Gid Peryòd Enpo: Konsiderasyon enpòtan anvan depo yon deklarasyon enpo 2021

IR-2022-23, 1ye fevriye, 2022

WACHINTON — Kòm sezon taks 2022 a louvri kounya, Sèvis Revni Entèn nan raple kontribyab yo pou yo asire yo gen sa yo gen bezwen anvan yo depoze oubyen konsidere resous gratis ki disponib yo pou ede yo òganize yo.

Kominike sa fè pati yon seri ki rele Gid Peryòd Enpo a (an anglè) a, yon resous pou ede kontribyab yo depoze yon deklarasyon enpo ki kòrèk. Èd adisyonèl (an anglè) disponib sou IRS.gov oubyen nan Piblikasyon 17, Enpo sou Revni Federal ou (an anglè).

Pa depoze anvan w pare

Pandan kontribyab yo pa dwe depoze an reta, yo pa dwe depoze avan lè nonplis. Moun ki depoze avan yo resevwa tout deklarasyon revni apwopriye yo riske fè yon erè ki ka debouche sou reta nan tretman yo.

Jeneralman, fòmilè fen ane yo kòmanse rive pa lapòs -oubyen yo dispobib anliy - an janvye. Kontribyab yo dwe revize yo ak anpil atansyon. Si tout enfòmasyon ki parèt yo pa kòrèk oubyen pa disponib, kontribyab yo dwe kontakte moun ki ap peye a (an anglè) imedyatman pou gen koreksyon ki fèt oubyen pou asire yo jwenn kourye aktyèl yo a oubyen adrès imèl la.

Sa ki nouvo ane sa, IRS te voye Lèt 6419, Rekonsilyasyon Kredi Enpo Antisipe pou Timoun (an anglè), an janvye 2022 pou ede kontribyab yo rekonsilye epi resevwa montan total Kredi Enpou pou Timoun 2021 yo a. Lèt sa gen ladan l montan total antisipe pèman Kredi Enpo pou Timoun nan kantite timoun kalifye ki itilize pou kalkile pèman antisipe yo a. Moun yo bezwen enfòmasyon enpòtan sa pou reklame kòrèkteman lòt mwatye Kredi Enpo pou Timoun ane 2021 an lè y ap depoze deklarasyon enpo 2021 yo a aki anpeche reta nan tretman yo. IRS raple moun yo pou verifye enfòmasyon sa ak anpil atansyon an (anglè) ak anpil atansyon.

Yo te livre deja twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik pou majorite moun epi yo p ap mete ladan l tout enfòmasyon sou li lè yo depoze. Poutan, moun ki pa t kalifye pou yon twazyèm pèman oubyen ki pa t resevwa montan konplè a kapab elijib pou Kredi Ranbousman Rekiperasyon selon sitiyasyon taks 2021 yo a. Yo ap bezwen total montan twazyèm Pèman Enpak Ekonomik yo a pou depoze yon deklarasyon enpo ki kòrèk pou evite yon tretman an reta. Kontribyab yo kapab konekte Kont Anliy pou wè total montan twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik oubyen tann pou resevwa Lèt 6475 IRS la. 

Patikilye yo pa egzije pou depoze dwe depoze yon deklarasyon enpo pou reklame kredi enpo enpòtan yo

IRS ankouraje ak tout fòs li patikilye ke yo pa egzije pou depoze yon deklarasyon enpo pou yo depoze youn sezon sa pou yo kapab reklame potansyèlman dè milye dola nan kredi taks yo. Lè yo depoze yon deklarasyon, patikilye yo ka reklame:

  • Kredi Ranbousman Rekiperasyon an pou yo resevwa tout rès pèman relans 2021 ke yo te gen posibilite pou resevwa (pa egzanp, si yo te ajoute yon nouvo timoun oubyen yon lòt depandan an 2021);
  • Rès Kredi Enpo pou Timoun yo elijib pou li a, sa ki gen ladan l tout pèman mansyèl yo petèt pa t resevwa (pa egzanp, si yo te ajoute yon nouvo timoun kalifye an 2021); epi
  • Kredi Enpo sou Revni ou Antre la, pi gwo kredi enpo ranbousab pou fanmi ki gen revni fèb ak revni mwayen gouvènman federal la (montan sila prèske triple pou deklaran ki pa gen pitit yo).

