Avètisman IRS: Anakè yo pa janm chome; rete vijilan

IR-2022-25, 3 fevriye, 2022

WACHINTON — Pandan nouvo ane a ap kòmanse, Sèvis Revni Entèn nan raple tout kontribyab yo pou yo pwoteje enfòmasyon pèsonèl ak finansye yo pandan tout ane a epi fè atansyon ak anakè ki ap fè tèt yo pase pou IRS, ansanm ak lòt plan, ki eseye pyeje moun nan lide pou fè dap piyanp sou lajan yo travay di pou yo fè a.

Plan sa yo ka enplike mesaj tèks anakè yo voye, dispozitif imèl ak apèl nan lide pou anake moun. Sezon fiskal sa, IRS ap alète moun yo tou pou yo pran anpil prekosyon lè yo wè siy fwod chomaj potansyèl.

"Ak sezon depo ki an kou an, se pi gwo peryòd vòlè idantite yo itilize pou yo kapab frape moun ak imèl ki sanble reyèl epi ekri yo sou deklarasyon enpo yo ak ranbousman yo," daprè Chuck Rettig ki se Komisè IRS la. "Rete vijilan parapò ak anak sa yo ka anpeche moun yo viktim vòl idantite epi pwoteje enfòmasyon pèsònèl sansib yo genyen ki kapab sèvi pou depoze deklarasyon enpo epi vòlè ranbousman yo."

IRS la, ajans fiskal eta yo, ak endistri fiskal nasyon an - ap travay ansanm nan Inisyativ Somè Sekirite a (an anglè) – deja pran anpil mezi depi an 2015 pou pwoteje kontribyab yo, antrepriz yo ak sistèm fiskal la kont vole idantite yo. Patnè some yo kontinye ap avèti moun yo pou yo fè atansyon ak anak komen sa yo ak plan yo pou sezon fiskal sa a.

Anak nan mesaj tèks

Ane pase, te gen yon remonte nan mesaj tèks kote anakè ap fè tèt yo pase pou IRS la. Yo voye anak sa yo sou telefòn entèlijan kontribyab yo epi yo fè referans ak COVID-19 ak/oubyen "pèman relans yo". Mesaj sa yo souvan gen yon seri fo lyen ki fè tèt yo pase pou sit entènèt IRS la oswa lòt zouti anliy yo. Mizapa Aksè Sekirize IRS la, IRS la pa itilize mesaj tèks pou li diskite pwoblèm fiskal pèsonèl pèsonn, tankou pwoblèm ki enplike fakti oubyen ranbousman yo. IRS la p ap voye tou mesaj pou kontribyab yo atravè platfòm medya sosyal yo.

Si yon kontribyab resevwa yon SMS/tèks ke yo pa t solisite ki sanble sòti nan swa IRS la oubyen nan yon pwogram ki gen lyen sere ak IRS la, kontribyab la dwe fè yon skrinchòt mesaj tèks la epi enkli skrinchòt sila nan yon imèl li ap voye sou phishing@irs.gov ak enfòmasyon ki pral swiv yo:

  • Dat/lè/Fizo orè yo te resevwa mesaj tèks la
  • Nimewo telefòn ki te resevwa mesaj tèks la

IRS la ap raple tout moun pou yo PA klike sou lyen yo oubyen louvri pyès jwent ki nan mesaj tèks ki pa solisite, ki sispèk oubyen w pa t atann yo - kit yo ta sòti nan IRS la, ajans fiskal eta yo oubyen lòt ajans yo nan kominote fiskal la.

Fwod chomaj

Pandan yon nouvo sezon fiskal ap kòmanse, IRS la raple travayè yo pran prekosyon parapò ak revandikasyon chomaj oubyen lòt benefis pèman yo pa t janm aplike pou yo. Eta yo te anrejistre yon ogmantasyon nan reklamasyon chomaj ki gen fwod ke rezo krim òganize yo fè ak idantite moun yo vòlè yo. Kriminèl yo ap itilize idantite yo vòlè yo pou yo ranmase benefis nan yon fason malonèt.

