reponn kesyon yo nan Deklarasyon Gratis, yo kapab tou dekouvri yo kalifye pou lòt kredi enpo, ki ka vle di yon pi gwo ranbousman. IRS ap trete deklarasyon enpo a epi l ap bay yon ranbousman. Endividi a kapab espere de (2) peman paske yo peye Kredi Ranbousman Rekiperasyon kòm yon pati nan ranbousman fiskal la. Apre yo fin bay ranbousman an, si yo kalifye, y ap jwenn yon lòt peman touswit apre pou twazyèm Peman Enpak Ekonomik la.

Pou twazyèm tou peman yo, moun ki sanzabri yo ka kalifye pou benefisye $1 400 pou tèt yo. Si yo marye oswa genyen depandan kalifye, yo kapab jwenn yon $1 400 adisyonèl pou chak manm nan fanmi yo.

Fè yon deklarasyon enpo federal sou revni ki bay enfòmasyon debaz yo apwopo yon moun, se yon bagay ki kapab fèt pa mwayen elektwonik lè ou itilize yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè. Lè IRS resevwa deklarasyon an, l ap kalkile li otomatikman epi bay endividi ki kalifye yo Peman Enpak Ekonomik yo. Moun yo pa bezwen yon adrès pèmanan oswa yon kont labank. Yo pa bezwen genyen yon travay. Pou endividi kalifye yo, IRS ap toujou fè peman an menm si yo genyen plizyè lane depi yo pa deklare.

Adrès pèmanan pa obligatwa

Moun yo kapab reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon an oswa lòt kredi yo, oswa jwenn yon twazyèm Peman Enpak Ekonomik menm si yo pa genyen yon adrès pèmanan. Parekzanp, yon moun ki sanzabri ka mete nan yon lis, adrès yon zanmi, fanmi oswa founisè sèvis li fè konfyans, tankou yon refij, yon sant akèy jounen oswa yon pwogram lojman tranzisyon, sou deklarasyon ki depoze nan IRS la. Si yo pa anmezi pou chwazi depo dirèk, yon chèk oswa kat debi pou ranbousman fiskal la, y ap kapab voye twazyèm Peman Enpak Ekonomik la pa mwayen lapòs nan adrès sa.

Pou sila yo ki pa genyen kont labank

Anpil enstitisyon finansyè ap ede yon moun ki pa genyen yon kont pou ouvri yon kont labank ki pa koute anpil oswa gratis. Endividi ki ouvri kont yo ap genyen yon nimewo kont ak yon nimewo woutaj disponib si yo deklare epi fè demann yon depo dirèk pou Peman Enpak Ekonomik la.

Vizite sit entènèt Sosyete Federal Asirans Depo a (FDIC, Federal Deposit Insurance Corporation) (an anglè) pou detay, an anglè ak Panyòl, sou kijan pou ouvri yon kont anliy. Pami lòt bagay yo, moun yo kapab itilize zouti BankFind (an anglè) FDIC a pou lokalize yon bank toupre a ki asire nan FDIC. Anplis, BankOn (an anglè), Asosyasyon Bankye Ameriken yo, Kominote Bankye Endepandan nan Amerik la (an anglè) ak Asosyasyon Inyon Kredi Nasyonal (an anglè), tout genyen lis bank ak inyon kredi yo konpile ki kapab ouvri yon kont anliy.

Pou veteran yo, vizite Pwogram Sèvis Bankè pou Veteran yo (VBBP, Veterans Benefits Banking Program) (an anglè) pou jwenn aksè nan sèvis finansye nan bank ki nan pwogram nan.

Moun ki genyen yon kat debi prepeye ka jwenn ranbousman yo a sou kat la. Anpil kat prepeye ki rechajab oswa aplikasyon peman mobil genyen nimewo kont ak nimewo woutaj yo ap kapab bay IRS la. Endividi yo t ap bezwen verifye bò kote enstitisyon finansye a pou asire si kat la kapab sèvi epi jwenn nimewo kont ak nimewo woutaj la, ki ka diferan parapò ak nimewo kat la.

Travayè ki sanzabri yo ap kapab benefisye EITC a tou

Yon travayè ki sanzabri kapab kalifye tou pou yon Kredi Enpo sou Revni (Earned Income Tax Credit, EITC). Pou jwenn kredi a, lwa federal la mande pou travayè a ap viv Ozetazini pou plis pase mwatye nan ane a epi ranpli lòt kondisyon ankò. Sa vle di pou l ap viv nan yon kay nan nenpòt nan 50 Eta yo oswa Distrik Columbia a. An konsekans, endividi sanzabri yo, tankou sila yo ki nan youn oswa plizyè refij pou sanzabri yo, ka ranpli kondisyon sa.

