Konsèy pou kontribyab taks ki bezwen deklare yon lòt W-4

Avi: Kontni Istorik


Sa a se yon dokiman achiv oswa istorik e li ka pa reprezante lwa, règleman oswa pwosedi aktyèl yo.

Konsèy IRS sou Taks 2020-109, 26 Dawou 2020

Tout kontribyab taks yo ta dwe revize prelèvman yo chak ane. Yo ka itilize Estimatè Prelèvman Taks IRS la pou yo ka verifye epi asire yo sa ki prelve pou taks la pa ni twò piti ni twò gwo. Zouti sa a ofri ouvriye yo, retrete yo and travayè endepandan yo yon metòd detaye pou ede yo rive konnen èske wi ou non yo bezwen ajiste prelèvman yo a.

Sila yo ki bezwen ajiste prelèvman yo a dwe soumèt yon lòt Fòmilè W-4, ki se Setifika Prelèvman Anplwaye yo voye bay anplwayè yo a.

Pami moun ki dwe verifye prelèvman yo a, nou ka konte:

  • Sila yo ki nan fanmi ki gen de sous revni
  • Sila yo k ap travay nan de oubyen plis djòb oswa ki sèlman travay yon ti bout tan pandan ane a
  • Sila yo ki gen timoun epi ki reklame kredi tankou kredi taks pou timoun
  • Sila yo ki gen depandan ki pi gran yo, tankou timoun laj 17 an oubyen plis
  • Sila yo ki detaye dediksyon l yo nan deklarasyon taks 2019 yo a
  • Sila yo ki gen gwo revni epi ki gen deklarasyon taks ki pi konplèks
  • Sila yo ki gen gwo ranbousman lajan taks oswa ki gen gwo kòb taks pou yo peye pou ane 2019 la
  • Sila yo ki te resevwa pèman chomaj pandan yon tan kèlkonk nan ane a

Estimatè Prelèvman Taks IRS la ka ede kontribyab taks yo pou yo verifye prelèvman yo a.

  • Zouti sa a ap ede detèmine si yo dwe ranpli yon lòt Fòmilè W-4.
  • L ap ede itilizatè yo to pou yo detèmine ki enfòmasyon yo dwe mete nan nouvo Fòmilè W-4 la.
  • L a sove yo tan paske yo p ap bezwen ranpli fèy travay pou fòmilè yo. Se estimatè a ki fè kalkil ki nan fèy travay yo.

Kontribyab taks yo ki ranpli nouvo Fòmilè W-4 la dwe soumèt li bay anplwayè yo a pi vit yo kapab. Kesyon prelèvman ki ap fèt tout tan nan ane a, li pi bon pou w fè pa sa a pi bonè pase pi ta.

Moun ta dwe an prensip ogmante prelèvman yo si yo gen plis pase yon travay alafwa oswa si yo gen revni ki soti nan sous kote prelèvman pa ka fèt sou yo. Si ajisteman pa fèt nan sitiyasyon sa yo, li pwobab yo ka dwe plis kòb taks epi yo ka peye yon amann lè y ap fè deklarasyon taks yo a.

Yon lòt bò, moun ta dwe an prensip desann prelèvman yo si yo gen dwa pou resevwa kredi taks sou revni oswa dediksyon ki pa menm ak dediksyon nòmal yo.

Pran dènye fich pèman w te touche yo, enfòmasyon sou lòt sous revni w genyen yo, epi pran tou deklarasyon taks sou revni w ki pi frèch la; lèfini itilize Estimatè Prelèvman an pou w ka konnen ki kantite kòb prelèvman ki kòrèk pou fèt.

Yo ka bezwen ajiste tou prelèvman pou eta yo a oubyen pou vil yo a. Yo ka kontakte depatman revni ki nan eta yo ye a (an anglè) pou yo aprann plis sou sa.

Abòne ak Konsèy Taks IRS (an anglè)