Gid peryòd fiskal: IRS.gov se premye kote pou w ale lèw bezwen èd nan sa ki gen pou wè ak taks

IR-2022-35, 16 fevriye 2022

WACHINTONN — Sèvis Revni Entèn raple kontribyab yo, sit entènèt IRS.gov, ta dwe premye kote pou yo ale lè y ap chèche enfòmasyon ak èd ki gen pou wè ak taks federal yo.

Sit IRS.gov la disponib 24 sou 24 epi li gen yon varyete zouti anliy, aplikasyon ak resous ki disponib tou pou ede kontribyab yo prepare epi fè deklarasyon taks yo oswa ede yo swiv ranbousman yo. Zouti rechèch tankou Asistan Taks Entèraktiv (an anglè) ak repons Kesyon yo Poze Souvan (an anglè) bay repons apwofondi sou anpil sijè ki gen pou wè ak taks.

Preparasyon ak reyalizasyon deklarasyon taks gratis sou entènèt

Kontribyab yo ka itilize Deklarasyon Gratis IRS pou prepare epi reyalize deklarasyon taks yo elektwonikman. Yo kapab tou fè mizanplas pou resevwa ranbousman yo pa depo dirèk, sa ki se fason ki pi rapid pou yo kapab jwenn lajan yo.

Lojisyèl pou fè deklarasyon IRS gratis yo fè pati de yon patenarya pou 20 lane ant IRS ak founisè lojisyèl taks ki gen pi gwo renome yo, se poutèt sa yo mete pwodwi preparasyon taks sa yo disponib sou entènèt gratis. Deklarasyon gratis la disponib pou nenpòt moun oswa fanmi ki te touche $73,000 oswa mwens nan ane 2021 an. Sa a reprezante anviwon 70% nan kontribyab yo.

Deklarasyon gratis IRS la ap gratis tout bon lè kontribyab ki elijib yo ale sou paj IRS.gov/freefile la. Anplis de sa, Fòm pou Ranpli pou Deklarasyon Gratis yo (an anglè) , vèsyon elektwonik fòm taks IRS an papye yo, disponib pou tout kontribyab k ap touche nenpòt ki kantite lajan kòm revni. Yo pi itil moun ki alèz pou prepare ak reyalize deklarasyon taks pa yo sou entènèt.

MilTax (an anglè) disponib tou pou militè ak veteran ki kalifye yo. Jeneralman, pwogram depatman defans sa a ofri preparasyon taks sou entènèt gratis ak lojisyèl pou fè deklarasyon taks federal yo ak jiska twa deklarasyon taks eta. Itilizatè yo kapab tou fè mizanplans pou resevwa ranbousman yo pa depo dirèk.

Itilize Asistan Taks Entèraktif la (an anglè) pou ou kapab jwenn repons.

Asistan taks entèraktif la reponn kesyon lwa taks jeneral yo, tankou ede detèmine si yon kalite revni taksab oswa si yon moun elijib pou reklame sèten kredi ak dediksyon. Avèk chanjman nan revni ak lòt evènman lavi yo (an anglè) pou anpil moun an 2021, kredi ak dediksyon taks (an anglè) ka vle di plis lajan nan pòch yon kontribyab.

Jwenn yon kòd PIN pou Pwoteksyon idantite

Yon kòd PIN pou pwoteksyon idantite (IP PIN) se yon nimewo ki gen sis (6) chif ki anpeche kriminèl yo sèvi avèk nimewo sekirite sosyal yon lòt kontribyab pou fè fo deklarasyon taks. Se sèlman kontribyab la ak IRS k ap konnen IP PIN lan, epi l ap ede IRS verifye idantite kontribyab la lè l ap fè deklarasyon taks li elektwonikman oswa sou papye.

Lokalize kote pou fè preparasyon taks gratis

Pwogram Volontè pou Asistans Taks sou Revni (VITA) IRS la ofri preparasyon de baz pou deklarasyon taks, deklarasyon elektwonik, ak depo dirèk ranbousman bay kontribyab ki kalifye yo. Pwogram nan gratis pou:

  • Moun ki rantre $58,000 oswa mwens an jeneral
  • Moun ki gen andikap
  • Kontribyab yo ki pale angle antanke dezyèm lang

Pwogram Konsèy sou Taks pou Moun Aje yo (TCE) (an anglè) nan ofri èd taks gratis tou pou kontribyab yo, sitou sa ki gen 60 an oswa plis yo. Lokalizatè VITA/TCE a (an anglè) kapab ede kontribyab ki elijib yo jwenn lokal VITA/TCE ki pi pre nan kominote a ki gen volontè ki resevwa fòmasyon ak sètifika nan men IRS.

Jwenn yon pwofesyonèl taks lokal

IRS.gov ofri yon repètwa k ap ede kontribyab yo jwenn pwofesyonèl taks lokal ki kalifye yo (an anglè) nan zòn respektif yo. Lis la ka klase selon idantifyan ak kalifikasyon yo (an anglè). Konsèy IRS bay pou edew chwazi yon preparatè taks (an anglè) ak fason pou w evite preparatè deklarasyon taks "fantom" ki pa gen etik (an anglè). Ou sipoze li pwen sa yo anvan menm ou anboche yon pwofesyonèl taks. Sa enpòtan anpil!