Akoz avantaj chomaj yo se revni taksab, eta yo livre Fòmilè 1099-G, Pèman Gouvènman ki sèten yo, bay benefisyè yo ak IRS la pou yo deklare montan konpansasyon taksab yo resevwa yo ak kèlkeswa prelèvman an. Kèlkeswa travayè ki resevwa 1099-G ki gen fwod oubyen ki pa kòrèk dwe siyale li nan ajans etatik ki te livre l la epi fè demann yon Fòmilè 1099-G ki korije.

Pou detay sou kòman pou w siyale fwod la nan ajans mendèv eta yo, kijan pou w jwenn yon fòmilè 1099-G ki korije, kijan pou w jwenn yon lis kontak eta yo ak lòt mezi ki pou pran parapò ak fwod chomaj, kontribyab yo kapab vizite paj Depatman Travay Ameriken an DOL.gov/fraud (an anglè).

Payikilye yo ka viktim vòl idantite chomaj si yo te resevwa:

  • Kourye ki soti nan yon ajans gouvènmantal konsènan yon reklamasyon chomaj oubyen pèman yo pa t fè okenn deklarasyon pou yo. Sa gen ladan l, pèman sanzatann yo oubyen kat debi yo epi yo kapab sòti nan nenpòt eta.
  • Yon Fòmilè 1099-G IRS ki montre avantaj chomaj yo pa t atann oubyen yo pa t resevwa. Kazye 1 sou fòmilè sa ka montre avantaj chomaj ke yo pa t resevwa oubyen yon montan ki depase dosye pou avantaj yo te vrèman resevwa yo. Fòmilè a nan li menm kapab petèt sòti nan yon eta yo pa t fè demann avantaj ladan li.

Yon avi ki soti nan men anplwayè yo a ki endike ke anplwayè a te resevwa yon demann enfòmasyon sou yon reklamasyon chomaj.

Anak amsonaj pa imèl

IRS la pa inisye kontak ak kontribyab yo pa imèl pou li mande enfòmasyon pèsonèl ak finansye. IRS la inisye majorite kontak li yo atravè yon kourye regilye ke Sèvis Postal Etazini livre.

Si yon kontribyab resevwa yon imèl ke yo pa t solisite ki sanble sòti swa nan IRS la oubyen yon pwogram ki gen yon lyen sere ak IRS la men ki gen fwod ladan l, siyale l lè w voye l antanke yon pyès jwent sou phishing@irs.gov. Paj Anak Anliy ak Rapò Amsonaj sou IRS.gov la founi detay ki konplè.

Gen sikonstans espesyal ki egziste kote IRS ap rele oubyen vini nan yon kay oubyen yon antrepriz. Vizit sa yo gen ladan yo lè yon kontribyab gen yon fakti enpo ki an reta, yon deklarasyon enpo ki anreta, oubyen yon pèman enpo travay ki an reta. IRS la ka vizite tout si li bezwe vizite yon antrepriz nan kad yon ankèt sivil (pa egzanp yon odit oubyen yon dosye koleksyon) oubyen pandan yon ankèt kriminèl. IRS la founi oryantasyon espesifik sou kòman pou w konnen si se IRS la k ap frape pòt ou tout bon (an anglè).

Anak nan telefòn

IRS la pa kite mesaj ijans oubyen ki chaje ak menas ki preyanrejistre. Nan plizyè varyasyon anak nan telefòn nan, yo di viktim yo si yo pa retounen apèl la, y ap voye yon manda pou arete yo. Lòt menas vèbal yo gen ladan l entèvansyon ajans fòs lòd, depòtasyon oubyen revokasyon lisans yo.

Kriminèl yo kapab falsifye oubyen "fè izipasyon" nimewo idantifikasyon moun k ap rele a pou parèt nenpòt ki kote sou teritwa peyi a, sa ki gen ki gen ladan l yon Biwo IRS. Sa a anpeche kontribyab yo verifye vrè nimewo telefòn nan. Moun ki ap fè fwod yo fè tèt yo pase tou pou biwo cherif lokal yo, depatman veyikil a mote eta yo, ajans federal yo, ak lòt ankò pou konvenk kontribyab yo ke apèl la lejitim.

