Egzaminen kalifikasyon pou kedi yo ak dediksyon yo se yon pati ki enpòtan nan planifikasyon fiskal la pou tout ane a

Konsèy sou Taks pou COVID 2021-90, June 23, 2021

Kontribyab yo ta dwe prepare yo pou reklame kredi enpo yo ak dediksyon yo. Men kèk fè apwopo kredi yo ak dediksyon yo ki ka ede yon kontribyab nan planifikasyon fiskal li pou tout ane a:

  • Revni ki gen taks sou li a se sa ki rete ape yon moun fin retire tout dediksyon kalifye nan revni brit ajiste yo a. Sa gen ladan dediksyon estanda a (an anglè). An reyalite, majorite endividi kontribyab yo pan dediksyon estanda a. Yon lòt kote, gen kontribyab ki ka chwazi detaye dediksyon yo a paske sa ka diminye revni ki gen taks sou li a.
  • Antanke yon prensip jeneral, si dediksyon detaye yon kontribyab pi gwo pase dediksyon estanda li a, yo ta dwe detaye. Epitou, nan kèk ka, kontribyab yo ka menm gen obligasyon pou li detaye.
  • Kontribyab yo kapab itilize Asistan Taks ki ka Entèraji  (an anglè) pou yo ka wè ki depans yo ka anmezi pou detaye.
  • Kontribyab yo ka retire kredi enpo yo nan montan total enpo yo dwe a. Pou yo reklame yon kredi, kontribyab yo ta dwe konsève done k ap montre yo kalifye pou sa.
  • Plan Sovtaj Ameriken an te fè chanjman nan plizyè gwo kredi fiskal, tankou kredi enpo pou timoun ak pou depandan an, kedi enpo sou revni pou sila ki pa gen timoun nan ak kredi enpo pou timoun nan.  Li enpòtan pou kontibyab yo konprann kòman chanjman sa yo ka afekte deklarasyon enpo 2021 an.
  • Lè yo reklame kredi fiskal yo kòmsadwa, sa ka redwi enpo yo dwe epi ogmante ranbousman yo. Kontribyab yo ka verifye kounya pou yo wè si yo kalifye pou reklame li ane pwochenn nan deklarasyon enpo yo a. Gen kredi fiskal, tankou EITC a, li menm ranbousab, sa ki vle di, yon kontribyab ka jwenn lajan yo ranbouse li menmsi li pa dwe okenn taks.

Plis enfòmasyon:

Abòne nan Konsèy sou Taks IRS yo (an anglè)