Rezon ki lakoz kèk ranbousman taks elektwonik pran plis pase 21 jou

IR-2022-65, 23 mas 2022

WACHINTONN (WASHINGTON) — Malgre Sèvis Revni bay pifò ranbousman yo nan mwens pase 21 jou pou kontribyab ki te fè deklarasyon elektwonik yo e ki te chwazi depo dirèk, kèk ranbousman gendwa pran plis tan ke sa.

Anpil faktè diferan ka afekte tan yon ranbousman an apre IRS fin resevwa yon deklarasyon. Yon revizyon manyèl gendwa nesesè lè yon deklarasyon gen erè, enkonplè oswa vòl idantite oswa fwod afekte li.

Lòt deklarasyon yo gendwa mande plis tan pou yo trete, tankou lè yon deklarasyon mande yon koreksyon ki gen pou wè ak  Kredi Taks pou Timoun  oswa montan Kredi Ranbousman Rekiperasyon an, ki gen ladann yon reklamasyon ki fèt pou reklame yon Kredi Taks sou Revni ou Antre oswa yon Kredi Taks pou Timoun Adisyonèl (An anglè), oswa li gen ladan l yon Fòm 8379, Alokasyon Konjwen ki Blese (an anglè) PDF, ki ka pran jiska 14 semèn pou yo trete.

Fason ki pi rapid pou jwenn yon ranbousman taks se lè w fè deklarasyon elektwonik epi chwazi depo dirèk. Kontribyab yo ki pa gen yon kont bankè kapab jwenn plis enfòmasyon sou fason pou ouvri yon kont nan yon bank ki gen asirans FDIC (an anglè) oswa nan Zouti pou Lokalize Koperativ Nasyonal yo (an anglè).

IRS avèti kontribyab yo pou yo pa twò konte sou dat yo gen pou yo resevwa yon ranbousman, espesyalman lè yo fè gwo acha oswa peye bòdwo yo. Gen kèk deklarasyon ki gendwa mande revizyon adisyonèl epi yo ka pran plis tan. Epitou, sonje pran an konsiderasyon tan ki neseè pou yon enstitisyon finansyè depoze ranbousman an sou kont ou oswa voyel li ba ou pa lapòs.

Pou tcheke estati yon ranbousman, kontribyab yo sipoze itilize zouti Kote Ranbousman Mwen an? ki sou sit IRS.gov la. Enfòmasyon pou deklarasyon ki fèt pou dènye ane fiskal yo jeneralman disponib nan lespas 24 èdtan apre IRS fin rekonèt li resevwa deklarasyon elektwonik yon kontribyab. Si yo fè yon deklarasyon sou papye, kontribyab yo sipoze tann kat semèn anvan yo tcheke estati a.

IRS ap gen pou kontakte kontribyab yo pa lapòs lè li bezwen plis enfòmasyon pou trete yon deklarasyon. Reprezantan telefòn IRS yo ak lòt reprezantan yo ka fè rechèch sou sitiyasyon yon ranbousman sèlman si li te:

  • fèt elektwonikman depi 21 jou oswa plis (oswa depi dat kòmansman sezon deklarasyon IRS la - menm si li ta pi ta),
  • Voye ale pa lapòs depi sis (6) sis semèn oswa plis, oswa lè zouti
  • Kote Ranbousman Mwen an? di kontribyab la pou l kontakte IRS.

Anvan yo fè yon deklarasyon, premye kote kontribyab yo sipoze ale pou kapab jwenn èd oswa enfòmasyon yo gen bezwen pou kapab fè deklarasyon an se sou sit IRS.gov la. Zouti yo fasil pou itilize epi yo disponib vennkat sou vennkat. Plizyè milyon moun sèvi ak yo pou ede yo fè deklarasyon ak peye taks, jwenn enfòmasyon sou kont yo, jwenn repons pou kesyon taks yo epi jwenn konsèy pou reyalizasyon yon deklarasyo(an anglè).

Deklarasyon taks 2020 yo

Èske w ap tann yo trete yon deklarasyon taks 2020 pou ou? Moun deklarasyon 2020 yo poko trete yo sipoze toujou fè deklarasyon taks 2021 yo avan dat limit avril la oswa fè demann yon ekstansyon.

Moun ki fè deklarasyon elektwonik ki fè pati de gwoup sa a ap bezwen Revni Brit Ajiste yo, oswa AGI, ki soti nan dènye deklarasyon taks yo. Pou moun k ap tann pou yo trete deklarasyon taks 2020 yo, asire nou se $0 (zewo dola) nou mete pou AGI ane pase a nan deklarasyon taks 2021 an. Vizite Valide Deklarasyon Taks Elektwonik ou a pou plis detay.

Epitou, lè kontribyab yo ap prepare yon deklarasyon taks ak fè deklarasyon elektwonik, kontribyab yo dwe siyen epi valide deklarasyon taks elektwonik la (an anglè) lè yo antre Revni Brit Ajiste (AGI) ane anvan yo oswa kòd PIN ane avan an (prior year Self-Select) (SSP). Moun ki te fè deklarasyon elektwonik ane pase yo gendwa te kreye yon kòd PIN senk (5) chif ki kapab itilize antanke siyati elektwonik yo. Anjeneral, lojisyèl taks antre enfòmasyon yo otomatikman pou kliyan ki te ilize yo deja. Kontribyab k ap itilize youn nan lojisyèl sa yo pou premye fwa ap oblije antre enfòmasyon sa yo.

Kontribyab yo sipoze revize enstriksyon espesyal yo pou kapab valide yon deklarasyon taks elektwonik 2021 si yo poko trete deklarasyon 2020 yo oswa yo te itilize zouti pou moun ki pat fè deklarasyon an 2021 pou yo kapab enskri pou kapab resevwa yon avans pèman Kredi Taks pou Timoun oswa twazyèm Pèman Enpak Ekonomik an 2021.