Anrejistre konsesyonè w la pou pèmèt moun k ap achte machin pwòp yo jwenn kredi

Konsesyonè ak vandè machin pwòp yo dwe itilize zouti sou entènèt sa a pou anrejistre avèk IRS epi soumèt rapò sou tan lavant yo. Konsesyonè ki gen lisans yo ka anrejistre tou pou resevwa peman davans pou konpanse kantite kredi enpo ki te aplike nan pri acha yon kliyan.

Tout rapò tan-lavant pou machin yo mete an sèvis an 2024 ak pita yo dwe soumèt atravè zouti sa a.

Tanpri tcheke enfòmasyon sou mizajou kap vini yo konsènan zouti a.

Itilizatè pou premye fwa

Anrejistre biznis ou (an anglè)

Yon fwa ou rive nan Pòtal Kredi Enèji sou Entènet la, w ap wè plizyè opsyon. Klike sou lyen Konsesyonè ak Vandè Veyikil la.

Itilizatè ki retounen yo

Aksede enfòmasyon biznis ou anrejistre (an anglè)

Yon fwa ou rive nan Pòtal Kredi Enèji sou Entènèt, ou pral wè plizyè opsyon. Klike sou lyen Konsesyonè ak Vandè Veyikil la.

Sa w ap bezwen

IRS itilize ID.me, yon founisè teknoloji, k ap bay sèvis verifikasyon idantite ak enskripsyon.

  • Si w gen yon kont ID.me, konekte ak kont ou ki egziste deja.
  • Si w se yon nouvo itilizatè, gen foto idantifikasyon ou pare. Verifye idantite pèsonèl ou - pa enfòmasyon biznis ou a - ak ID.me.

Yon fwa w konekte, swiv enstriksyon yo pou anrejistre biznis ou a. Ou pral bezwen yon reprezantan ou otorize nan biznis la ansanm avèk enfòmasyon sa yo:

  • Nimewo idantifikasyon anplwayè biznis ou a (EIN)
  • Non ak adrès biznis la
  • Si w se yon konsesyonè ki gen lisans k ap resevwa peman davans, nimewo lisans konsesyonè w la, routage bank ak nimewo kont.

Ou pral sèvi ak aplikasyon pou kont enpo biznis la pou konplete enskripsyon sa a. Gade pi ba a pou yon gid detaye pou itilizatè ak lòt enfòmasyon ki ka ede w atravè pwosesis sa a.

Ki moun ki ka sèvi ak sa a

Konsesyonè ak vandè machin pwòp (an anglè) yo dwe itilize zouti sou entènèt sa a pou anrejistre ak rapòte lavant veyikil pwòp ki fèt nan dat 1ye Janvye 2024 oswa apre. Sa gen ladann l manifaktirè ki vann dirèkteman bay kliyan yo.

Yon fwa yo anrejistre, konsesyonè ak vandè yo dwe itilize zouti sa a pou bay IRS enfòmasyon obligatwa pou machin sa yo ka elijib pou yon kredi anba IRC 30D (ak pou achtè yo resevwa kredi).

Yon konsesyonè ki gen lisans pral kapab resevwa peman davans 15 jou apre enskripsyon an.

Aksè zouti sa a pèmèt ou:

  • Enskri konsesyonè a
  • Revize detay enskripsyon an
  • Mete ajou enfòmasyon biznis yo
  • Konsesyonè ki gen lisans sèlman: Deziyen anplwaye òganizasyon w otorize pou jwenn aksè nan zouti sa a
  • Konsesyonè ki gen lisans sèlman: Enskri pou resevwa kredi transfere nan men kliyan ou yo ak peman davans nan men IRS.
    • Ou ka enskri kounye a, men transfè yo pap kòmanse jiska 1ye Janvye 2024
  • Soumèt rapò tan-lavant pou machin nouvo yo
  • Konsesyonè ki gen lisans sèlman: Soumèt rapò tan-lavant pou machin dezyèm men yo
  • Revize rapò soumèt sou tan-lavant yo

Ki gen rapò

Resous