Moun ta dwe fè yo prelve taks nan kòb chomaj yo a koulye a la a, si yo vle evite fè sezisman lè sezon taks rive

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy sou Taks nan KOVID 2020-117, 10 Septanm 2020

Akòz pandemi Kowonaviris la, anpil milyon Ameriken jwenn oswa sou wout jwenn konpansasyon chomaj (an anglè), pou anpil nan yo, se pou premye fwa. Li enpòtan anpil pou moun sila yo konnen kòb konpansasyon chomaj yo jwenn nan taksab.

Moun ka fè yo tou prelve taks sou kòb konpansasyon yo a koulye a la a. Sa ap ede yo pou yo pa dwe kòb taks sou konpansasyon an lè yo gen pou deklare taks sou revni yo nan ane k ap vini an.

Daprè lalwa, benefis sa yo taksab; kidonk moun dwe deklare yo nan taks federal sou revni pou ane yo te resevwa l la. Avantaj sosyal ki taksab gen ladann nenpòt kalite konpansasyon chomaj ki otorize daprè lwa pou Ede ak Viris Kowona, pou pote sekou, epi pou bay Sekirite Ekonomik.

Prelèvman se yon desizyon volontè

Lwa Federal pèmèt benefisyè yo pou yo chwazi fè yon prelèvman 10% nèt ale nan benefis sa yo pou ale kouvri yon pati oubyen tout responsabilite taks yo. Pou yo fè sa, benefisyè yo dwe ranpli Fòmilè W-4V, Mande Fè Prelèvman Volontè (an anglè), epi remèt li bay ajans k ap peye yo kòb la. Pa voye fòmilè a bay IRS. Si ajans k ap peye a genyen pwòp fòmilè rekèt prelèvman pa l, itilize pa l la pito.

Benefisyè ki pa chwazi fè prelèvman volontè, oswa si prelèvman an pa ase, yo ka fè pèman estimasyon taks pito chak twa mwa. Pèman pou de premye trimès 2020 an dwe fèt 15 Jiyè. Twazyè trimès la dwe fèt 15 Septanm 2020 epi katriyèm trimès la 15 Janvye 2021. Kontribyab taks yo ka ale sou IRS.gov pou yo ka wè tout opsyon pèman yo.

Men kèk lòt kalite pèman kontribyab taks yo dwe verifye pou prelèvman

  • Benefis yon eta peye oubyen se Distrik Kolombya ki peye l nan Fon Trezò Federal pou Chomaj
  • Benefis konpansasyon chomaj pou moun ki nan Sèvis Fewovyè
  • Benefis pou andikape ki peye kòm pou ranplase konpansasyon chomaj
  • Kòb ki alwe pou reajiste kòmès daprè Lwa sou Kòmès (Trade Act) 1974 la
  • Asistans nan Chomaj daprè Lwa 1974 la sou Asistans nan Ijans ak Èd nan Katastwòf
  • Asistans nan chomaj daprè Lwa pwogram 1978 la sou Derègleman Ayeryen

Benefisyè ki retounen travay anvan ane a fini ka itilize Estimatè Prelèvman Taks IRS la pou fè sèten yo pran kantite kòb taks ki egzat sou kòb yo touche yo. Zoouti entènèt sa a disponib sèlman sou IRS.gov, epi l ka ede ouvriye yo oubyen yon moun ki resevwa kòb pansyon evite oswa diminye kantite lajan taks k ap sou bòdwo pou yo peye oubyen yo ka sipoze ki kantite kòb ranbousman yo a ka ye.

Deklare konpansasyon chomaj

Nan mwa Janvye 2021, Moun ki resevwa kòb pou chomaj yo ta dwe resevwa yon Fòmilè 1099-G, Deseri Pèman Gouvènman Bay (an anglè)  nan ajans ki te peye yo benefis la. Fömilè sa a ap gen sou li kantite kòb konpansasyon chomaj moun nan resevwa nan ane 2020 an epi ki kantite taks federal sou revni ki te prelve. Kontribyab taks yo dwe rapòte enfòmasyon sa a, ansanm ak lòt revni yo fè, nan deklarasyon taks federal ane 2020 yo a.

Plis enfòmasyon:

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)