IRS la (ak ajans koleksyon prive otorize li yo) p ap janm:

  • Rele pou mande pèman imedya atravè yon metòd pèman espesifik tankou yon kat debi prepeye, kat kado oubyen viman bankè. IRS la pa itilize metòd sa yo pou pèman enpo yo.
  • Menase pou vin ak lapolis lokal oubyen lòt gwoup fòs lòd prese prese pou arete kontribyab la paske l pa t peye.
  • Mande pou yo peye enpo yo san yo pa bay kontribyab la opòtinite pou li kesyone oubyen fè apèl pou montan li dwe a.
  • Mande nimewo kat kredi oubyen kat debi nan telefòn.

Jeneralman, IRS la ap voye an premye lye yon fakti pa lapòs pou tout kontribyab ki dwe enpo yo. Tout pèman enpo yo dwe al jwenn Trezò Ameriken epi chèk yo pa dwe janm sou non tyès yo.

Pou tout moun ki pa dwe enpo epi ki pa gen okenn rezon pou yo panse yo dwe enpo:

Pou tout moun ki dwe enpo oubyen ki panse yo dwe:

  • Gade enfòmasyon sou kont enpo anliy sou IRS.gov pou w wè montan reyè l ou dwe a. Kontribyab yo kapab revize opsyon pèman yo.
  • Rele nimewo a sou bòdwo fakti a oubyen
  • Rele IRS nan 800-829-1040. Anplwaye IRS yo ka ede.

Asistans pou viktim vòl idantite yo

Malerezman anak ak plan sa yo ka souvan debouche sou vòl idantite. Pandan ke vòl idante ka gen anpil konsekans, IRS la konsantre l sou vòl idantite ki lye ak enpo.

Vòl idantite ki lye ak enpo a rive lè yon moun itilize nimewo Sekirite Sosyal (SSN) yon patikilye li vòlè pou depoze yon deklarasyon enpo ki reklame yon ranbousman yon fason ki gen fwod. Kontribyab yo ka pa okouran de aktivite sa jiska lè yo fè yon deklarasyon pa vwa elektwonik epi yo dekouvri ke gen yon deklarasyon ki te depose deja ak SSN yo a. Oubyen, IRS la ka voye yon lèt pou yo ki di li idantifye yon deklarasyon sispèk ki itilize SSN yo a.

Si yon kontribyab aprann yo te konpwomèt SSN li a, oubyen yo konnen oubyen sispèk yo se yon viktim vòl idantite ki lye ak enpo, IRS la rekòmande etap adisyonèl sila yo:

  • Patikilye yo dwe reponn prese prese tout avi IRS voye; rele nan nimewo yo bay la.
  • Kontribyab yo dwe ranpli Fòmilè 14039, Deklarasyon Vòl Idantite sou Sèman (an anglè)PDF, si yo rejte yon deklarasyon enpo ki fèt pa vwa elektwonik akoz yon deklarasyon ki simile ki fèt ak SSN yo a oubyen IRS te pase yon enstriksyon pou yo fè sa. Patikilye yo ka itilize yon fòmilè ki pou ranpli sou IRS.gov, answit, enprime epi mete fòmilè a nan deklarasyon papye yo a epi voye yo pa lapòs selon enstriksyon yo.
  • Viktim vòl idantite ki lye ak enpo a yo ta dwe kontinye peye enpo yo epi depoze deklarasyon enpo yo, menm si yo oblije fè sa sou papye.
  • Kontribyab ki te kontakte IRS la avan sa konsènan yon vòl idantite ki gen rapò ak enpo epi ki pa t jwenn yon rezolisyon ta dwe fè yon apèl pou yon asistans espesyalize nan 800-908-4490.

Plis enfòmasyon disponib sou: IRS.gov/identitytheft oubyen IdentityTheft.gov (an anglè) Komisyon Komès Federal la.

Sit entènèt ofisyèl IRS la se IRS.gov. Moun yo ta dwe okouran de sit entènèt imitasyon ki fini pa .com. Sa aplike pou lòt zouti IRS yo tou, tankou Deklarasyon Gratis – yo tout fini ak .gov.

Pou plis enfòmasyon, vizite Alèt Konsomatè ak Anak Fiskal sou IRS.gov. Enfòmasyon adisyonèl sou anak fiskal disponib nan sit medya sosyal IRS yo (an anglè), sa ki enkli videyo YouTube yo.

Plis Enfòmasyon: