Alèjman fiskal pou Siklòn Ida te pwolonje pou 15 fevriye pou yon pati oswa tout sis (6) Eta kalifye yo

Aktyalize: 30 desanm 2021

IR-2021-254, 22 desanm 2021

WASHINGTON — Sèvis Revni Entèn nan te anonse jodia, Viktim Siklòn Ida yo nan sis (6) Eta yo genyen kounyea jiska 15 fevriye 2022 pou yo depoze plizyè deklarasyon taks pou patikililye ak pou biznis epi pou yo fè peman taks yo. Yo te genyen jiska 3 janvye pou yo te fè sa.

Alèjman aktyalize a kouvri tout Eta Louisiana ak Mississipi, ansanm avèk kèk kote nan New York, New Jersey, Connecticut ak Pennsylvania. Lis aktyèl lokalite ki elijib yo toujou disponib nan seksyon Atravè Tout Peyi a (an anglè) sou paj alèjman pou katastwòf la ki sou IRS.gov.

Alèjman aktyalize a ranvwaye plizyè dat limit pou peman ak depo taks ki te rive nan yon seri dat ki varye pou chak Eta:

  • 26 dawout 2021 pou Louisiana,
  • 28 dawout 2021 pou Mississippi,
  • 31 dawout 2021 pou Pennsylvania epi
  • 1ye septanm 2021 pou New York, New Jersey ak Connecticut.

Pakonsekan, patikilye ak biznis ki afekte yo ap genyen jiska 15 fevriye 2022 pou yo depoze deklarasyon yo ak peye tout taks yo te gen pou peye anvan pandan peryòd sa a. Sa vle di patikilye ki te gen yon pwolongasyon valid pou yo depoze deklarasyon 2020 yo ki t ap fini 15 oktòb 2021, ap genyen kounyea jiska 15 fevriye 2022 pou yo depoze. Sepandan, IRS la te remake akoz peman taks ki an rapò ak deklarasyon 2020 sa yo te dwe fèt nan dat 17 me 2021, peman sa yo pa elijib pou alèjman sa a.

Dat limit pwolonje 15 fevriye a aplike tou pou peman taks sou revni estime chak trimès yo ki te dwe fèt 15 septanm 2021 ak 18 janvye 2022.

Dat limit 15 fevriye a aplike tou sou pewòl chak trimès yo ak deklarasyon taks dasiz yo ki dwe fèt nòmalman 1ye novanm 2021, ak 3 janvye 2022. Biznis ki genyen yon premye dat limit oswa yon dat limit pwolonje genyen tan adisyonèl la tou ansanm avèk, pami lòt, patenarya sou ane sivil ak sosyete S ki genyen pwolongasyon 2020 yo a ki t ap fini 15 oktòb 2021. Li aplike tou pou òganizasyon ki egzante de taks sou ane sivil yo, ki genyen pwolongasyon 2020 yo ki t ap fini 15 novanm 2021.

Paj Asistans nan ka Katastwòf ak Sekou Ijans pou Patikilye yo ak Antrepriz yo (an anglè) gen detay sou lòt deklarasyon yo, peman yo ak aksyon ki pou wè ak taks k ap kalifye pou tan adisyonèl la.

IRS la ap bay alèjman sou penalite ak deklarasyon otomatikman pou tout kobtribyab ki genyen adrès yo nan IRS la nan zòn ki afekte a. Kòm konsekans, kontribyab yo pa bezwen kontakte ajans lan pou yo jwenn alèjman sa. Men, si yon kontribyab ki afekte resevwa yon avi penalite pou deklarasyon oswa peman anreta, nan men IRS la, ki genyen yon premye dat limit oswa yon dat limit pwolonje pou peman oswa depo, k ap tonbe nan peryòd ranvwa a, kontribyab la ta dwe rele nimewo ki sou avi a pou fè diminye penalite a.

Anplis, IRS la ap travay avèk tout kontribyab k ap viv deyò zòn dezas la men ki genyen dosye yo ki nan nesesite pou respekte yon dat limit k ap rive pandan peryòd ranvwa a, twouve yo nan zòn ki afekte a. Kontribyab ki kalifye k ap viv deyò zòn dezas la bezwen kontakte IRS la nan 866-562-5227. Sa gen ladan tou, ouvriye k ap asiste aktivite alèjman yo ki afilye ak yon òganizasyon imèn oswa yon òganizasyon gouvènman an rekonèt.

Patikilye ak Biznis ki nan yon zòn dezas gouvènman federal deklare, ki sibi pèt ki an rapò ak dezas la ki pa asire oswa ki pa ranbouse, kapab chwazi reklame yo, swa nan deklarasyon pou ane kote pèt la fèt la (nan ka sa, se deklarasyon 2021 an nòmalman ki depoze nan ane annapre a), oswa deklarasyon pou ane anvan an (2020). Gade Piblikasyon 547 (an anglè) pou detay.

Alèjman fiskal la se repons federal kowòdone pou domaj Siklòn Ida fè yo epi li baze sou evalyasyon dega Ajans Federal Jesyon Ijans (FEMA) fè. Pou enfòmasyon sou rekiperasyon apre dezas la, ale sou DisasterAssistance.gov (an anglè).