Zòn Opòtinite yo

Mizajou: avril 2022

FS-2020-13, Out 2020

Enfòmasyon enpòtan sou zòn opòtinite yo

Lwa sou rediksyon enpo ak travay genyen chanjman ki afekte antrepriz yo ak patikilye yo. Youn nan yo se kreyasyon zouti motivasyon pou taks yo rele "Zòn opòtinite", yon zouti pou devlopman ekonomik ki pèmèt moun yo envesti nan zòn ki an difikilte yo. Objektif zouti motivasyon sa a se pou estimile devlopman ekonomik ak kreyasyon travay nan kominote ki an difikilte yo pandan y ap bay envestisè yo avantaj fiskal yo. Kominote pòv yo ak kèk kominote vwazen kalifye kòm Zòn Opòtinite si eta a, distrik Columbia a oswa yon teritwa ameriken deziyen yo pou sa epi Biwo Trezò Ameriken sètifye nominasyon sa a. Selon pwosesis nominasyon an, 8 764 kominote nan tout 50 eta yo, distri Columbia ak 5 teritwa ameriken te sètifye kòm Zòn Opòtinite ki kalifye (QOZs, an anglè). Annapre Kongrè a te deziyen chak kominote ki pòv nan Pòto Riko kòm Zòn Opòtinite ki kalifye ofisyèlman apati 22 desanm 2017. Lis chak Zòn Opòtinite yo nan notifikasyon IRS yo 2018-48 (an anglè) epi 2019-42 (an anglè). Genyen tou yon kat vizyèl (an anglè) sektè resansman an yo deziyen kòm Zòn Opòtinite Kalifye (QOZ).

Benefis nan envestisman nan zòn opòtinite yo

Zòn Opòtinite yo ofri envestisè ki chwazi repòte taks yo sou revni yo an kapital yo benefis fiskal yo pou yon peryòd tan, si yo envesti montan revni sa yo atan nan yon Fon Opòtinite ki kalifye (QOF, an anglè). Envestisè yo ka repòte taks yo sou montan revni yo te envesti a jiskaskere se yon evènman ki redwi oswa fini envestisman kalifye a nan QOF la (yon "evènman enklizyon") oswa 31 desanm 2026, kèlkeswa dat ki pi pre a.

Kantite tan kontribyab yo kenbe envestisman QOF la detèmine benefis fiskal yo resevwa.

  • Si envestisè a kenbe envestisman QOF la pou pi piti senk (5) lane, kapital envestisman QOF la ogmante de 10% revni ki repòte a.
  • Si envestisè a kenbe envestisman QOF la pou pi piti sèt (7) lane, kapital envestisman QOF la ogmante de 15% revni ki repòte a.
  • Si envestisè a kenbe envestisman QOF la pou pi piti 10 lane, envestisè a kalifye pou chwazi ajiste kapital envestisman QOF la ak valè mache a nan moman l ap vann oswa fè echanj ak envestisman QOF la.

Ranvwa revni kalifye a

Yo rele revni ki ka repòte yo, "revni kalifye". Yo gen ladann revni sou kapital lajan ak revni 1231 ki kalifye, men sèlman revni ki t ap rekonèt pou itilite taks sou revni federal anvan 1ye janvye 2027 epi ki pa soti nan yon tranzaksyon ki gen pou wè ak yon moun ki konsène. Pou jwenn ranvwa sa a, yo dwe envesti montan revni kalifye a atan nan yon QOF sou baz yon echanj pou yon enterè egalego nan QOF la (envestisman ki kalifye). Depi sa fin fèt, kontribyab yo ka chwazi ranvwaye revni an nan deklarasyon enpo federal sou revni federal la pou ane fiskal kote revni an t ap rekònèt si yo pa t repòte l.

Kontribyab yo ka chwazi repòte revni yo, an gwo oswa pa moso. Pou enfòmasyon adisyonèl, gade Kòman pou Repòte yon Chwa pou Repòte Taks sou Revni Kalifye yo Envesti nan yon QOF nan Enstriksyon Fòm 8949 (an anglè).

Ekzijans envestisè yo nan sa ki pou wè ak enfòmasyon

Sila yo ki te gen yon envestisman kalifye nan yon QOF pandan yon moman nan ane fiskal la dwe depoze Fòm 8997 (an anglè) avèk deklarasyon taks federal li ki depoze atan (ansanm ak pwolongasyon). Si yo pa depoze Fòm nan, y ap sipoze jiska prèv pou lekontrè gen yon evènman enklizyon ki fini envestisman kalifye a nan yon QOF.

