Peryòd Kote ou ka Mande yon Kredi oswa yo Ranbousman

Dènye dat, dapre lalwa, ou ka reklame yon kredi oswa yon ranbousman sou enpo federal pou yon ane fiskal espesifik se jeneralman dat ki pi ta a nan 2 dat sa yo:

  • 3 zan apati dat ou te soumèt deklarasyon enpo sou revni federal ou a, oswa
  • 2 zan apati dat ou te peye enpo a.

Yo rele peryòd tan sa a Dat Ekspirasyon Lwa Ranbousman (RSED).

Si ou te soumèt deklarasyon ou anvan dat limit li an, IRS la ap konsidere ou te soumèt li nan dat limit lan. Si ou te gen prelèvman enpo sou revni oswa peye enpo estime pandan ane a, nou konsidere pèman sa yo te fèt nan dat delè pou deklarasyon an.

Ki Kantite Kredi oswa Ranbousman Ou Kapab Resevwa

Montan kredi oswa ranbousman ou kapab resevwa depann de lè ou soumèt reklamasyon w lan.

Ou Depoze yon Reklamasyon Nan 3 Lane Apati Lè Ou Depoze Deklarasyon Ou

Kredi ou oswa ranbousman ou limite a montan ou te peye pandan 3 lane anvan ou te depoze reklamasyon an, plis nenpòt pwolonjman tan ou te genyen pou w depoze deklarasyon w lan.

Ou Soumèt yon Reklamasyon Apre 2 Zan apati Lè Ou Te Peye Enpo a

Kredi ou a oswa ranbousman ou an limite a montan ou te peye nan 2 zan anvan ou te depoze reklamasyon w lan.

Ou pa t Soumèt yon Reklamasyon pandan Dat Ekspirasyon 3 lane oswa 2 lane yo

Ou pa ka resevwa yon kredi oswa yon ranbousman si ou pa fè reklamasyon an nan 3 lane apre ou fin soumèt deklarasyon orijinal ou a, oswa 2 zan apre ou fin peye enpo a, selon dat ki pi ta, sof si ou fè fas ak yon eksepsyon ki ba ou plis tan pou w soumèt yon reklamasyon.

Eksepsyon sou Dat Ekspirasyon 3 Lane a/ 2 Lane a  

Ou ka gen plis tan pou w soumèt yon reklamasyon pou kredi oswa ranbousman pase règ 3-lane/2-lane yo si ou:

  • Dakò ak IRS la alekri pou pwolonje tan limit pou evalyasyon enpo: Yo presize tan limit lan nan akò ou a, 6 mwa anplis, pou reklame yon kredi oswa yon ranbousman. Kapab genyen limit adisyonèl sou montan kredi oswa ranbousman ou ka reklame dapre tout limitasyon sou kapasite pou IRS la evalye enpo, jan yo montre sa nan akò alekri ou siyen an.
  • Afekte pa yon katastwòf Laprezidans deklare:  Ou ka gen jiska 1 lane anplis pou reklame yon kredi oswa yon ranbousman.
  • Sèvi nan yon zòn konba yo chwazi oswa operasyon yo pat prevwa: Ou ka gen plis tan pou w soumèt yon reklamasyon pou yon kredi oswa yon ranbousman, men ou dwe ranpli sèten kondisyon pou w kalifye. Gade Piblikasyon 3, Gid Fiskal Fòs Lame yo (an anglè) ak zòn konba yo (an anglè).
  • Depoze akòz yon move dediksyon dèt oswa yon pèt garanti san valè:  Ou gen 7 ane apati dat limit deklarasyon pou ane sa a, pou w soumèt reklamasyon an. Gade Sijè Fiskal 453 Dediksyon Move Dèt (an anglè)

Kijan pou Soumèt yon Reklamasyon pou yon Kredi oswa yon Ranbousman

Reklame yon kredi oswa yon ranbousman pou enpo sou revni w nan:

Si w ap soumèt yon deklarasyon amande, voye l nan Sant Sèvis IRS la kote ou te soumèt deklarasyon orijinal ou a. Ou ka soumèt Fòm 1040-X elektwonikman ak lojisyèl pou soumèt deklarasyon enpo pou Fòm 1040 amande oswa 1040-SR amande pou ane fiskal 2019 oswa apre. Gade si founisè lojisyèl enpo ou pi pito a se yon founisè Deklarasyon Gratis IRS (an anglè).

Reklame yon kredi oswa yon ranbousman pou lòt enpo (pa enpo sou revni) ak penalite sou Fòm 843, Reklame yon Ranbousman epi fè Demann pou yon Rediksyon (an anglè).

Lwa yo ak Règleman yo

Resous yo