Kont Anliy ka ede

Kontribyab yo ka aksede a kont endividyèl yo sou sntènèt an tout sekirite pou yo kapab wè enfòmasyon enpòtan yo kapab itilize pou yo ka byen reyalize yon deklarasyon taks. Sa gen nan li:

  • Montan avans kredi enpo pou timoun ak pèman enpak ekonomik: montan total avans pèman kredi enpo pou timoun ak pèman enpak ekonomik ki nesesè pou kapab byen reyalize yon deklarasyon taks ak done ki egzat disponib sou paj dosye taks la.
  • Revni brit ajiste: Kontribyab yo kapab jwenn AGI yo nan dènye deklarasyon taks yo. Sa ap ede yo sitou si yo ta itilize yon lòt lojisyèl taks oswa yon lòt preparatè taks ane sa a.
  • Estimasyon montan peman taks: W ap jwenn sou paj balans kont lan, total nenpòt estimasyon peman taks ki fèt pandan ane a oswa ranbousman ki fèt kòm yon kredi, epi w ap jwenn tou yon dosye pou chak peman nan Aktivite Peman.
  • Preferans kominikasyon: Moun yo ka fè mizajou preferans kominikasyon yo. Yo ka mande notifikasyon pèsonalize pa imel pou nouvo avi dijital yo epi ale san papye nan kad sèten avi IRS.
  • Transkripsyon taks yo: Kontribyab yo ka wè, enprime oswa telechaje yon transkripsyon taks yo lè IRS fin trete deklarasyon an, ki ka montre done sou deklarasyon an ak/oswa sou kont lan. Y ap ka jwenn chanjman yo oswa tranzaksyon ki fèt yo apre yo fin reyalize deklarasyon orijinal yo.

Peye taks

Kontribyab yo itilize kontanbank yo pou peye atravè Kont Anliy oswa avèk Peye IRS dirèkteman. Nan Kont sou entènèt la, kontribyab la ka wè jiska 5 ane nan istorik peman yo ak nenpòt peman ki annatant oswa ki pwograme. Kontribyab yo ka wè tout opsyon peman yo sou paj IRS.gov la ki enkli: Retrè elektwonik (an anglè) (pandan reyalizasyon deklarasyon elektwonik), kat kredi oswa kat debi, chèk oswa lòd pou transfere lajan, oswa lajan kach (an anglè) nan yon komès detay ki patisipe.

Mete yon plan pèman an plas

Kontribyab yo ka ranpli obligasyon fiskal yo pa vèsman mansyèl, lè yo mete yon plan peman sou pye atravè paj IRS.gov/paymentplan. Sa ap ka fèt nan de twa minit sèlman. Ka gen frè ki aplikab pou kèk kalite plan. Yon pwopozisyon konpwomi se yon fason pou yon kontribyab rezoud dèt taks li pou pi piti pase montan konplè a. Yon zouti pre-kalifikasyon disponib sou entènèt. Si IRS detèmine yon kontribyab pa kapab peye, li ka retade koleksyon taks yo tanporèman jiskaske kondisyon finansye kontribyab la amelyore.

Swiv ranbousman yo ak Kote Ranbousman Mwen an?

Kontribyab yo ka resevwa enfòmasyon ki pi ajou sou ranbousman taks yo lè yo sèvi avèk zouti kote ranbousman mwen an? sou paj IRS.gov la ak sou aplikasyon mobil ofisyèl IRS, IRS2Go.

Aplikasyon IRS2Go a ofri bon jan fonksyonalite mobil

Itilizatè yo ka tcheke estati yon ranbousman taks sou revni nan lespas 24 èdtan apre IRS aksepte deklarasyon elektwonik yo te reyalize a, oswa apeprè kat semèn apre yo te fin poste yon deklarasyon yo te reyalize sou papye.

Aplikasyon IRS2Go a tou bay aksè fasil nan opsyon peman ki ka fèt fasilman sou mobil tankou IRS Direct Pay, ki ofri yon fason gratis epi an sekirite pou peye dirèkteman apati de yon kontanbank. Li kapab lokalize èd taks gratis, konekte ak kont rezo sosyal (an anglè) IRS yo epi li ka jenere kòd sekirite koneksyon pou sèten sèvis IRS sou entènèt, sa ki pèmèt ou rekipere kòd ou atravè IRS2Go olye w itilize mesaj tèks.

Koneksyon pou Sansibilizasyon (an anglè) IRS

Paj koneksyon sansibilizasyon an bay enfòmasyon pou gwoup andedan ak deyò kominote fiskal la. Abònen koneksyon pou sansibilizasyon yo kapab kenbe kliyan yo, anplwaye yo, konsomatè yo, elektè yo, patnè yo, menm fanmi yo rete konekte ak enfòmasyon ak materyèl itil ki gen pou wè ak taks ak tout pwoblèm sou taks ki afekte yo.

Piblikasyon sa a fè pati de Gid peryòd fiskal (an anglè), ki se yon yon seri nouvèl ki fèt pou ede kontribyab yo jwenn enfòmasyon yo bezwen pou byen reyalize yon deklarasyon taks ak done ki egzat. Gen plis èd toujou ki disponib nan Piblikasyon 17, Taks Federal sou Revni Ou (Patikilye yo) (an anglè), sou paj IRS.gov.