Kredi enpo ranbousab

Yon kredi enpo ranbousab se yon kredi ou ka jwenn kòm ranbousman menm si ou pa dwe okenn enpo.

Kredi enpo yo se kantite lajan ki diminye enpo final ou dwe lè ou ranpli deklarasyon enpo w la. Pifò kredi enpo ka diminye enpo ou jiskaske li rive a $0. Kredi ranbousab ale pi lwen pase sa pou l ba ou nenpòt kredi ki rete a kòm ranbousman.

Se poutèt sa li pi bon pou ranpli enpo menm lè w pa oblije. Anpil moun ki kalifye pou kredi ranbousab rate ranbousman paske yo pa ranpli.

Gade si w kalifye pou kredi enpo ranbousab sa yo.

Kredi Enpo pou Revni ou Touche (EITC)

Pou kalifye, ou dwe gen mwens pase $11 000 nan revni envestisman epi touche mwens pase yon nivo revni espesifik nan travay. Nivo revni an varye ant: $17 640 si w se yon selibatè ki pa gen timoun jiska $63 398 si w marye epi w gen 3 timoun oswa plis. Jwenn plis enfòmasyon sou Kredi Enpo pou Revni ou Touche.

Reponn kèk kesyon pou wè si w kalifye pou EITC

Kredi Enpo pou Timoun (ranbousab an pati)

Si w gen yon timoun, ou ka kalifye pou Kredi Enpo pou Timoun. Pou ane 2023 a, kredi a se jiska $2 000 pou chak timoun ki kalifye. Pou w kalifye, yon timoun dwe:

  • Gen yon nimewo Sekirite Sosyal
  • Gen mwens pase 17 an nan fen ane 2023 a
  • Rapòte kòm depandan sou deklarasyon enpo w

Yon pòsyon nan Kredi Enpo pou Timoun ki ranbousab pou 2023. Yo rele pòsyon sa a Kredi Adisyonèl Enpo pou Timoun (ACTC) (an anglè). Pou ane 2023 a, jiska $1 600 ka ranbousab pou chak timoun.

Jwen plis enfòmasyon konsènan Kredi Enpo pou Timoun

Kredi Enpo Opòtinite Ameriken (ranbousab an pati)

Si w te peye depans edikasyon ki kalifye pou yon etidyan kolèj ki kalifye, ou ka reklame yon kredi jiska $2 500 pa ane. Jiska $1 000 nan Kredi Enpo Opòtinite Ameriken an ranbousab.

Revni ou dwe $90 000 oswa mwens ($180 000 oswa mwens pou moun marye ki ranpli ansanm) pou reklame kredi a.

Jwenn detay sou Kredi Enpo Opòtinite Ameriken an (an anglè)

Kredi Enpo Prim

Si w achte asirans sante nan Mache Asirans Sante a epi w satisfè lòt kritè, ou ka kalifye pou w reklame Kredi Enpo Prim (an anglè). Se yon kredi ranbousab ki baze sou revni w ak pri plan swen sante ou a.

Ki gen rapò

Kredi ak dediksyon pou moun
Depandan (an anglè)