Rasanble dokiman w yo

Nan seri sa yo:

Fason pou ranpli enpo w: etap pa etap
Tcheke si w bezwen ranpli
Rasanble dokiman w yo
Jwenn kredi ak dediksyon
Depoze deklarasyon w lan
Jwenn ranbousman w
Peye enpo w yo a lè
Pare pou w ranpli enpo ane pwochen


Kisa w ap bezwen

Kenbe dokiman ak fòm enpo ou bezwen pou ranpli enpo w yo yon sèl kote. Konsa, ou ka prepare yon deklarasyon ki kòrèk, reklame dediksyon oswa kredi epi evite erè ki ta ka retade ranbousman w.

Enfòmasyon pèsonèl

Dokiman revni

  • Souch chèk 
  • Deklarasyon bank yo, aplikasyon pou peman oswa mache sou entènèt 
  • Chèk yo peye w 
  • Dosye tranzaksyon byen dijital yo 
  • Konpansasyon chomaj  

Fòm W-2, 1099 oswa lòt fòm enfòmasyon

Moun oswa òganizasyon ki te peye w pandan ane a oblije rapòte peman yo bay IRS sou yon deklarasyon enfòmasyon. Yo dwe voye fòm sa yo bay IRS epi voye yon kopi ba ou. Ou ta dwe jwenn yo elektwonikman oswa pa lapòs nan mwa janvye oswa fevriye.

Fòm sa yo rapòte revni ou te resevwa pandan ane a:

Fòm sa yo rapòte revni ou te resevwa pandan ane a. Sa ki pi komen yo se:

Dokiman pou kredi oswa dediksyon

  • Depans pou gadri oswa pou depandan 
  • Dosye ipotèk ak enpo sou pwopriyete 
  • Donasyon pou charite 
  • Kont epay sante oswa kontribisyon kont depans fleksib 
  • Depans swen sante 
  • Kontribisyon pou retrèt 
  • Si w se yon elèv oswa yon pwofesè, resi pou liv, ekolaj ak lòt depans edikasyon

Dokiman ki soti nan lòt travay ak travay endepandan

  • Deklarasyon bank yo, aplikasyon peman, antite ki trete peman kat yo oswa mache sou entènèt
  • Chèk yo te peye w 
  • Resi ak dosye mileyaj pou depans vwayaj, kado ak machin (an anglè)
  • Dosye depans biwo a ki dediktib yo 
  • Peman enpo estime yo 
  • Lòt dosye revni ak depans biznis 

Jwenn plis dosye travay endepandan ou ta dwe konsève (an anglè)