Yon lis verifikasyon taks pou koup ki fèk marye

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-118, 14 Septanm 2020

Maryaj chanje anpil bagay, epi taks fè pati nan lis sa a tou. Nouvo marye yo konnen kòman lè moun di "Wi" ka afekte sitiyasyon taks yo.

Men yon lis bagay pou moun ki fèk marye yo dwe revize:

Chanjman nan non ak adrès

  • Non. Lè maryaj lakòz yon non chanje, li enpòtan pou deklare chanjman sa a nan Administrasyon Sekirite Sosyal (SSA). Non ki nan deklarasyon taks yon moun dwe kòresponn ak non ki nan dosye Administrasyon Sekirite Sosyal. Si sa pa fèt konsa, sa ka retade yon ranbousman kèlkonk nan taks. Pou w kapab mete enfòmasyon sa a ajou, kontribyab taks yo dwe soumèt Fòmilè SS-5, ki se Aplikasyon pou yon Kat Sekirite Sosyal. Li disponib sou SSA.gov (an anglè), lè w rele 800-772-1213 oswa lè w ale nan yon biwo lokal SSA.
  • Adrès. Si maryaj la lakòs adrès chanje, IRS ansanm ak Sèvis Lapòs dwe konn sa. Pou w fè sa, moun dwe voye bay IRS Fòmilè 8822, Chanjman Adrès (an anglè). Kontribyab taks yo dwe notifye sèvis postal pou voye kourye al jwenn yo. Se pou yo ale sou entènèt la nan USPS.com (an anglè) oswa ale nan lokal biwo lapòs yo a.

Prelèvman

Kondisyon w kòm deklaran

  • Moun marye yo ka chwazi fè deklarasyon taks federal yo chak ane swa ansanm osinon separe. Malgre lè moun ranpli ansanm sa bay, an prensip, plis avantaj, li toujou pi bon pou nou peze taks nou tou le de bò pou n ka rive konnen ki lès nan yo de a k ap mache pi byen pou nou. Pa bliye, yon koup ki marye 31 Desanm, lalwa di you marye pou tout ane fiskal la depi se pou deklarasyon taks.

Eskwokri

  • Tout kontribyab taks yo dwe konnen gen eskwokri nan taks pou yo evite yo. IRS p ap janm kòmanse kontakte w ni nan imel, ni nan telefòn, media sosyal oswa mesaj tèks. Se pa lapòs premye kontak la an prensip kòmanse. Moun k ap poze tèt yo kesyon mande si yo dwe IRS lajan ka konnen si yo ale sou IRS.gov epi yo gade kont taks yo a pou yo ka jwenn enfòmasyon.

Plis Enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)