Nan seri sa yo: Fason pou ranpli enpo w: etap pa etapTcheke si w bezwen ranpliRasanble dokiman w yoJwenn kredi ak dediksyonDepoze deklarasyon w lanJwenn ranbousman wPeye enpo w yo a lèPare pou w ranpli enpo ane pwochen Depoze nan dat limit avril la Depoze deklarasyon enpo w nan dat limit la. Pou pifò moun ki ranpli, dat limit pou deklarasyon enpo 2023 a se Lendi 15 avril 2024 (17 avril 2024, si w abite nan Maine oswa Massachusetts). Si w se yon militè ki estasyone aletranje oswa nan yon zòn konba (an anglè) pandan sezon ranpli enpo a, ou ka gen plis tan. Si w bezwen plis tan, ou dwe mande yon pwolongasyon nan dat limit mwa avril pou ranpli a. Si w ranli pi ta sa ka ajoute enterè ak penalite. Si w ranpli pou mande pwolongasyon tan, ou dwe toujou peye enpo ou dwe a nan dat limit la. Si w peye pi ta sa ap ajoute enterè ak penalite. Si w pa kapab peye, chèche jwenn èd pou dèt enpo. Jwenn dènye chanjman enpo yo (an anglè). Chwazi yon fason pou ranpli Depoze elektwonikman (e-filing) ba w ranbousman pi vit. Gade Sis Rezon Ki fè W Dwe Ranpli Enpo W Yo Elektwonikman (an anglè). Ranpi dirèkteman, gratis avèk pa mwayen pwogram Depoze Dirèk la Si w ap viv nan yon eta pwogram pilòt la epi w ranpli lòt kondisyon, ou ka elijib pou ranpli deklarasyon elektwonikman (e-file), dirèkteman, gratis, avèk IRS pa mwayen pwogram pilòt Depoze Dirèk nou an. Tcheke si w elijib pou w Depoze Dirèk (an anglè) Ranpli avèk yon patnè IRS Ranpli Gratis Si revni brit ajiste w la se $79 000 oswa mwens, ou ka ranpli elektwonikman ak Depoze Gratis IRS. Si revni w pi wo, ou ka itilize Fòmilè Moun ka Ranpli Gratis yo. Jwenn opsyon Depoze Gratis IRS yo Èd enpo gratis nan men volontè IRS-sètifye Jwenn èd gratis pou prepare enpo si nenpòt nan kondisyon sa yo aplike avè w: Touche $64 000 oswa mwens Gen yon andikap Bezwen sipò lang Gen 60 an oswa plis Vizite yon Sant Asistans Kontribyab IRS Kontakte nou Lojisyèl preparasyon enpo Sèvi ak yon lojisyèl preparasyon enpo sou entènèt ou chwazi pou ranpli enpo w elektwonikman oswa sou papye. Pwofesyonèl enpo Chwazi yon pwofesyonèl enpo IRS-apwouve (an anglè). Fòm sou papye Ou ka ranpli fòm ki sou papye yo epi poste yo voye bay IRS. Si w gen salè, ranpli Fòm 1040, Deklarasyon Endividyèl Enpo sou Revni Etazini. Se w se yon granmoun aje, ou ka ranpli 1040-SR (an anglè). Si w gen yon biznis oswa lòt revni, ranpli Fòm 1040 avèk yon Barèm C. Jwenn fòm ki bon pou ou a (an anglè) Si w bezwen plis tan pou w ranpli oswa pou w peye Si w se yon manm militè ki estasyone aletranje oswa si w nan yon zòn konba (an anglè) panda sezo ranpli enpo a, ou ka gen plis tan. Si w bezwen plis tan, ou dwe mande yon pwolongasyon anvan dat limit pou ranpli nan mwa avril la. Ranpli pita ka ajoute penalite. Si w ranpli yon pwolongasyon, ou dwe toujou peye enpo w dwe yo nan dat limit la. Peye pita ajoute enterè ak penalite. Si w pa kapab peye, jwenn èd pou dèt enpo. Chanjman enpo pou ane sa a Jwenn dènye chanjman enpo yo (an anglè) Ekri nimewo sa yo Lè w ranpli deklarasyon w lan, ekri nimewo sa yo pou w ka tcheke ranbousman w lan, fè yon dosye elektwonik pou ane pwochèn oswa jwenn enfòmasyon enpo pandan ane a: Montan egzak ranbousman w lan Revni brit ajiste w la Ou ka jwenn nimewo sa yo tou apre nou fin trete deklarasyon w lan nan kont sou entènèt ou a. Ranpli pou ane anvan yo Si w pa t ranpli deklarasyon enpo pou yon ane pase, ou ka ranpli yon deklarasyon enpo pou nenpòt ane anvan (an anglè). Jwenn kredi ak dediksyon w yo Jwenn ranbousman w lan Evite fwòd Jwenn èd pou evite vòl idantite ak fwòd.Gid pou kontribyab pou vòl idantiteAnak fiskal/Alèt pou Konsomatè yoSekirite Sosyal: Prevansyon ak Rapòte Fwòd (an anglè)Pwoteje Tèt Ou kont Magouy Sekirite Sosyal (an anglè)