Gade kont enfòmasyon anliy IRS la

Kontribyab yo ka itilize Kont Anliy IRS la pou gen aksè nan tout sekirite sou kont taks federal yo a, sa ki gen ladan l, pèman yo, dosye taks yo ak plis ankò.

Pou ede depoze yon deklarasyon, patikilye yo ka gade:

  • Montan total Pèman Enpak Ekonomik yo te livre pou ane fiskal 2021 an
  • Ansanm montan total pèman antisipe Kredi Enpo pou Timoun yo
  • Revni Brit Ajiste nan dènye deklarasyon enpo yo a
  • Total tout pèman taks estime yo te fè, ak ranbousman yo te aplike antanke kredi

Kounya yo kapab fè epi suiv pèman yo epi jere preferans kominikasyon yo tou, sa ki gen ladan l opsyon pou w ale san papye oubyen fè demann notifikasyon imèl yo pou sèten avi ki disponib anliy. Yo ankouraje kontribyab yo enskri pou yon kont anliy, si yo pa t ko fè sa deja, oubyen enskri pou aksede a enfòmasyon sa epi eksplore nouvi karakteristik sa yo.

Dokiman taks enpòtan pou ane 2021 an

Dosye fiskal ki òganize yo pèmèt prepare yon deklarasyon enpo konplè ak kòrèk pi fasil epi kapab ede kontribyab yo jwenn dediksyon oswa kredi yo souzestime yo.

Kontribyab yo dwe tann pou depoze jiskake yo jwenn tout deklarasyon revni de sipò yo ladan l men ki pa limite a:

Èd gratis

Yon fwa ke kontribyab yo kolekte tout dokiman taks ak enfòmansyon yo, yo pare pou yo konsidere kòman pou yo fè depo.

Deklarasyon Gratis IRS se yon opsyon enpòtan pou kontribyab ki elijib ki ap depoze sèlman, yon deklarasyon enpo pou rekonsilye pèman antisipe 2021 yo epi reklame rès pòsyon nan Kredi Enpo pou Timoun nan oubyen pou reklame Kredi Ranbousman Rekiperasyon  2021 an, swa paske yo pa t resevwa yon twazyèm manch Pèman Enpak Ekonomik oubyen yo pa t resevwa montan an konplè. Yo ka itilize Deklarasyon Gratis IRS la toupou reklame Kredi Enpo Revni Salaryal , ki founi yon kredi enpo ranbousab selon revni deklaran an ak gwosè fanmi an.

Deklarasyon Gratis IRS la disponib pou tout moun oubyen fanmi ki ap antre $73,000 oubyen mwens pou ane 2021 an. Ane sa, genyen uit pwodui Deklarasyon Gratis IRS an anglè ak youn an Panyòl.

Kontribyab yo kapab itilize yon zouti "rechèch" pou yo ka chwazi youn nan Founisè deklarasyon Gratis yo. Chak founisè mete sou pye pwòb estanda elijibilite li, jeneralman sou baz revni, laj ak eta rezidans lan ki bay kontribyab ki ap rantre $73,000 oubyen mwens yo pou piti yon pwodui pou itilize gratis.

Deklarasyon Gratis se jis yon fason IRS founi opsyon preparayon taks gratis pou kontibyab yo atravè yon modèl patenarya. IRS asosye l tou ak òganizasyon kominote yo pou antrene benevòl sètifye IRS yo pou prepare epi depoze pa vwa elektwonik deklarasyon revni bazik pou patikilye ki kalifye yo gratis.

