Si w pa resevwa yon W-2 oswa W-2 w la pa bon

Anplwayè w la oblije ba w yon Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo. Dosye sa a montre revni ou ak enpo w yo te prelve.

Men sa pou w fè si w pa resevwa youn oswa si enfòmasyon ki ladan l lan pa kòrèk.

Si w pa resevwa yon W-2 nan espas fen mwa janvye a 

Kontakte anplwayè w la pou w konfime lè fòm lan ap vini.

Si w pa resevwa yon W-2 nan espas fen mwa fevriye a 

Si w te kontakte anplwayè w la epi w toujou pa gen W-2 w la, rele nou nan 800-829-1040.

Prepare enfòmasyon w pou nou ka ede w:

  • Non, adrès ak nimewo telefòn
  • Nimewo Sekirite Sosyal oswa ID endividyèl enpo
  • Dat ou te travay pou patwon an
  • Non, adrès ak nimewo telefòn patwon an

N ap kontakte patwon w lan epi n ap mande l W-2 ki manke a.

N ap voye pou ou yon kopi Fòm 4852, Ranplasan pou Fòm W-2, Deklarasyon Salè ak Enpo. Ou ka sèvi avè l pou ranpli deklarasyon enpo w san W-2 a.

Si w pa resevwa yon W-2 alè pou w ranpli enpo w 

Sèvi ak souch chèk ou pou estime salè w. Apre sa a, ranpli Fòm 4852 epi tache li nan deklarasyon enpo w la.

Si W-2 la pa kòrèk 

Mande patwon w lan pou l korije erè a. Si patwon w lan pa korije li nan fen mwa fevriye, ou ta dwe swa:

N ap voye yon lèt bay patwon w pou mande l ba w yon W-2 korije nan 10 jou.

N ap voye ba ou tou enstriksyon pou Fòm 4852, Ranplasan pou Fòm W-2. Ou ka sèvi ak li pou estime salè w.

Si w te deklare enpo w avèk enfòmasyon W-2 ki pa kòrèk

Ranpli yon deklarasyon modifye ak enfòmasyon ki kòrèk la.

Ki gen rapò