Si w bezwen plis tan pou w ranpli enpo w, ou ka mande yon pwolongasyon jiska 15 oktòb. Ou dwe ranpli demann ou an nan dat limit mwa avril pou ranpli enpo a pou w ka jwenn pwolongasyon an. Asire w ou peye nenpòt enpo ou dwe nan dat limit mwa avril pou depo a. Pwolongasyon an se sèlman pou ranpli deklarasyon w lan.

Pwolongasyon otomatik

Ou ka kalifye pou yon pwolongasyon otomatik pou ranpli enpo w si ou:

Jwenn yon pwolongasyon

Gen 3 fason pou rive jiska 15 oktòb pou w ranpli deklarasyon enpo w.

Peye sou entènèt epi tcheke bwat la

Peye sa ou dwe lè w sèvi avèk yon opsyon peman sou entènèt epi tcheke kare w ap peye a kòm si w ap ranpli pou yon pwolongasyon. Ou pa oblije ranpli yon fòm pwolongasyon apa, w ap resevwa yon nimewo konfimasyon pwolongasyon pou dosye w.

Itilize Deklare Gratis (pa gen pyès limit revni pou pwolongasyon)

Itilize sèvis Deklare Gratis IRS la pou mande elektwonikman yon pwolongasyon otomatik pou w ranpli enpo w. 

Mande yon pwolongasyon pa lapòs

1. Ranpli Fòm 4868, Aplikasyon Pwolongasyon Otomatik Tan Pou Ranpli Deklarasyon Enpo sou Revni Endividyèl Etazini. Ou ka ranpli pa mwayen lapòs, sou entènèt ak yon patnè depo elektwonik IRS oswa pa mwayen yon pwofesyonèl enpo.
2. Estime konbyen enpo ou dwe pou ane a sou fòm pwolongasyon an : Retire ladan l enpo ou te deja peye yo pou ane w ap ranpli a.

Ki gen rapò

Jwenn plis enfòmasyon konsènan pwolongasyon pou:

Biznis ak sosyete
Fòm 7004, Aplikasyon Pwolongasyon Otomatik nan Tan pou Ranpli Sèten Deklarasyon Revni Enpo Biznis, Enfòmasyon, ak Lòt Kalite
Fòm 1138, Pwolongasyon Tan pou Peye Enpo yon Sosyete ki Espere l Gen yon Pèt Fonksyonman pou l Ramne

Sitwayen Ameriken oswa rezidan etranje k ap viv deyò Etazini
Fòm 2350, Aplikasyon Pwolongasyon Tan pou Deklare Enpo sou Revni Etazini (Pou sitwayen Ameriken ak Rezidan Etranje k ap viv aletranje Ki Swete Kalifye pou Yon Tretman Fiskal Espesyal)

Òganizasyon ki egzante
Fòm 8868, Aplikasyon Pwolongasyon Tan pou yon Òganizasyon ki Egzante Ranpli yon Deklarasyon 

Plan retrèt
Fòm 5558, Aplikasyon Pwolongasyon Tan pou Ranpli Sèten Deklarasyon Plan pou Anplwaye

Byen
Fòm 4768, Aplikasyon Pwolongasyon Tan pou Ranpli yon Deklarasyon ak / oswa Peye Enpo Byen U.S. (ak Enpo Transfè ant Plizyè Jenerasyon)
Fòm 8892, Aplikasyon Pwolongasyon Otomatik Tan pou Ranpli Fòm 709 ak / oswa Peye Enpo sou Kado / Enpo sou Transfè ant Plizyè Jenerasyon

Kontribyab k ap depoze enfòmasyon yo
Fòm 8809, Aplikasyon Pwolongasyon Tan pou Ranpli Deklarasyon Enfòmasyon