Konsènan Barèm B (Fòm 1040), Enterè ak Dividand Òdinè

Itiilize Barèm B (Fòm 1040) si youn nan kondisyon sa yo reyini:

  • Ou te rantre yon kantite kòb ki plis pase $1,500 enterè taksab oubyen lòt dividand òdinè.
  • Ou te resevwa enterè sou yon ipotèk se vandè a ki te finanse l epi achtè a menm te itilize pwopriyete a kòm rezidans pèsonèl li.
  • Ou te akimile enterè sou yon kòb ou te prete yon sosyete pou enterè.
  • Ou deklare yon dekòt (OID) sou yon envestisman ki yon kantite ki pi ba pase sa ki parèt nan Fòm 1099-OID.
  • Ou soustrè kantite kòb ki pou amòti yon dèt nan kantite kòb enterè ou te fè sou prè a.
  • Ou mande pou yo ekskli enterè nan seri EE oubyen nan I obligasyon epay peyi Etazini te fè sòti aprè ane 1989.
  • Se non w ki te itilize pou resevwa yon lajan enterè oubyen yon dividand òdinè.
  • Ou te gen enterè lajan, oubyen siyati w te bay nan yon kont ki nan yon lòt peyi, oubyen w te resevwa ou fè kado yon donasyon, oubyen ou te sila a ki te transfere lajan nan fidisi yon lòt peyi. Pati III barèm nan genyen kesyon ki pale sou kont ak fidisi etranje.

Revizyon Aktyèl

Sitiyasyon ki Evolye Dènyèman

Pa gen okenn nan moman sa a.

Lòt Eleman Ou Ka Twouve Itil