Fon Opòtinite ki Kalifye yo

Yon QOF se yon zouti envestisman ki fè yon deklarasyon enpo federal yon patenarya oswa yon sosyete epi ki òganize nan objektif pou envesti nan byen QOF. Pou vini yon QOF, yon patenarya oswa yon sosyete kalifye sètifye tèt yo pandan yo soumèt Fòm 8996 la avèk deklarasyon enpo federal sou revni li yo ki depoze atan (ansanm ak pwolongasyon yo). Yon QOF dwe kenbe pou pi piti 90% aktif li yo, mezire sou de (2) tès anyèl, nan pwopriyete zòn opòtinite kalifye, oswa peye yon penalite mansyèl pou chak mwa li pa an konfòmite. Pi lwen, antite ki te chwazi oswa k ap chwazi pou li vin yon QOF dwe depoze yon Fòm 8996 (an anglè) ki ranpli avèk deklarasyon taks federal li ki depoze atan (ansanm ak pwolongasyon yo) pou deklare ke QOF la reponn ak 90% estanda envestisman an oswa pou kalkile penalite a si li pa reponn ak estanda envestisman an. Yo ekzije sa men nan ane kote sosyete a oswa patenarya a pa gen revni ki gen taks sou li. Gade Enstriksyon sou Fòm 8996 (an anglè). Yon LLC (Limited Liability Company, Konpayi ki gen Responsabilite Limite) ki chwazi pou yo konsidere li tankou yon sosyete oswa yon patenarya pou finalite enpo sou revni federal kapab òganize yo tankou yon QOF.

Pwopriyete nan Zòn Opòtinite ki Kalifye

Pwopriyete QOZ la se enterè pwopriyete ki kalifye QOF nan yon sosyete oswa patenarya ki gen yon biznis QOZ nan yon QOZ oswa kèk pwopriyete QOF ki ekziste yo itilize nan yon biznis nan QOZ la. Pou w kapab yon enterè pwopriyetè ki kalifye nan yon sosyete oswa patenarya, (1) ou dwe jwen enterè a apre 31 desanm 2017, sèlman an echanj pou lajan kach; (2) sosyete a oswa patenarya dwe yon biznis QOZ; ak (3) pou 90% nan peryòd tan yo kenbe enterè sa a, sosyete a oswa patenarya te yon biznis QOZ. Gade Enstriksyon sou Fòm 8996 (an anglè).

Pwopriyete biznis nan Zòn Opòtinite ki kalifye

Pwopriyete biznis QOZ se pwopriyete byen mèb yon QOF achte apre 2017 epi itilize nan yon komès oswa biznis ak:

  • Premye Itilizasyon pwopriyete a nan QOZ la kòmanse ak QOF la oswa biznis QOZ la OSWA biznis QOF la oswa QOZ la te byen amelyore pwopriyete a; ak
  • Pandan 90% nan peryòd tan biznis QOF oswa QOZ kenbe pwopriyete a, anpil (jeneralman pou pi piti 70 pousan) nan itilizasyon pwopriyete a te nan yon QOZ.

Pwopriyete yo lwe kapab kalifye kòm pwopriyete biznis QOZ tou. Pou kalifye, kontra afèmaj la dwe yon kontra ki fèt ak to mache yo ki konkli apre 31 desanm 2017. Si pati yo ki nan kontra a gen relasyon ant yo, kontra a dwe yon kontra ki fèt ak to mache yo ki konkli apre 31 desanm 2017, pa dwe gen pèman antisipe ki an rapò ak kontra a ki depase 12 mwa, e si pwopriyete a ki nan kontra a te sèvi nan QOZ la deja, ebyen biznis la dwe achte yon nouvo pwopriyete tanjib pou sèvi nan QOZ la k ap gen menm vale ak pwopriyete kontra a.

Biznis nan Zòn Opòtinite ki Kalifye

Chak ane fiskal, yon biznis QOZ dwe touche pou pi piti 50% nan revni an gwo li fè nan aktivite biznis li nan yon QOZ. Règleman yo bay twa (3) sfè sekirite yon biznis ka itilize pou satisfè tès sa a. Twa sfè sekirite sa yo pran an konsiderasyon bagay sa yo:

  • Si pou pi piti mwatye total èdtan sèvis yo, biznis la resevwa, te fèt nan yon QOZ;
  • Si pou pi piti mwatye total montan lajan biznis la te peye pou sèvis yo, se te pou sèvis ki fèt nan yon QOZ; oswa
  • Si pwopriyete byen mèb ki nesesè ak fonksyon komèsyal ki nesesè pou kreye revni te sitiye yo nan yon QOZ.

Resous