Kontribyab kalifye yo ki jeneralman rantre $58,000 oubyen mwens yo, moun ki ap viv ak andikap yo ak kontribyab ki pa pale Anglè byen ditou ki bezwen èd pou prepare pwòp deklarasyon enpo yo ka jwenn èd taks gratis nan youn pami divès milye sit benevòl kominote atravè pwogram Asistans Taks Revni Benevòl la (VITA) (an anglè).

Epi Konsèy Taks pou Moun ki Aje yo (TCE) (an anglè) AARP ofri a, ofri asistans taks gratis pou tout kontribyab, espesyalman sila yo ki gen 60 lane epi ki pi gran ke sa, ki espesyalize nan kesyon ki gen rapò ak pansyon epi pwoblèm ki lye ak retrèt ki inik pou moun ki gran yo.

Manm ki nan lame yo ak veteran kalifye yo kapab itilize MilTax (an anglè), yon pwogram Depatman Defans ki jeneralman ofri preparasyon taks anliy ak lojisyèl pou fè depo elektwonik gratis pou deklarasyon federal yo ak jiska twa deklarasyon etatik.

Nouvo preferans medya altènatif pou ede kontribyab yo

Apati 31 janvye 2022, kontribyab yo kapab ranpli Fòmilè 9000, preferans Medya Altènatif (an anglè) PDF pou chwazi resevwa avi enpo IRS yo an Bray, laj enpresyon, fòma odyo oubyen elektwonik yo. Sa gen ladan l avi ki konsène taks adisyonèl oubyen penalite pou dèt yo. Kontribyab yo ka enkli fòmilè ki ranpli a ak deklarasyon taks yo a. Voye l pa lapòs antanke yon fòmilè otonòm pou IRS oubyen rele nan 800-829-1040 pou chwazi fòmilè prefere yo a.

Kòm rapèl, Fòmilè 1040 ak 1040-SR disponib nan lang Panyòl, ak Anèks LEP, Demann Chanjman nan Preferans Langaj (an anglè), pèmèt kontribyab yo fè demann enfòmasyon nan langaj diferan akote Anglè..

Fè depo pa vwa elektwonik epi chwazi depo dirèk

IRS ankouraje kontribyab yo pou fè depo pa vwa elektwonik epi itilize depo dirèk pou jwenn ranbousman yo a, konbine depo pa vwa elektwonik ak depo dirèk se fason ki pi asire epi pi rapid pou resevwa yon ranbousman. Kontribyab yo ka depoze pa vwa elektwonik atravè yon fiskalis, Deklarasyon Gratis IRS, oubyen lojisyèl preparasyon taks komèsyal. Lè w chwazi fè depo pa vwa elektwonik epi depo dirèk, majorite moun resevwa ranbousman yo a nan mwens ke 21 jou.

Moun ki pa gen yon kont labank kapab vizite Sit entènèt FDIC (an anglè) oubyen itilize Zouti Lokalizatè Kredi Inyon (an anglè) Administrasyon Inyon Kredi Nasyonal la pou jwenn yon enstitisyon ki pèmèt yo ouvri yon kont anliy epi pou konsèy sou kòman kont kòrèk la. Veteran yo ka vizite Pwogram Avantaj Bankè Veteran yo (an anglè) pou jwenn aksè nan sèvis finansye yo nan bank ki ap patisipe yo. Kontribyab yo kapab tou mande preparatè yo jwenn sèvis yo a si yo ofri lòt opsyon ranbousman elektwonik yo.

Menm si majorite ranbousman yo livre nan 21 jou, li ka pran plis tan si deklarasyon taks la gen erè ladan l, si l pa konplè oubyen si l egzije revizyon sekirite apwofondi. Deklarasyon taks yo fè sou papye yo ak chèk ranbousman sou papye yo ap pran plis tan ane sa.