Prepare pou yon katastwòf (Kontribyab e Biznis)

Planifye sa pou w fè si yon katastwòf ta rive se yon eleman enpòtan nan preparasyon. Sèvis Revni Entèn ap ankouraje kontribyab yo pou sere dosye yo an sekirite. Kèk dispozisyon senp ki ka ede kontribyab ak biznis yo pwoteje dosye finansye ak dosye taks yo nan ka yon katastwòf ta rive.

Men yon lis konsèy moun ak biznis ka itilize pou prepare avan yon katastwòf ta rive.

Pwofite Sèvi ak Sistèm Prezèvasyon Dosye pou Dosye Finansye ak Dosye Taks san Itilize Papye

Anpil moun resevwa atestasyon labank yo ak lòt dokiman atravè imèl. Metòd sa a se yon metòd ekstrawòdinè pou moun sekirize dosye finansye yo. Ou kapab eskanerize dosye taks enpòtan tankou W-2, deklarasyon taks ak lòt dokiman sou papye pou mete yo sou fòm elektwonik.

Fè sèten ou gen kopi fichye elektwonik yo e prezève yo yon kote ki gen bon sekirite. Fè plizyè kopi dosye yo e sere yo nan kote diferan se yon bon pratik nan operasyon biznis. Gen Lòt opsyon tankou fè kopi fichye yo nan yon CD oubyen DVD. Epi tou, gen anpil biznis detayan ki vann lojisyèl pou òdinatè ou ka itilize pou prezève enfòmasyon.

Lè w ap chwazi yon kote pou prezève dosye w ki enpòtan yo, premye bagay pou met nan tèt pa ta dwe distans ak lakay ou. Rapele w, yon katastwòf ki frape kay ou gen chans pou afekte lòt espas nan menm zòn lan, sa ka vinn rann li difisil e petèt menm enposib pou w rekipere dosye.

Dokiman Gwo Valè e Ekipman Biznis

IRS gen livrè sou pèt aprè katastwòf pou kontribyab yo ( Piblikasyon 584, Domaj, Katastwòf, ak Livrè sou Pèt Vòlè Koze (an anglè)) ak biznis ( Piblikasyon 584-B, Domaj nan Biznis, Katastwòf, e Livrè sou Pèt Vòlè Koze (an anglè)) ki ka ede w rasanble yon lis bagay ou genyen oubyen ekipman biznis selon chak chanm. Sa ap ede w sonje epi pwouve ki valè lajan bagay ou pèdi yo vo lè w ap fè reklamasyon nan asirans.

Youn nan opsyon yo se fè foto oubyen videyo bagay ou gen anndan kay ou oswa nan biznis ou, sitou bagay ki gen anpil valè yo. Ou ta dwe sere foto oubyen videyo sa yo lakay yon zanmi oswa yon manm fanmi ou ki abite byen lwen zòn ki konn gen katastwòf la.

Verifye si Gen Asirans pou Pwoteje Kontra

Anplwayè ki itilize sèvis ajans pou peye anplwaye yo ta dwe mande ajans la si l gen asirans pou pwoteje kontra. Asirans sa a ta ka pwoteje anplwayè a nan ka kote ajans ki peye anplwaye yo ta fè fayit.

Planifikasyon pou Biznis Kontinye Fonksyone

Valè tan biznis ou ka pran pou l rekanpe sou pye l aprè yon katastwòf souvan sa konn depann de plan dijans ou prepare jodi a menm. Kòmanse planifye kounye a pou w ka amelyore chans antrepriz ou a genyen pou l pa kraze men rekanpe. Revize plan dijans ou chak ane. Menm jan biznis ou a ap chanje lè tan ap pase, se menm jan tou nivo preparasyon ou bezwen ap chanje tou. Lè w anboche nouvo anplwaye oubyen lè gen chanjman nan fason antrepriz ou fonksyone, ou ta dwe chanje plan w yo e enfòme tout anplwaye w.

Gen benefis toutbon lè w byen prepare w kont katastwòf. Estrateji nou pral site la yo, anpil moun konnen yo nan zafè preparasyon kont tout kalite katastwòf. Ou planifye sèlman yon fwa, epi ou ka aplike plan sa a nan tout kalite sitiyasyon ki rive sanzatann.

  • Chèche enfòme w konsènan katastwòf ak ijans, epi aprann sa pou w fè nan deseri sityasyon danje.
  • Devlope yon plan dijans.
  • Chèche konnen ki kote w ka jwenn pou abrite w kont tout kalite katastwòf.
  • Transfere systèm done ki nan òdinatè ou regilyèman.
  • Deside ki jan w pral kominike ak anplwaye w yo, klyan w epi lòt moun.
  • Itilize telefòn pòtab, wòki-tòki oubyen lòt aparèy ki fonksyone san elektrisite kòm mwayen derechanj pou sistèm telekominikasyon w.
  • Kolekte e rasanble nan yon bwat pwodwi k ap nesesè nan tan katastwòf. Pa blye mete yon jeneratris pòtab tou.
  • Idantifye sistèm avètisman ak wout evakyasyon nan kominote a.
  • Sonje mete enfòmasyon obligatwa ki nan plan otorite nan kominote a ak lekòl yo.
  • Pratike e prezève plan w.

Aktyalize Plan Dijans yo

Ou ta dwe revize plan dijans ou chak ane. Sityasyon pèsonèl ak sitiyasyon biznis chanje lè tan ap pase, kidonk fason w bezwen prepare w kont katastwòf ap chanje tou. Kontribyab endividyèl ta dwe fè sèten yo konsève tout dokiman tout moun ta dwe konsève tankou W-2 yo, dokiman sou acha kay la ak dosye asirans. Lè w anboche nouvo anplwaye oubyen lè gen chanjman nan fason antrepriz oswa òganizasyon w fonksyone, ou ta dwe aktyalize plan w yo e enfòme tout anplwaye w konsènan chanjman yo.

Fè sèten w gen mwayen pou w resevwa enfòmasyon konsènan jan move tan an ap evolye; si w gen yon aparèy Radyo NOAA pou Meteyo, mete nouvo batri ladan. Fè sèten w konnen sa w ta dwe fè si gen menas move tan.

Konte sou IRS

Imedyatman aprè dega yo, ou ka fè kòmand yon kopi deklarasyon taks ou ak tout pyès ajoute ou te soumèt ki ladan l (tankou Fòm W-2), pou fè sa ou mèt itilize Fòm 4506, Demand pou Kopi Deklarasyon Taks ou (an anglè)PDF.

Si ou bezwen sèlman enfòmasyon ki nan deklarasyon taks ou, ou ka fè kòmand yon relve taks gratis si w rele nan (800) 829-1040 oubyen itilize Fòm 4506-T, Demand pou Releve Taks (an anglè)PDF. Demand pou releve taks egalman disponib pa entènèt oubyen opsyon pa lapòs nan paj Resevwa Relve Taks Ou ka jwenn relve taks pou ane fiskal aktyèl la ak pou deklarasyon taks yo trete pandan twa zan ki sot pase yo. IRS.gov se yon resous endispansab lè w ap prepare w kont katastwòf e rekanpe aprè katastwòf.