Deklarasyon Dwa Kontribyab 7: Dwa pou Vi Prive

Deklarasyon Dwa kontribyab la (TBOR) se yon dokiman enpòtan ki mete aksan sou 10 dwa fondamanl kontribyab yo genyen lè yo ap trete ak Sèvis Revni Entèn (IRS). IRS la vle pou chak grenn kontribyab byen konnen dwa sa yo pou lè y ap gen bezwen travay ak li nan dosye pèsonèl ki gen pou wè ak taks. Piblikman, IRS la ap kontinye mete aksan sou dwa sa yo kontribyab yo genyen. IRS la ap fè rapèl pou anplwaye li yo tou regliyèman konsènan dwa sa yo. IRS la atann li anplwaye li yo ap konprann epi aplike dwa kontribyab yo atravè chak rankont ak kontribyab yo.

Piblikasyon 1 IRS, Dwa Ou antanke yon Kontribyab, genyen landan yon lis dwa kontribyab yo okonplè.

Sa gen ladan Dwa pou Vi Prive.

Kontribyab yo gen dwa pou atann ke tout ankèt IRS, ekzaminasyon, oubyen mezi pou mete an vigè dwe konfòm ak lalwa ak yo p ap plis deranje pase nesesè, epi yo ap respekte tout dwa ki lye ak yon pwosesis regilye, sa ki enkli pwoteksyon kont pèkizisyon ak sezi, epi y ap founi, lè sa nesesè, yon odyans pou pwosedi regilye lakòlèk.

Kisa ou ka atann:

  • Gen yon limit nan montan IRS la kapab fè prelèvman (sezi) sou salè ou pou li kolekte taks ou dwe yo. Gen yon pati nan salè ou ki pwoteje kont prelèvman. Montan ki pwoteje a se ekivalan dediksyon estanda a, plis nenpòt ki dediksyon pou egzanpsyon pèsonèl yo.
  • IRS la pa kapab sezi yon sèten objè pèsonèl, tankou liv eskolè ki nesesè, rad, kourye ki pa delivre ak yon sèten kantite mèb ak materyèl ki andedan kay la. IRS la pa kapab sezi tou lojman prensipal ou san li pa gen yon òdonans jidisyè ki otorize li fè sa. Li sipoze pwouve tou pa gen okenn lòt fason ki rezonab pou kapab kolekte dèt la.
  • Si ou soumèt yon òf pou regle dèt taks la, epi òf la gen pou wè sèlman ak kantite dèt ou dwe a, (sa yo rele tou Responsabilite Pwopozisyon Konpwomi), ou pa gen pou ou soumèt okenn dokimantasyon finansye.
  • IRS la pa ta dwe chèche enfòmasyon ki pa konsène li konsènan estil de vi ou pandan yon odit, si pa gen okenn rezon pou ta fè kwè ou gen revni ou pa rapòte.
  • Pandan odyans Pwosesis Lakòlèk la ap fèt Kòmsadwa (an anglè) Biwo Apèl la dwe verifye si jan IRS pwopoze pou fè lakòlèk la konfòm ak nesesite pou yon lakòlèk enpo efikas, pandan l ap veye si aksyon IRS yo p ap founi je gade kote ki pa konsène yo.
  • Gen plis enfòmasyon konsènan Politik Vi Prive IRS (an anglè) la anliy.

Pou ou kapab jwenn plis detay konsènan Deklarasyon Dwa Kontribyab yo ak enpòtans li gen pou ou, ale sou sitwèb Sèvis Defans Kontribyab (an anglè) la.

Nan lide pou ogmante kantite ameriken ki konnen epi konprann dwa yon daprè lalwa fiskal la. IRS la mete piblikasyon sa a disponib nan plizyè lang. IRS la gen plis enfòmasyon nan lòt lang tou. Gade meni "Lang yo" nan pati anba nenpòt ki paj IRS.gov.

IRS la pran angajman li tou pou li pwoteje dwa sivil kontribyab yo. IRS la p ap tolere diskriminasyon ki baze sou laj, koulè, andikap, ras, reprezay, orijin nasyonal, konpetans an anglè, relijyon, sèks, oryantasyon seksyèl oswa estati antanke paran. Sa gen ladan nenpòt kontak avèk anplwaye IRS yo ak estaf la oswa volontè yon nan sit kominotè yo.

Si yon kontribyab fè fas ak diskriminasyon, li kapab voye yon plent (an anglè)PDF bay Depatman Dwa Sivil IRS la.

Resous Adisyonèl IRS