Plis detay sou Kredi Enpo sou Revni an

Pou moun sanzabri ki genyen yon travay, fè yon deklarasyon souvan pote bonis adisyonèl—jwenn yon bonis ki chita sou plizyè avantaj fiskal, espesyalman EITC pou travayè ki genyen revni fèb ak revni mwayen yo epi fanmi ki nan travay yo.

Tankou anpil lòt travayè, kèk travayè ki sanzabri toujou kalifye pou kredi a menm si yo rantre yon revni ki twò piti nan 2020 an pou yo dwe taks. Pou 2020 an, limit revni an se $15 820 pou selibatè ki pa genyen timoun yo ($21 710 pou koup ki pa genyen timoun yo). Limit revni an pi plis pou moun ki genyen timoun yo. Parekzanp, limit la se $50 594 pou selibatè ki genyen twa (3) oswa plis timoun ($56 844 pou koup ki genyen twa (3) oswa plis timoun). Sila yo ki rantre mwens dwe ranpli lòt kondisyon pou kalifikasyon (an anglè) tou.

Paske li se yon kredi ranbousab, sila yo ki kalifye e ki reklame kredi a te ka peye mwens taks federal, pa peye okenn taks oswa menm jwenn yon ranbousman fiskal. EITC a kapab mete jiska $6 660 nan pòch yon travayè. Montan an varye dapre revni travayè a, estati deklarasyon an ak lòt faktè.

IRS la rekonèt travayè kalifye ki sanzabri yo souvan rankontre yon seri defi lòt moun yo pa rankontre.

Pou yo konnen si yo kalifye, moun yo kapab itilize Asistan EITC a sou IRS.gov. Li disponib ni Anglè ni an Panyòl.

Deklare gratis

Mwayen ki pi rapid ak pi fasil pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an ak Kredi Enpo sou Revni an (EITC) oswa pou jwenn twazyèm Peman Enpak Ekonomik la se itilize Deklarasyon Gratis IRS la pou fè yon deklarasyon elektwonikman. Moun yo kapab itilize yon telefòn entèlijan oswa yon òdinatè pou ale sou IRS.gov la.

Atravè sistèm Deklarasyon Gratis la, nenpòt moun ki kalifye pou EITC a kalifye tou pou itilize lojisyèl gwo mak yo pou prepare ak fè deklarasyon elektwonik yo gratis. IRS la ankouraje tout moun ki sanzabri yo ki genyen yon telefòn entèlijan oswa aksè nan yon òdinatè pou yo pwofite sèvis sa.

Depo dirèk fè peman yo pi rapid

Depo dirèk se mwayen ki pi sekirize ak pi rapid pou resevwa yon ranbousman ak twazyèm Peman Enpak Ekonomik la. Moun yo ap genyen pou yo mete enfòmasyon pou depo dirèk la sou deklarasyon enpo 2020 yo a pou yo jwenn peman yo pa mwayen depo dirèk.

Tout moun ki genyen yon kont epay, chèk oswa koutaj kapab chwazi resevwa ranbousman yo an elektwonikman sou kont sa. Kontribyab yo kapab achte Etazini tou Obligasyon Epay avèk ranbousman yo an (an anglè). Depo Dirèk disponib menm pou moun ki fè deklarasyon enpo sou papye, men tretman deklarasyon enpo sou papye a pran plis tan.

Ede mesaj la difize

Anplwayè yo kapab mete anplwaye yo okouran de twazyèm Peman Enpak Ekonomik la, Kredi Ranbousman Rekiperasyon 2020 an ak Kredi Enpo sou Revni an epi Kredi Enpo pou Timoun (an anglè) nan, ak pandan y ap ankouraje yo pou deklare avantaj sa yo dapre règleman ane fiskal 2020 an. Anplis, Plan Sovtaj Ameriken an, ki te pwomilge nan Mas 2021, elaji EITC a ak avantaj Kredi Enpo pou Timoun yo pou ane fiskal 2020 an.

Kèk moun ap kapab jwenn peman avans Kredi Enpo pou Timoun yo pita ane sa. Pa gen anyen sila yo ki kalifye ap genyen pou yo fè nan nivo sa; se sèlman fè yon deklarasyon enpo 2020.

IRS ap kontinye travay lajman ak gwoup kominotè yo atravè peyi a pou fè moun yo fè deklarasyon enpo yo pou yo resevwa tout Peman Enpak Ekonomik ak kredi yo dwe genyen yo. Efò sa yo te mennen plis pase 8 milyon moun ki pa t konn deklare, fè deklarasyon enpo yo ane pase.

Pou plis enfòmasyon, verifye materyèl sansibilizasyon an (an anglè), ki disponib sou IRS.gov.