Rapèl nouvèl ane lekòl la pou edikatè yo, maksimòm dediksyon sou depans edikatè a monte a 300 dola nan 2022 a

IR-2022-148, 10 dawou 2022

WASHINGTON — Pandan nouvèl ane akademik la pral kòmanse, Sèvis Revni Entèn nan ap raple ansenyan yo ak lòt edikatè yo ke y ap anmezi pou yo dedwi jiska 300 dola nan depans lajan pòch pou 2022 a lè yo fè deklarasyon enpo sou revni federal yo lòt ane.

Se premye fwa limit anyèl la ogmante depi lè dediksyon sou depans edikatè espesyal la te adopte an 2002. Pou ane fiskal soti 2002 rive 2021, limit la se te 250 dola pa ane. Limit la ap ogmante pa 50 dola nan ane k ap vini yo selon ajisteman enflasyon yo.

Pou 2022 a, yon edikatè kalifye kapab dedwi jiska 300 dola depans kalifye. Si yo marye epi fè yon deklarasyon konjwen avèk yon lòt edikatè ki kalifye, limit ap pase a 600 dola. Men nan sitiyasyon sa a, li pap depase 300 dola pou chak konjwen.

Kiyès ki kalifye?

Edikatè yo kapab reklame dediksyon sa a, menm si yo pran dediksyon estanda a. Yon edikatè elijib se yon anseyan nivo kindègadenn rive klas 12èm ane, enstriktè, konseye, direktè, oubyen asistan ki te travay nan yon lekòl pou pi piti 900 è de tan pandan ane lekòl la. Edikatè nan lekòl piblik kou prive kalifye.

Kisa ki dediktib?

Edikatè yo kapab dedwi sa yo pa ranbouse pou:

  • Liv, founiti ak lòt materyè ki sèvi nan sal klas la.
  • Ekipman, tankou ekipman òdinatè, lojisyèl ak sèvis yo.
  • Bagay pou pwoteksyon kont COVID-19 pou anpeche pwopagasyon maladi a nan sal klas la. Sa gen ladan mas pou vizaj, dezenfektan pou itilize kont COVID-19, savon pou men, dezenfektan pou men, gan ki pa sèvi 2 fwa, tep, penti oswa krè make distans sosyal, baryè fizik, tankou pleksiglas transparan, pirifikatè lè ak lòt bagay Sant pou Kontwòl Maladi ak Prevansyon rekòmande.
  • Kou sou devlòpman pwofesyonèl ki an rapò ak kourikoulòm yo anseye a oswa elèv y ap anseye yo. Men IRS la avèti, pou depansa sa yo, ka gen plis avantaj nan reklame yon lòt avantaj fiskal edikasyonèl, espesyalman kredi aprantisaj pou lavi a. Gade Piblikasyon 970, Avantaj Fiskal pou Edikasyon (an anglè) pou detay, patikilyèman chapit 3.

Depans kalifye pa enkli depans pou ansèyman a domisil oubyen founiti ki pa espòtiv pou kou ki pou wè ak edikasyon sanitè oubyen edikasyon fizik. Menm jan pou tout dediksyon yo ak tout kredi yo, IRS la ap raple edikatè pou yo byen konsève dokiman yo, tankou resi, chèk ki anile ak lòt dokimantasyon.

Rapèl pou deklarasyon enpo 2021 y ap fè kounyeya: Limit dediksyon an se 250 dola

Pou sila yo ki te resevwa yon pwolongasyon pou deklarasyon enpo oswa ki toujou bezwen fè yon deklarasyon enpo 2021 yo, IRS la apraple tout edikatè k ap travay toujou sou deklarasyon enpo 2021 yo a limit dediksyon an se 250 dola. Si yo marye epi fè yon deklarasyon konjwen avèk yon lòt edikatè ki kalifye, limit la ap pase a 500 dola. Men nan sitiyasyon sa a, li pap depase 250 dola pou chak konjwen.

Depoze pa vwa elektwonik lè nou pare. Lojisyèl deklarasyon enpo a itilize yon fòma kesyon-repons ki rann zafè depoze taks la pi fasil. Ke se moun nan ki prepare deklarasyon li poukont li oswa avèk èd yon pwofesyonèl enpo oswa yon volontè kominotè ki fòme, IRS la ankouraje tout moun pou yo deklare pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk pou ranbousman yo. Vizite Opsyon Deklarasyon Elektwonik pou Endividi yo pou detay.

Anplis, IRS ankouraje tout moun ki dwe taks yo pou yo chwazi peye pa vw elektwonik ki pi rapid ak pi konfòtab, tankou avèk Pèman Dirèk IRS, ki se yon sèvis disponib sou IRS.gov sèlman. Pou enfòmasyon konsènan sa a ak lòt opsyon pèman, ale sou Peye Anliy.

Kontribyab ki te fè demann tan adisyonèl pou fè yon deklarasyon taks ak done ki egzat gen jiska 17 oktòb 2022. Moun ki gen tout sa yo bezwen pou yo fè yon deklarasyon taks sipoze fè sa pi vit posib yon fason pou yo kapab evite reta nan tretman deklarasyon taks yo. Nou ankouraje kontribyab yo pou yo deklare pa vwa elektwonik lè yo pare epi evite presipite nan dènye minit pou deklare nan dènye jou a.