Sijè ki nan nouvèl yo

La a w ap jwenn atik ki enterese tout moun nan moman an – nouvo pwogram, oryantasyon resan oswa rapèl nan bon moman yo.

Mizajou fiskal ak nouvèl ki soti nan IRS la

Paj Mizajou fiskal ak nouvèl ki soti nan IRS la fèt pou ede tout moun, kit y ap prepare deklarasyon enpo yo kounye a, oswa y ap tann tretman yon deklarasyon oswa yon ranbousman ak dènye mizajou sou lèt IRS yo, oswa avi yo. Yo pral mete mizajou resan yo nan tèt paj sa a; IRS la pral bay enfòmasyon enpòtan tou atravè rezo sosyal yo.

Semèn Nasyonal pou Ti Biznis 2024

Nan selebrasyon Semèn Nasyonal pou Ti Biznis (an anglè), 28 avril rive 4 me 2024, IRS ap prezante zouti ak resous itil ki gen rapò ak taks pou ede pwopriyetè ti biznis yo, anplwayè yo ak moun k ap travay endepandan yo reyisi.

Tcheke estati ranbousman ou an

Kontribyab yo ka swiv ranbousman yo fasilman ak zouti Kote ranbousman mwen an? IRS la nan IRS.gov/refunds ak ak aplikasyon IRS2Go a.

Estati ranbousman an ap disponib nan lespas 24 èdtan apre IRS la fè kontribyab la konnen ke yo te resevwa deklarasyon elektwonik lan. Zouti a bay kontribyab la yon dat ranbousman pèsonalize tou apre IRS la trete deklarasyon an epi apwouve ranbousman an.

Peryòd Aplikasyon pou sibvansyon Klinik kontribyab ti revni yo ouvè

Peryòd aplikasyon pou sibvansyon Klinik pou kontribyab ti revni (an anglè), ki soti nan tout òganizasyon ki kalifye yo kòmanse soti 22 avril 2024 pou rive 12 jen 2024. Finansman an ak peryòd pèfòmans pou sibvansyon an pral 1 janvye 2025 rive 31 desanm 2025.

Nouvo Lwa sou Rediksyon Enflasyon

Règleman final (an anglè) pou transfè kredi ki elijib nan yon ane enpozab, sa gen ladan l règ espesifik pou patenarya ak kòporasyon S yo disponib kounye a. Règleman final yo dekri tou règ espesyal ki gen rapò ak transfè kredi ki twòp ak prosesis rekipere a, sa gen ladan l règ pou detèmine si yon evènman te rive, enpak enpo sa lakòz ak moun ki responsab enpak enpo sa a.