Peye enpo w yo a lè

Nan seri sa yo:

Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen


Lè w dwe enpo

Chak ane, ou dwe enpo nan dat limit pou ranpli a menm si w jwenn yon pwolongasyon tan pou ranpli. Dat limit pou ranpli deklarasyon enpo 2023 a se 15 avril 2024.

Si w gen revni travay endepandan oswa lòt revni ki pa gen enpo prelve, ou ka bezwen fè peman enpo chak trimès.

Fè yon peman 

Fè yon peman enpo nenpòt lè sou entènèt, nan kont labank ou, ak yon kat oswa pa lapòs. Si w pa kapab peye, jwenn èd ak dèt enpo.

Si w ranpli elektwonikman, lojisyèl enpo w la pral jeneralman ba ou opsyon peman yo.

Mande yon plan peman 

Si ou pa kapab peye nan dat limit la, mande yon plan peman. Nou ankouraje w pou w peye enpo w an antye paske penalite ak enterè yo ap kontinye ogmante jiskaske w peye tout balans lan. Jwenn plis enfòmasyon sou èd IRS bay ak dèt enpo.

Peye lè w touche 

Ou dwe peye enpo lè w touche revni pandan ane a. Ou ka peye lè w fè patwon w lan prelve enpo sou chèk ou a oswa lè w fè peman yo estime.

Pou asire w ou peye ase kòb pandan ane a, itilize Estimatè Prelèvman Enpo a.

Fason pou peye enpo (an anglè).