Estati ranbousman ou ap parèt apeprè:

  • 24 èdtan apre ou ranpli yon deklarasyon elektwonik pou ane aktyèl la
  • 3 oswa 4 jou apre ou fin ranpli yon deklarasyon pou ane anvan an
  • 4 semèn apre ou ranpli yon deklarasyon sou papye

 

Verifye Ranbousman ou

Yo mete enfòmasyon yo ajou yon fwa pa jou, pandan lannwit.

Sa Ou Bezwen

  • Nimewo Sekirite Sosyal ou oswa Nimewo Idantite kontribiyab ou
  • Estati depo ou
  • Montan egzat ranbousman sou deklarasyon ou an

Verifye Rabousman ou (an anglè)

Jwenn enfòmasyon enpo pa w nan kont anliy ou oswa jwenn yon kopi (relve) dosye enpo w yo.
Pou w tcheke yon deklarasyon modifye, vizite Kote Deklarasyon Mondifye Mwen An?


Ou ap sèvi ak yon Aparèy Mobil?

Verifye ranbousman ou sou aplikasyon IRS2Go a.

Ki jan li fonksyone

Kote Ranbousman Mwen An? montre sitiyasyon ranbousman ou:

  • Deklarasyon Resevwa – nou te resevwa deklarasyon w lan epi n ap trete li.
  • Ranbousman Apwouve – Nou apwouve ranbousman w lan epi n ap prepare pou bay li nan dat yo montre a.
  • Ranbousman Voye – Nou voye ranbousman an bay bank ou oswa ba ou pa lapòs. Li ka pran 5 jou pou li parèt nan kont labank ou oswa plizyè semèn pou chèk ou a rive pa lapòs.

 

Anvan ou depoze yon dezyèm deklarasyon enpo

Depoze menm deklarasyon an ankò nòmalman pap fè ranbousman ou an vin pi vit, epi sa ta ka menm lakoz reta.

Sepandan, ou ta dwe re-voye deklarasyon enpo w la, pa mwayen elektwonik si posib, si tout kondisyon sa yo aplike:

  • Yo dwe ou yon ranbousman,
  • Ou te deklare sou papye sa gen plis pase 6 mwa deja, epi
  • Kote Ranbousman Mwen pa montre ke nou te resevwa deklarasyon ou. 

Kilè pou w rele nou

Rele nou pou estati ranbousman ou an sèlman si Kote Ranbousman Mwen An mande w pou w kontakte nou.

Nimewo telefòn IRS ak opsyon èd pou enpo yo

Si ranbousman ou anreta

Ranbousman w lan ka gen reta si deklarasyon w lan bezwen koreksyon oswa plis revizyon. Si nou bezwen plis enfòmasyon pou trete deklarasyon w lan, n’ap kontakte w pa lapòs.

Poukisa ranbousman w lan ka pètèt ap pran plis tan (an anglè)


Asosye

Enfòmasyon konsènan Kote Ranbousman Mwen An (an anglè)
Kesyon yo poze souvan sou sezon ranbousman enpo
Depo dirèk
Peryòd kote ou ka mande yon kredi oswa yon ranbousman