Konnen kijan IRS kontakte kontribyab yo gendwa ede ou pwoteje tèt ou kont eskwòk yo

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Mizajou 1ye Dawout 2023: IRS la mete fen nan vizit san anons ofisye revni yo bay kontribyab yo; gwo chanjman pou mete fen nan konfizyon, ogmante sekirite nan kad gwo efò transfòmasyon ajans lan (an anglè)

Konsèy Fiskal IRS 2022-114, 27 Jiyè 2022

Eskwòk yo souvan pretann yo se IRS pou yo kapab vòle enfòmasyon pèsonèl kontribyab yo. Yo gendwa kontakte ou pa fo apèl telefonik, imèl, mesaj tèks oswa sou rezo sosyal yo. Li enpòtan pou kontribyab yo konnen kijan IRS kapab rantre an kontak ak yo, yon fason pou yo pa viktim de vòl idantite.

Jeneralman, IRS ap gen pou li voye yon avi oswa yon lèt bay kontribyab la dabò pa lapòs.

  • Kontribyab la gendwa vizite paj Konprann avi oswa lèt IRS ou a pou kapab chèche avi IRS yo. Sepandan, se pa tout avi IRS yo w ap kapab chèche sou sit la.
  • Ou sipoze konnen, pafwa, magouyè sa yo konn pretann yo deja voye yon avi bay kontribyab la pa lapòs oswa fè referans ak yon avi IRS yon fason pou yo kapab fèw tonbe nan pyèj yo a.
  • Kontribyab yo kapab tcheke kont anliy sekirize yo a oswa kontakte IRS pou yo kapab verifye si avi yo resevwa a pa yon fo.
  • Antrepriz Alèjman dèt yo souvan voye òf pou soulaje dèt taks san ou pa menm mande yo sa.

IRS gendwa voye yon avi bay kontribyab yo ki gen pou wè ak reyalizasyon deklarasyon taks ki pase yo dwe (an anglè). Yo sipoze voye deklarasyon pase yo dwe yo nan adrès elektwonik yo bay nan avi a. Kontribyab yo kapab itilize fòm, enstriksyon ak piblikasyon pou ane ki pase (an anglè) ki sou sit IRS.gov la pou yo kapab fè deklarasyon taks ki pase yo dwe yo oswa yo kapab travay ak yon pwofesyonèl taks.

Aprè IRS fin voye yon lèt oswa yon avi ale pa lapòs, li gendwa sone kontribyab la.

  • Ajan revni IRS yo oswa ofisye konfòmite yo gendwa sone yon kontribyab oswa yon pwofesyonèl taks aprè li fin voye yon avi ale pa lapòs pou kapab konfime yon randevou oswa pou diskite kèk pwen ki gen pou wè ak yon randevou pou odit. IRS ankouraje kontribyab yo pou yo re gade Kòman ou ka konnen se vrèman IRS k ap rele oswa frape pòt ou: Koleksyon (an anglè).
  • IRS la pa kite mesaj ki anrejistre, ki ijan oswa menasan. Nan anpil anak nan telefòn, yo di viktim yo si yo pa retounen rele, y ap fè yon manda pou voye arete yo. 
  • Reprezantan prive pou kolekte dèt k ap travay ak IRS yo, kapab sone kontribyab la pou kolekte yon sèten obligasyon fiskals enpòtan ki inaktif, men se sèlman aprè kontribyab la ak reprezantan li fin resevwa yon avi alekri.
  • Nou pa sipoze konfonn yon kolektè dèt prive ak yon konpayi alèjman dèt k ap rele nou, voye lyen, avi oswa imèl bay kontribyab yo ki gen pou wè ak òf soulajman dèt.

IRS la pa inisye kontak avèk kontribyab yo pa imèl pou mande yo enfòmasyon pèsonèl oswa finansyè.

  • Kontribyab yo pa sipoze reponn yon imèl eskwokri yon moun voye ba li pou li fè kwè li se IRS, paske adrès elektwonik la gendwa fo oswa yo pirate li. Imèl ki sòti nan IRS yo ap fini pa IRS.gov.

IRS pa voye mesaj oswa itilize rezo sosyal pou kontakte moun.

  • Apre Aksè Sekirize IRS, IRS pa itilize mesaj tèks pou diskite sou pwoblèm taks pèsonèl tankou sila yo ki enplike fakti oswa ranbousman. Epi tou, IRS la pap voye mesaj bay kontribyab la atravè platfòm medya sosyal yo.
  • Eskwo yo gendwa ekri yon kontribyab ak yon mesaj ki pa kanpe sou anye ki pale de COVID-19 oswa “peman estimilis yo.” Mesaj sa yo souvan genyen fo lyen ki di yo se sitwèb IRS oswa lòt zouti anliy.
  • Magouyè yo gendwa fè yo pase pou ajan gouvènman oswa ajans ki legal, sou rezo sosyal yo epi eseye inisye kontak ak kontribyab yo.

Ofisye Revni IRS yo ak ajan yo gendwa rann ou vizit an pèsòn.

  • Abityèlman, ofisye revni IRS yo ak ajan yo konn vizite, aprè anons, kay kontribyab la oswa lokal biznis li pou kapab diskite dèt taks, deklarasyon taks ki pa kòrèk oswa yon biznis ki pa ajou nan depo taks sou pewòl yo.
  • Ofisye revni IRS yo ap mande kontribyab la pou li peye dèt taks la. Sepandan, kontribyab yo sipoze konnen yo p ap janm mande li peye pou yon sous ki pa Trezò peyi Etazini.
  • Lè gen yon moun ki sòti nan IRS ki vizite yon kontribyab, kontribyab la sipoze toujou mande li pou li idantifye li. Yon reprezantan IRS kapab toujou bay de kalite idantifikasyon ki ofisyèl: youn k ap soti nan pòch li ak yon Idandifyan pou Verifikasyon Idantide Pèsonèl (an anglè).

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy Fiskal IRS yo (an anglè)